Yon papa ak granpapa lite pou kontwòl yon timoun.

Photo: fizkes/stock.adobe.com

Move Granpè Move Gramè!

Fason pou nou jere relasyon konplike ant granpè, granmè ak timoun ou yo
Fason pou nou jere relasyon konplike ant granpè, granmè ak timoun ou yo 

Y ap ofri pitit pitit yo yon twazyèm ti bonbon – kòm manje midi. Yo pa kite timoun yo pran ti repo yo abitye pran pandan jounen an. Granparan kapab itil anpil, se yon bon jan resous pou paran – men tou yo kab difisil pou jere! Si yo gen metòd pa yo pou yo elve timoun, y ap koupe zèb anba pye ou epi y ap manke w dega devan pitit ou, travay yo kòm granparan kapab tounen yon tèt chaje. Meyè sitiyasyon an, se lè yo gen kè sansib epi yo gen bon kè men si yo kòmanse depase limit yo, men 5 konsèy pou ede kalme nenpòt konfli.

Travay sou ti poblèm yo: Gen kèk konpòtman tankou adiksyon ki ba w rezon pou w koupe kontak ant granparan ak pitit pitit yo. Men lè yon granparan pase otorite paran anba pye, lè yo dekouraje lòt moun oswa yo pa okipe règleman paran, diskite enkyetid ou yo yon fason rezonab epi ak anpil respè anvan sitiyasyon an vin pi grav. Men sa Susan Adocox di nan verywellfamily.com “Meyè opsyon an se pou pale ak gran paran yo pou fè yo konnen limit yo epi ki jan yo dwe konpòte yo epi diskite poblèm yo kou yo prezante. Anpil mezantant nan fanmi se mank kominikasyon ki lakòz yo epi se lè youn fwase lòt. Rezoud ti mezantant nan fanmi an anvan yo rive twò lwen se sa ki kle nan kenbe bon jan relasyon epi pou nou toujou kenbe kontak.”

Di mèsi: Nan atik Heather Taylor ekri ki pote non angle “How to Handle Difficult Grandparents in 4 Easy Steps” (4 etap fasil sou jan pou nou jere granparan ki difisil) manmzèl detaye estrateji pou afime pou mande epi detaye fason pou rive jwenn yon antant ak granparan ki pa vle fè sa paran pitit pitit yo vle yo fè. Paregzanp, lè granmè vle leve tibebe a nan dòmi olye pou l kite tibebe a leve pou kont li, pou kòmanse montre jan ou apresye koutmen ou jwenn nan men granmè a pou w diminye mezantant lan.

Fè yo sonje: Apre sa esplike yo pou ki sa ou ta prefere tibebe a leve pou kont li pou l kab dòmi pandan tout nuit lan. Men “prepare yon konpwomi kòm bakòp” tankou pote timoun nan ale pi bonè pou l kab gen plis tan kouche sou bra yo anvan l pran ti repo. Met sou sa fè yo konnen jan wòl yo enpòtan epi pwochèn fwa fè yo sonje byen janti sa ou prefer, sa yo se sijesyon Taylor.

Kanpe sou desizyon ou pran: Si granparan yo pa respekte desizyon ou pran fè lide “chanje limit ou ba yo epi chanje plan ou te deja genyen yo, ajiste sa ou atann de yo epi chèche konnen kouman pou evite poblèm nan ankò.” Men toujou ret pozitif, lè w di pawòl tankou “Mwen ta renmen Tristan byen dòmi aswè a poutèt sa mwen pral soti avè li nan maten pou m al fèt tout ti komisyon mwen bezwen fè,” sa se pawòl Taylor. Oubyen eseye di “Mwen apresye jan sa konsène ou oubyen enkyetid ou. Mwen konfòtab ak sa m ap fè a,” sa se konsèy Debbie Pincus bay nan sit wèb sa a Empoweringparents.com. “Ou kapab di tou ‘Mwen apresye espètiz ou. Si m bezwen yon kout men m ap mande w sa kanmèm.’”

Ou kab envite yo vin avè w nan atelye paran oswa nan randevou kay pedyat. Ou kab envite yo tou nan atelye The Children’s Trust Parent Club fè pou paran, kon sa yo va konprann ou pi byen epi ou enkli yo tou nan aktivite w yo. “Fè yo konnen sa yo kab fè ak sa yo pa kab fè men chèche fason pou w montre yo ou respekte yo, ou onore yo, ou bezwen yo,” se sa Pincus ajoute.

Fè anpil efò: Taylor konseye tout moun reflechi “byen reflechi” anvan ou koupe kontak ak yon granparan paske sa difisil pou rekòmanse relasyon ou avè yo. “Yo pote yon sèten ‘sa se jenerasyon fanmi an epi mwen ladan’ ki pral ede timoun yo lè yo kòmanse ap antre nan laj jènfi, jènjan.” Epi Pincus ankouraje tout paran “pou yo fè efò pou fè sa mache.” “Relasyon ant granparan ak pitit pitit yo bon pou tout moun epi li pa dire pou tout tan. Kit nou abite pre kit nou abite lwen toujou chèche mwayen pou fè youn pran pa nan lavi lòt.”