Anplwaye Miami Diaper Bank ak volontè pare pou distribye kouchèt.

Miami Diaper Bank

Miami Diaper Bank Bay Sipò Lè Bagay Konplike

Pandan pandemi a NGO Trust finanse ogmante efò distribisyon
Pandan pandemi a NGO Trust finanse ogmante efò distribisyon  

Nan mwa avril ane pase, lè tout peyi a tap panike e pandemi an tap frape fò, anpil nouvèl te sou papye ijyenik ki disparèt sou etajè sipèmakèt, men yo pat pale anpil sou kouchèt menm si te gen menm mank pwovisyon enpòtan pou paran ak jèn timoun yo.

Gabriela Rojas, direktè egzekitif nan Miami Diaper Bank, yon ajans san bi likratif, ki bay kouchèt ba fanmi san revni ou kay, di "Menm Jan moun tap kouri al achte papye ijyenik, an menm tan manman ki te gen mwayen tal achte anpil bwat kouchèt.” "Ou pa t tande anpil pawòl sou li tankou papye ijyenik la, men ti magazen ak lòt yo pa t gen kouchèt."

Kòm bagay yo te vin mele, yo rele Miami Diaper Bank pou mete lòd. An 2012 , a Laj 12 zan , Jonah Schaechte kreye ajans sa a kòm yon pwojè sèvis kominotè pou bar mitzvah li. Kounye an Miami Diaper Bank fè pati de National Diaper Bank Network la, e se li sèl ki opere nan Miami. An 2017 Aprè siklòn Irma, bezwen pou yon sèvis kouchèt konsa vin pi klè e depi kòmansman pandemi an, demann lan vin pi plis.

Rojas eksplike. menm anvan pandemi an, etid National Diaper Bank la te fè, jwenn ke chak youn nan twa fanmi bezwen kouchèt. Pandan ke anpil kote te bay èd ak divè pwovizyon pandan COVID-19 la, pat gen okenn asistans gouvènmantal pou kouchèt. Fanmi yo pat kapab achte kouchèt ak koupon alimantè oswa WIC. Li te di "Esansyèlman, se nou ki te sistèm sipò fanmi yo e te gen ogmantasyon de 2,000% demann kouchèt lè COVID te kòmanse,".

Sak te pi rèd la se te lefèt gid distans sosyal ak restriksyon yo te fè distribisyon kouchèt vin difisil lè sa a. Men, Rojas te di ke Miami Diaper Bank ranje sa ak evènman anba tant, pou bay kouchèt ba fanmi ki pi bezwen. "Nou te òganize 6 evènman ane pase e nou deja fè 9 lòt ane sa a.” Yo distribye plis pase 2 milyon kouchèt depi komansman pandemi an, prèske doub sa yo distribye pandan tout egzistans yo.

Rojas rekonèt plis pase 50 ajans patnè ki ede bank kouchèt la fè travay li, e li remèsye espesyalman The Children’s Trust ki te finanse li pou patisipe nan yon inisyativ kominotè pou ranfòse kapasite ti òganizasyon. Trust la te ogmante sipò li depi kòmansman pandemi an.

Li te di “The Children’s Trust la te ede ak plis sipò finansye pou nou te ka mete an plas tant yo e li te dirèkteman responsab pou acha mwatye milyon kouchèt, anplis. "

Pou plis enfòmasyon sou Miami Diaper Bank, vizite MiamiDiaperBank.com.