Yon jèn gitaris ki ap odisyone pou YTBD.

Gregory Reed

Miami Gen Talan

Young Talent Big Dreams retounen!
Young Talent Big Dreams retounen! 

Kolaborasyon ant The Children’s Trust ak Actors’ Playhouse, Young Talent Big Dreams (YTBD) se yon inisyativ ki te kreye pou enspire timoun laj 8-17 an pou yo revele talan inik yo, epi pou yo patisipe nan konpetisyon yo pou yo gen chans genyen prim ki ka chanje lavi yo tankou bousdetid, klas metriz ak opòtinite pou yo pèfòme nan evenman piblik. An plis de pri sa yo ak sipò kominote ak jij yo – gen lòt bagay timoun yo ka genyen tankou prim lajan kach, tikè pou gwo atraksyon ak pèfòmans nan teyat lokal, oswa tikè pou yo al nan Teen Choice Awards nan Los Angeles. 

Nou atann nou pou gen plis ke 500 moun ki patisipe nan odisyon ane sa – pou nevyèm edisyon konkou sa – k’ap gen sis kategori: vokal pou mizik pop/rock/rap, vokal pou teyat mizikal, mizik jazz, mizik klasik, enstriman mizik, vwa pale, konpozisyon mizik, dans e latriye. Gendwa gen gwoup de jiska sis manb ki ka patisipe nan kategori dans, enstriman mizik ak gwoup mizisyen/vokal. Young Big Talent Dreams swiv menm ekzanp ak emisyon ki popilè anpil tankou The Voice ansanm avèk American Idol; jij yo ekri sou on mòso paye sa yo panse pou chak pèfòmans, epi apre yo pataje sa yo te ekri yo ak moun ki kalifye pou yo ale nan tou semifinal pou yo ka gen yon gid pou yo konn kijan yo ka amelyore pèfòmans yo nan pwochen tou a. 

Earl Maulding ki se direktè YTBD anplis li se chèf seremoni tou, di “Young Talent Big Dreams kreye yon bèl opòtinite pou timoun ka fè eksperyans pou yo konnen kijan sa ye pou yo sou yon sènn pwofesyonèl – chak ane nou wè konpetitè ki tounen. Mwen ka di ke se gras ak èd pwofesyonèl, ankourajman ak ankadreman yo resevwa isit la, ak opòtinite pou yo evolye.”

YTBD: Kilè pou ou Ale ak Kisa pou ou Konnen

Ekri dat odisyon ak detay sa yo pou ou pa bliye! 

Dimanch, 31 Mas, 1-5 p.m. South Miami-Dade Cultural Arts Center, 10950 SW 211th Street, Cutler Bay, FL 33189
Samdi, 6 Avril, 2-7 p.m. Miracle Theatre
Dimanch, 7 Avril, 1-6 p.m. Miami Arts Studio, 15015 SW 24th Street, Miami, FL 33185
Samdi, 13 Avril, 1-6 p.m. City of Miami Little Haiti Cultural Complex, 212 NE 59th Terrace, Miami, FL 33137
Samdi, 20 Avril, 2-7 p.m. Miracle Theatre

Odisyon semifinal yo ap fèt nan Miracle Theatre nan dat 27 Avril a 7 p.m. ak 28 Avril a 3 p.m.; final yo ap fèt menm kote a nan dat Samdi 4 Me a 7 p.m. 

• Fòk patisipan yo se rezidan Konte Miami-Dade e genyen ant 8 lane (si yo depi dat odisyon preliminè yo) e 17 lane (jou 4 Samdi 4 Me 2019, jou final la). 
• Pèfòmans odisyon yo sipoze 60 segonn ou mwens, san eksepsyon. 
• Si moun lan se chante oswa yon enstriman ki talan li, li oblije pèfòme talan sa devan jij yo (vwa oswa enstriman ki anrejistre deja pa ladan’l).
• Vokalis yo oblije pèfòme ak yon akonpayman. Akonpayman an gendwa on mizik karaoke, mizik sou telefòn, mizik sou mp3, oswa nenpòt kisa ki ka jwe akonpayman an, depi li pa gen pati vokal prensipal la. 
• Tout ekipman, materyèl, kostim, pawòl elatriye oblije respekte laj piblik la ak aptisipan yo. 
• Chak patisipan gendwa pou yo patisipe on sèl fwa chak ane kopetisyon an ap fèt.

Tout règleman, fòmilè ak lòt enfòmasyon disponib sou www.actorsplayhouse.org