Ti gason al ashte soulye

bst2012/iStock/Thinkstock

Negosye ak Entelijans

Fè lajan'w grandi!
Fè lajan'w grandi! 

Poukisa ou ta dwe pran tan pou ap diskite pou ka jwenn pi bon afè pou nouvo frijidè sa? Paske anpil bagay depann sou sa, se sa Ellie Kay di, li se otè liv The 60-Minute Financial Workout. Nan ekonomi jodi’a, pèsòn ka ap jete lajan, espesyalman paran ki gen timoun ki ap grandi yo epi ki ap gen plis depans yo. "Peye mwens lè w'ap achte ba’w plis lajan pou ka peye lòt bagay tankou kat kredi. Sere lajan pou lè ou pran retrèt epi bay peye inivèsite pou timoun ou yo," se sa li di. Epi dapre Dave Ramsey, otè liv The Total Money Makeover, negosyè ki gen konfyans nan yo kapab jwenn rabè sou prèske tout bagay – menm sou livrezonpitza! Soti nan ranje machin pou rive nan tostè fou ak rad epi makèt, ou ka achte sa'w bezwen epi ekonomize anpil lajan pandan w'ap fè sa, si ou vle negosye. Sere teknik sa yo nan pòch ou, epi ou p'ap janm lwen pwochen bon afè ou a.

Konsantre lespri a sou objektif la. Dabò, retire lide ke sa'w pral fè a lèd. Moun nantout mond lan ap itilize teknik negosiyasyon chak jou san yo pa ezite. Li nòmal ke ou pè, se sa Kay di, men pa kite santiman sa bloke'w. "Sa ka parèt dwòl anvan, men souvan se yon perèz ki pa baze sou anyen," se sa li di. "Sonje, sa se yon bagay ke w’ap fè pou amelyore lavni fanmi’w." Reflechi konsa epi w'ap gen plis konfyans nan tèt ou.

Byen prepare'w. Rive tou pare. Kantite enfòmasyon ki disponib sou entènèt kounye’a rann li pi fasil pou jwenn tout detay sou nenpòt pwodwi ke'w pra'l achte a. Vini tou pare avèk yon minimòm konesans sou sa'w vle a oubezwen an pou ka byen negosye, ansanm ak opsyon tankou "dwe-genyen" epi "li-t'ap-bon-si'l-ta-genyen." Men pa fokis sou yon mak oubyen yon modèl egzak.

Kreye yon familyarite. Pale byen janti avèk vandè a pou negosiyasyon ka pi byen fèt. Felisite yo pou konesans yo nan domèn nan (san ou pa fè twòp). Tankou myèl fè ak siwomyèl, yon ti sik nan kòmansman ka pèmèt ou fè yon bèl afè pi devan.

Itilize pouvwa teknoloji. Kounye’a selilè, òdinatè, ak tablèt ofri yon pakèt posibilite pou fè acha nan pla men ou. Chèche tout pri konpetitè yo, sere yo sou selilè’w pou pote nan makèt la oubyen magazen an epi montre’l bay manadjè a. Aparèy ou ki ka al sou entènèt ap itil ou anpil pou negosiyasyon yo, alòs mache avè'l nan magazen yo pou ka montre vre pri konpetisyon yo.

Jwen yon defo. Yon ti kolboso (an espere ke li pa twò vizib), yon ti trou, yon ti tach sal... ti defo konsa souvan toujou bon pou negosiyasyon'w lan – espesyalman si'w konnen ke w'ap kapab ranje li apre. Tout siy domaj sa yo se bon rezon pou yo ba'w rabè paske yo pa kapab vann pwodwi sa kòm yon nouvo pwodwi, se sa Kay eksplike. Alòs obsève byen epi chèche yon pwodwi ki menm jan sa vle ki gen ti defo ki ap ka fasilite negosiyasyon'w lan.

Montre ke ou gen kach. Ramsey konseye pou "itilize pouvwa lajan kach." Prezans lajan kach la deklanche yon repons emosyonèl ki kapab itil anpil nan negosiyasyon, se sa li di. Li menm posib pou yo retire taks oubyen fè lòt rabè pou ou lè ou di yo ke ou gen kach ke ou vle depanse pou pwodwi a nan men ou, ansanm ak tout frè yo. Alòs montre yo lajan, epi gade yo ki paka tann pou lonje’l bayo.

Di mo magik yo. Ou fè djòb pa'w la, ou pote kach – kounye’akisa? Kòmanse pwosesis yo avèk senk mo senp, "Èske se pi bon pri'w?" Fraz sa mache avèk prèske tout vandè poutèt sa eksplike ke w'ap chèche bon afè epi balon a nan pye yo.

Si sa pa mache, kite sa. Toujou sonje ke ou gen pouvwa pou remete lajan ou nan pòch ou, tounen lakay ou epi chèche yon lòt bon afè. Genyen milyon magazen deyò a k’ap kontan jwenn kòb ou, alòs pa kouri dekouraje apre yon echèk. Kenbe yon bon atitid, epi di vandè a mèsi pou tan li si negosiyasyon pa mache.

Negosye ak senserite. Anvan tout bagay, kenbe entegrite ou pandan negosiyasyon an. Machande gen de bò, alòs bay verite aepi pare pou kenbe pwomès ou. Bay manti sou bidjè ou pa pra'l ede ou jwenn yon afè – w'ap ka jwenn li avèk entelijans negosiyasyon ou. Alòs amelyore abilite sa yo epi pare pou ranpòte viktwa avèk otorite, entegrite epi senserite. Bous ou ak fanmi'w ya di'w mèsi!