Paran k’ap jwe jwèt videyo ak piti fi.

Mediteraneo/stock.adobe.com

Pa Anpeche Jwèt Fortnite la, Itilize’l Pito

Ofri plis posibilite bay timoun yo kòm aktivite pou ete a lè ou itilize jwèt videyo popilè yo
Ofri plis posibilite bay timoun yo kòm aktivite pou ete a lè ou itilize jwèt videyo popilè yo 

Kounye’a, se sèlman si ou pa fò ditou nan jwèt Fortnite la, ou se yon amatè, oswa yon dibitan (se konsa jwè jwèt videyo popilè yo rele moun ki pa konn jwe yo), anpil paran konnen kòman jwèt sa yo pran atansyon tout timoun yo. Yo ka pase anpil tan devan monitè jwèt sa yo pandan ete a, alòs retire yo sou divan, lwen konsòl jwèt sa yo pou y’al fè aktivite ki pi pwodiktif pa fasil.

“Timoun aprann pandan y’ap jwe. Yo ka aprann pandan y’ap jwe jwèt videyo yo tou, men gen kèk jwèt ki pote plis adiksyon sa ka pi difisil avèk yo,” se sa Chèf Direktè Pwogram Bevone Ritche The Children’s Trust la di. “Li pi bon pou eseye balanse (jwe jwèt videyo yo) ak lòt aktivite epi itilize kote pozitif la.”

Olye pou n’ap batay ak timoun yo pou yo sispann jwe Fortnite, li ta pi bon, pou paran yo ta itilize jwèt la pou ede yo eksprime kreyativite yo, lojik ak kapasite fizik yo. Men 5 fason ou ka itilize Fortnite ansanm ak lòt jwèt videyo pou ou ka ankouraje pitit ou reflechi oswa fè yon bagay ki pi pozitif.

Itilize Dans Fortnite yo pou Aprann Timoun yo Konprann Ritm. Ou deja wè pitit ou ki ap danse dans ki rele “Floss,” “Best Mates” oswa “Take the L” sa se kèk dans nan videyo yo. Pwofite òganize konkou dans Fortnite epi sa ap tou ankouraje yo boule kalori tou.

Ou Bouke ak Video Game yo, Eseye “Board Game” yo. Pase yon sware ap jwe jwèt “board game” yo ak fanmi an se deja yon rapwochman pou fanmi sa yo. Alòs Fortnite Monopoly ak lòt edisyon jwèt “board game” gen anpil siksè epi anpil chans pou tout moun amize yo.

Chwazi yon Bon Abiyaj nan Jwèt la. Pou sila ki pa abitye yo, yon “abiyaj” ke yo rele “skin” nan lanj anglè nan jwèt Fortnite la se karaktè oswa abiman jwè yo. Li posib ke pitit ou deja mande’w achete plizyè abiyaj deja, epi ou wè kòb la ap monte. Itilize okazyon an pou mande pitit ou pou’l desine abiyaj ke li ta renmen genyen an oswa karaktè li ta renmen ye a nan jwèt la epi gade yo ki ap itilize talan yo pou kreye olye pou y’ap detwi.

Bay non Avanti Fortnite kòm Tèm Fèt yo. Sa ka rive nenpòt moman ke yo envite pitit ou nan yon fèt Fortnite, si li poko pare. Olye pou kite yo chita youn sou lòt sou sofa, ankouraje yo al jwe ak jwèt zam dlo aktivite ki sanble ak jwèt videyo yo a.

Eksplwate Fortnite la. Youn nan kote ki pa eksplwate nan jwèt videyo tankou Fortnite ak Minecraft se aspè kote li ankouraje estrikti. Imajine ke nou ta fè yo kreye menm estrikti sa yo nan nan vi yo? Mennen yo al achte sa yo bezwen nan yon depo materyèl oswa itilize sa yo gen lakay deja epi ou ka fè yo pase anpil tan kote y’ap itilize entelijans yo pou reyalize sa yo vle a.