Manman ak papa kè kontan ki ap pale ak timoun yo.

Monkey Business/stock.adobe.com

Pale ak Timoun Yo ak Entèlijans!

Ankouraje alfabetizasyon ak vokabilè
Ankouraje alfabetizasyon ak vokabilè 

Èske ou te konnen ke yon senp konvèsasyon avèk pitit se yon faktè enfliyansab ki ka ede yo amelyore langaj yo? Dapre yon etid ke University of California, Los Angeles, yon konvèsasyon ant paran ak pitit, nan laj 4 lane, bay rezilta ki sis fwa pi wo ke si paran yo te jis pale tou senpleman ak pitit yo. Se menm jan pou lekti. San patisipasyon yon timoun, lè se paran sèlman ki ap pale rezilta yo pi fèb nan devlopman langaj.

Kòmanse bone. Ekspè yo dakò: Kominikasyon ak pitit ou paka kòmanse pi bonè. “Nou dwe kòmanse pale pi bone posib ak timoun yo – depi lè yon an vant manman,” se sa espesyalis Melissa Baralt di, li se pwofesè nan applied linguistics nan Florida International University’s Center for Children and Families. “Katreven pousan sèvo a déjà devlope nan laj 3 zan, li poko menm pare pou lekòl, pwofesè ki ansent pandan premye mwa enpòtan sa yo. Yo se premye ak pi bon pwofesè ti bebe sa yo – paran yo.”

Yon lòt faktè se ekonomik – rechèch montre depi nan laj 3 zan, timoun ki gen paran ki pa gen anpil kò, yo ka jwenn petèt, yon mwayèn 30 milyon mo pi piti ke fanmi ki gen mwayen yo. "Sa nou wè nan rechèch la se ke timoun ki gentan yon anviwonman langaj pòv gen plis difikilte pou yo pwononse mo," se sa Baralt di. "Chanjman ki ta dwe aprann li ki tounen li pou aprann la li pi dififil pou yo. Se poutèt sa anviwonman pozitif langaj bonè – tankou pale ak pitit ou – enpòtan anpil pou alfabetizasyon timon yo."

Nan yon efò pou fè baryè sa baralt kreye yon aplikasyon ki deja pran trofe ki rele Háblame Bebé, li fèt pou ede nan devlopman langaj epi nouri bileng pami timoun ispanik yo. Ankouraje paran ak moun k'ap bay swen yo pou pale ak pitit yo nan lang matènèl yo pou entwodwi timoun lan nan lang paske paran yo pi alèz nan lang pa yo, se Baralt eksplike, epi sa entwodwi fakilte beleng bonè.

Pale san rete. Baralt sigjere poze ti bebe yo kestyon, eksplike sa k'ap pase a pandan ou jwenn atansyon yo, epi itilize yon langaj melanje ak jès pou yo ka aprann plis pandan konvèsasyon an. "Eksplike sa w'ap fè a, sa ou wè a... pale totu tan ou kapab ak ti bebe a! Epi ankouraje yo pale ak ou tou," li ensiste pou li di. ''Se pale ale-vini an ki pra'l fè diferans lan. Ti bebe yo gen don pou konn fè sa avèk son men lè yo poko kapab pale."

Baralt konseye tou pou pale nan lang ke pi alèz pou ou a. "Si ou itilize lang matènèl ou, w'ap ankouraje bileng kay timoun lan, donk se youn nan pi bèl kado ke ou te ka bay pitit ou," li di.

Mete ou nan nivo yo. Pandan kalite ak kantite mo ou yo konte, se pa sèlman "pale pou pale." Ki jan ou reyaji ak pitit lè w'ap fè dyalòg ak li fè yon gwo diferans nan aptitid yo pou langaj.

Rete nan men nivo ak yo – fasafas – epi rete je nan je montre yo ke yo genyen tout atansyon ou epi ou enterese, ki ap bay pawòl ou plis pwa. Se sa espesyalis Dana Suskind di, li se pedyat otonlarengolojis epi otè liv Thirty Million Words: Building a Child’s Brain, ke yo rele tou "tuning in" – paske se pandan atansyon mityèl ant ou menm ak ti bebe ou ke yo aprann pi byen.

Epi nòmalman, itilize anpil liv. "Mwen rekòmande pou fè lekti avan y'al kouche kòm yon bon abitid," se sa Baralt di. Abitid fè chak jou a ap benefisye ni ou ni li pandan ou pra'l kontan wè jan li ap aprann nouvo mo – epi dekouvri lavi a.