Paran responsab yo ta dwe an chaj nan fedatifis, menm sparklers.

SeanLockePhotography/stock.adobe.com

Men 8 Konsèy pou Pwoteje w Kont Fedatifis Pandan fèt kat Jiyè a

Ekspè prevwa ogmantasyon nan blesi sou jou ferye
Ekspè prevwa ogmantasyon nan blesi sou jou ferye 

Fèt 4 jiyè sa a se kab premye fwa kote anpil nan nou pa pral reyini ansanm pou nou gade fedatifis swa sou yon plas piblik, swa bò yon plaj oubyen yon lòt kote ki plen moun. Sa vle di anpil timoun ak paran yo pral anvi fè cho fedatifis pa yo. Sa kab kreye yon poblèm pou sal dijans ki pran swen moun ki blese grav ak sant ki pran ka moun ki boule grav.  

Luis DeRosa Jr., se yon enfimyè lisansye epi se li ki Kòdonatè Sansibilizasyon ak Prevansyon nan Ryder Trauma Center epi nan Miami Burn Center. Derosa ap atann valè ka moun ki boule pa aksidan pral ogmante konparativman ak valè moun ki te boule ane pase. Derosa kontinye pou l di, dapre esperyans nou fè ane pase 67% nan aksidan fedatifis te lakòz se ant 16 jen ak mwa jiyè yo te fèt epi plis pase mwatye nan moun ki te boule yo se moun ki te gen mwens pase 20 an. Li di “Nou nan yon peryòd ki cho kounye a!”. Pou evite je w, men w ak figi w domaje nèt, DeRosa rekòmande tout moun suiv konsèy sa yo lè y ap limen fedatifis.

  • Chwazi yon granmoun pou limen tout fedatifis yo
  • Limen yon fedatifis alafwa epi deplase rapid
  • Fè timoun ak tout lòt moun k ap gade kanpe lwen – dèyè yon bagay ki kab pwoteje yo
  • Sere tout fedatifis kote timoun pa kab lonje men pran yo
  • Met yon bokit dlo oubyen yon tib dlo soulamen sizoka ou ta bezwen etenn yon fedatifis oubyen voye dlo sou yon moun k ap boule (sa kab ede sispann kote k ap boule a) 
  • Pa kite timoun limen okenn fedatifis – menm pidetwal yo
  • Pa kite timoun ranmase fedatifis moun fin sèvi avè yo – kèk ladan yo kab limen toujou 
  • Pa janm kenbe yon fedatifis ki deja limen