Morris Copeland te rele David Lawrence Jr. Champion for Children nan 2020

The Children's Trust

Morris Copeland, yon Defansè Lajenès

Majistra Konte a nome dènye gayan prim Chanpyon pou Timoun kòm anplwaye
Majistra Konte a nome dènye gayan prim Chanpyon pou Timoun kòm anplwaye 

Pandan l tap grandi nan Liberty City, Morris Copeland te wè obstak ak difikilte anfas jèn Nwa pou evite pwoblèm pandan yap grandi nan katye pòv vil la. Menm ak sipò paran rezonab ki gen tèt an plas, Copeland te manke mouri apre yon diskisyon kote yo rale yon zam sou li, men atakan an pa touye l. Moman sa a ki te ka lanmò yon timoun 13-zan, chanje lavi l.

Copeland reyorante efò l 'sou yon chemen ki ta fè paran l fyè, ekselan nan lekòl, nan espò, nan plan akademik ak sosyal. Li jwenn yon bousdetid foutbòl ki ede l al nan kolèj. Etid inivèsite l simante ladrès lidèchip li. Apre gradyasyon l li retounen nan kominote l ak detèminasyon pou fè yon diferans pou timoun tankou l ki te pran move desizyon, men merite yon lòt chans.

Copeland te di "Timoun ka fè move bagay men sa pa vle di yo se move moun. Yo ka chanje e ka reyabilite. Yo ka fè bèl bagay si yo jwenn opòtinite, ". Pandan tout karyè pwofesyonèl li, espesyalman kòm direktè Sèvis Jivenil nan Miami-Dade, li te premye pou bay dezyèm chans sa yo,. Akòz dirijans li e ak patnerya kominote l, nivo arestasyon timoun fè yon bès de 70%.

Devouman l fè yon enpak reyèl nan kominote a. Senpati, pèseverans ak talan Copeland te demontre tout tan pat vin inapèsi. Dènyèman, Majistra Miami-Dade Daniella Levine-Cava bay Copeland yon poziyson tou nèf, Ofisye An Chèf Sèvis Kominotè nan Konte a, kote l pral sipèvize anpil depatman ki enkli Sèvis Jivenil. Ane pase a, The Children’s Trust honore l ak prim David Lawrence Jr. 2020 Chanpyon Pou Timoun .

David Lawrence Jr te di "Li se yon nonm ki pa janm abandone timoun, dedikasyon l se sèvi ak amelyore lavi timoun an risk." Lap fè sa pou plis pase twa deseni. Li te prezidan fondatè the Children’s Trust, e li gen non l ki dekore prim Chanpyon Pou Timoun.

Kèlkeswa kote karyè Copeland mennen l, tout travay lavi l ap kontinye. Li te di."Nou dwe kontinye konsantre sou timoun yo paske tout gen potansyèl reyisit si yo jwenn opòtinite, zouti ak sipò."