Yon gwoup divès moun reyini ansanm pou resansman 2020 la.

Photo Courtesy of Miami-Dade County

Ou pare, Ann ale, Resansman an sou nou!

Pa gen danje ladan. Se yon bagay ki fasil. Se yon bagay ki enpòtan.
Pa gen danje ladan. Se yon bagay ki fasil. Se yon bagay ki enpòtan.  

Sèl si w te kache anba yon gwo wòch, pou w pa ta konnen 2020 se ane pou fè resansman nan peyi Etazini. Lè n reflechi tout bon vre, moun ki kache lakòz gwo poblèm nan kesyon resansman an. Gen anpil moun ki fè erè lè yo panse resansman an ak moun k ap travay pou fè resansman yo se enfòmasyon yo vin pran nan men moun pou sèvi kont yo oswa kont fanmi yo. Pawòl sa yo se pa vre ditou, yo fè resansman an pou yo kab konn egzakteman ki valè moun ki rete nan peyi sa a kon sa y ap kab ba yo sèvis ki nesesè, y ap kab bati ase wout, epi y ap kab konn ki valè moun ki kab reprezante tèl zòn. 

Si gouvènman an pa konn egzakteman ki valè moun ki rete nan peyi a, sa ap difisil pou gouvènman Federal la, gouvènman nan Eta a, reprezantan nan rejyon yo epi nan vil yo pou yo met sèvis ou merite a dispozisyon ou. Yo itilize valè moun yo konte nan zòn kote w rete a pou kalkile tout bagay, sa pèmèt yo kalkile ki valè moun ki pral reprezante zòn ou an nan kongrè, ki valè magazen, ki valè bank, ki valè boutik ak lòt kalite biznis k ap vin nan zòn kote w rete a. 

Resansman an va ede leta bati yon pi bèl avni pou tout moun 

Ou kab poze tèt ou kesyon, èske resansman an ap pote kichòy pou mwen oswa pou fanmi mwen? Dapre kalkil Biwo Resansman nan peyi Etazini fè, zòn kote ou rete a gen dwa pèdi $1445 pa ane pou chak moun yo pa konte nan resansman an. Sa vle di yon fanmi ki gen 3 timoun – timoun piti anpil fwa se gwoup sa yo pi pa konte – sa kab reprezante prèske $6000 ki pap vin jwenn Florida ak Miami-Dade County.  Bon kounye a, miltipliye montan sa pa plizyè mil moun paske se sa k te rive dènye fwa yo te fè resansman an, an 2010, sa kab reprezante yon gran pèt. 

Lè yo pa konte tout moun sa kab fè yon efè negatif, men lè yo konte tout moun sa byen bon pou zòn kote w rete a. Sa asire gen ase lekòl nan zòn nan, sa asire tou gen ase biwo ponpye nan zòn nan epi sa fè yo mete valè wout, valè plas piblik valè lopital ki nesesè nan zòn kote w rete a.

Valè moun yo konte nan resansman an ede leta kalkile valè lajan ki nesesè pou kore edikasyon, swen sante, kay pou moun rete, wout, plas piblik, lekòl ak lòt pwogram enpòtan tankou Mediked, SNAP, Head Start ak lòt sèvis.  An reyalite, sa kab reprezante prèske $45 milya finansman pou tout Eta Florid la.
 

Sa fasil, Pa gen danje nan sa epi se yon bagay ki konfidansyèl

Sa si tèlman enpòtan pou yo konte tout moun kit timoun, kit granmoun, biwo resansman an rann sa fasil pou konte tout moun. Gen plizyè fason pou moun pran pa nan resansman an, moun kab pran pa nan resansman an sou entènèt, pa telefòn, (swa nan yon apèl oswa sou yon esmatfòn), pa lapòs, oubyen an pèsòn lè w al vizite biwo piblik ki nan lapòs yo, nan bibliyotèk yo oswa nan sant kominotè yo. Resansman an disponib an 13 lang, swa sou entènèt swa pa telefòn, gen aplikasyon ki disponib ann Angle epi an Panyòl, epi gen gid ki disponib nan 59 lòt lang. 

script async src="https://platform.twitter.com/widgets.js" charset="utf-8">

Nonsèlman resansman an fasil, ou pa bezwen pè bay enfòmasyon ou paske dapre lalwa Anplwaye Biwo Resansman yo dwe pwoteje enfòmasyon yo ranmase. Te gen kèk enkyetid konsènan yon kesyon sou sitwayènte ki te gen pou parèt nan resansman 2020 an, kesyon sa pap parèt nan resansman sa a ane sa a. An reyalite, Biwo Resansman an pa gen dwa distribiye okenn enfòmasyon ki idantifye tèl moun, oswa moun ki rete nan tèl kay, oswa moun ki nan tèl biznis bay oken gwoup lapolis, bay ajans federal epi menm Prezidan an yo pa gen dwa bay enfòmasyon sa yo.  

Gid itil ki bay enfòmasyon sou resansman Etazini

Kesyon Ak Repons

Ki sa ki resansman an?
Resansman an se yon sistèm ki aplike chak 10 zan, pou konte chak moun k ap viv nan Etazini, swivan lalwa Konstitisyon Ameriken an.

Poukisa li enpòtan?
Resansman an bay enfòmasyon pou lejislatè yo, pwopriyetè biznis, pwofesè yo ak lòt moun ki bay sèvis, pwodwi, ak sipò chak jou pou ou ak kominote w. Yo itilize rezilta yo pou detèmine konbyen plas chak eta pral genyen nan Chanm Reprezantan Etazini an epi pou trase distrik kongrè ak distrik lejislatif chak eta yo.

Kijan ou patisipe nan resansman an?Sou entènèt, pa telefòn oswa atravè lapòs la. Ou ka ale tou nan kote tankou biwo lapòs, bibliyotèk oswa sant kominotè ki gen yon kyòs resansman

Dat Enpòtan 

Aktivite Resansman 2020 deja kòmanse, men gen kèk dat enpòtan kap vini la ak pou tout rès ane a.

12 a 20 Mas: Tout kay pral resevwa lèt ofisyèl resansman an ak enfòmasyon sou ki jan pou yo reponn sou entènèt, pa telefòn oswa nan lapòs.

30 Mas a 1er Avril: Pou twa jou sa yo, se pou konte manm popilasyon an ki san kay ki nan sant refig, nan kwizin popilè, nan lari yo e nan kan ak tant yo, pami lòt kote.

1er Avril: Se “Jou Resansman” ke tout peyi a selebre. Nan jou sa a, chak kay ta dwe resevwa yon envitasyon pou patisipe.  

Avril: Pou fè sondaj, travayè resansman yo pral vizite elèv kolèj nan lakou lekòl la, sant granmoun aje yo ak lòt moun ki ap viv nan mitan gwo gwoup.

Me a Jiyè: Trvayè resansman yo pral vizite kay ki pa reponn.

Desanm: Biwo Resansman Federal la pral delivre done yo bay Prezidan an ak Kongrè. 
 

Òganizasyon ak Resous

United States Census 2020: Paj ofisyèl gouvènman Etazini pou tout bagay sou resansman Etazini an. Li disponib nan 59 lang.

Miami-Dade Counts: (Miami Dade ap Konte): Yon efò kolaboratè Finansyè lokal ak nasyonal ki bay lajan pou ede asire ke yo konte tout moun nan Miami-Dade.

Paj Dakey The Miami-Dade County 2020 Census