Yon ti gason ki fache.

WavebreakMediaMicro/stock.adobe.com

Move Zanmitay

Lè timoun fè move chwa chwazi
Lè timoun fè move chwa chwazi 

Kisa ou fè lè pitit gason’w oswa pitit fi’w fè zanmi ak yon moun ke ou panse ki gen move enfliyans? Dapre Barbara Polland, li se pwofesè nan domèn devlopman timoun nan California State University nan Northridge, li prèske inevitab, ke yon lè, pitit ou a byen ak yon moun ki pa gen menm prensip ak ou. 

“Timoun nan laj 8 pou rive 12 lane ape se vin pi endepandan epi ki pra’l gen yon ‘move’ bon zanmi pandan yo pra’l kòmanse vle dezète kay la,” se sa li di. Timoun ki gen tanperaman “disip” ki renmen swiv lòt gen plis risk paske y’ap plis dakò olye yo poze kestyon poukisa yon moun ap fè yon bagay ki pa bon.

Sepandan, jis paske pitit ou byen ak yon zanmi ki rebèl pa vle di ke yo pra’l tonbe nan pwoblèm, se sa li eksplike. Gen yon lè k’ap rive w’ap oblije fè jijman yo konfyans epi fè atansyon pou pa toufe yo. Plis ou montre ke ou gen konfyans nan jijman yo, gen plis chans ke yo fè sa ki bon an.

Anplis, Polland ajoute, poko anpeche zanmitay la. Zanmitay sa yo konn pa kenbe apre yon ti tan. Men konsèy li bay yo:

Konprann lanmitye a. “Souvan timoun chwazi zanmi ki menm jan ak yo, alòs lè ou wè lib yen ak yon moun ki pa menm jan ak li, se yon avètisman,” Polland di fè atansyon. Chèche konnen poukisa pitit ou a renmen zanmi sa yo. Petèt se yon atlèt ki popilè epi sa fè yo gen plis konfyans nan tèt yo.

Gen pi bon relasyon. Envite nouvo zanmi an lakay ou epi fè konvèsasyon ak li. W’ap aprann plis sou yo – ak konpòtman yo – epi w’ap kapab konprann pi byen, olye pou ap sipoze.

Chanje wòl yo. Mande yo pou yo mete yon an plas ou epi poze yo kestyon pandan w’ap pwofite pase mesaj ou yo. Egzanp, Polland di, “Ann di,’Si se ou ki te manman epi pitit fi yon zanmi’w te vle gade yon fim ki gen vye sèn ladan’l, kisa ou t’ap di li fè?’”

Ofri yon “solisyon.” Ede pitit ou evite sitiyasyon anbarasan di yo kisa pou yo di, tankou “Paran mwen p’ap kite’m fè sa,” sa konn delivre yo nan move sitiyasyon.

Pale ak paran yo. Pafwa li konn preferab ke wa’l pale dirèkteman ak paran zanmi sa. Doktè Michel Borba, li se sikològ edikasyon epi otè liv Building Moral Intelligence, li konseye ale dousman. Li rekòmande pou di yon bagay tankou “Pitit nou ap pale anpil youn ak lòt sèjousi alòs mwen te vle fè konesans ou. Nou genyen kèk règleman lakay nou ke mwen ta renmen ou ede’m ranfòse.” Ou pa oblije bon zanmi moun sa yo, men ou ta dwe eseye chèche konnen yo byen pou ka montre ke ou pare pou fè dialog.

Kanpe sa. Si lanmitye vreman vin toksik, ou dwe entèveni epi kanpe’l. Fè yon konvèsasyon kalm, onèt ak pitit ou eksplike li enkyetid ou, epi yo travèse move moman “separasyon” lanmitye a pandan w’ap ba’l sipò.