Yon jèn ti fi pran yon vaksen vaksen.

Peakstock/stock.adobe.com

Leta Apwouve Vaksen COVID-19 Pou Gran Timoun

FDA, CDC rekòmande vaksen Pfizer a pou timoun 12 an ak sa ki pi gran
FDA, CDC rekòmande vaksen Pfizer a pou timoun 12 an ak sa ki pi gran  

Avèk planifikasyon ki fèt pou tout timoun tounen lekòl an pèsòn lè lekòl ouvè ann out nan tout peyi a, epi nan Miami-Dade County, paran ap mande tèt yo nan ki pwen y ap pwoteje timoun yo lè yo tounen lekòl la? Erezman, paran yo ak timoun yo kab reponn kesyon sa a yo menm.

Nan mwa me a, ajans leta Federal Drug Administration (FDA) apwouve itilizasyon vaksen Pfizer a pou timoun 12 an a 15 an, e tousuit apre, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) bay rekòmandasyon li pou menm gwoup laj sa a. Otorizasyon sa a vin apre otorizasyon yo te bay nan kòmansman ane a pou timoun 16 an ak sa ki pi gran.

Sa vle di pi fò elèv lekòl entèmedyè ak elèv segondè ka gen tan pran vaksen an anvan lekòl ouvè. Kon sa, sa ap redui posiblite pou viris la gaye nan sou timoun sa yo, sou paran yo epi sou pwofesè yo. Dapre kalkil CDC, otorizasyon sa a vle di apeprè 17 milyon adolesan oz Etazini kapab pran vaksen an kounye a, sa vin kore tout efò k ap fèt an jeneral pou pwoteje popilasyon an kont COVID-19.

Lè n gade efò ki fèt toupatou pou vaksinen granmoun, nou kòmanse wè yon gran bès nan kantite moun ki enfekte ak COVID-19 nan tout Eta ki gen bon valè moun ki pran vaksen an, espesyalis yo panse yon gran efò pou vaksinen timoun sa yo ka pote yon pwoteksyon pou anpeche viris la gaye nan lekòl entèmedyè ak lekòl segondè.

Nan yon deklarasyon CDC fè sou vaksinasyon, li di: “Fè adolesan vaksinen vle di yo va reprann aktivite sosyal pi vit epi sa ka bay paran ak moun ki okipe timoun kè poze paske yo konnen fanmi pa yo gen pwoteksyon.” Malgre kèk paran gen tan pran desizyon fè bay pitit yo vaksen, CDC rekonèt gen lòt ki gen kesyon toujou. Pou paran sa yo, CDC konseye yo pale ak doktè piti yo pou yo ka pran plis ransèyman sou vaksen an.

Responsab Pfizer gen tan anonse yo pral chache pran otorizasyon nan men FDA pou yo vaksinen timoun piti de 2 an a 11 an an septanm, tousuit aprè lekòl fin ouvè. Menm responsab sa yo di yo ka fè demann pou timoun 6 mwa a 2 an pandan 4 dènye mwa ane sa a.

Prezidan Joe Biden di nan mwa me a, si FDA apwouve vaksen an pou timoun piti, responsab federal ak responsab Eta yo pral travay di pou yo fè vaksen yo disponib kay pedyat ak kay doktè familyal yon fason ki fasil, rapid epi gratis.

The Children’s Trust ap travay pou ede mete vaksen an a dispozisyon timoun atravè biwo ki bay sèvis li yo epi, ap gen posiblite pou yo itilize klinik mobil yo pou bay timoun vaksen nan katye kote moun pa gen mwayen. Rete alekout pou plis enfòmasyon.

Malgre timoun kontinye montre yo pa fasil trape viris la epi an jeneral yo gen sentòm ki mwen grav lè yo pran l, kèk save k ap fè rechèch fè konnen nouvo varyete COVID-19 yo ka enfekte yon pi gwo pòsyon timoun, kwak yo poko konnen vrè rezon ki ka lakòz sa.

“Byenke pi fò timoun ki gen COVID-19 gen sentòm lejè oswa yo pa gen sentòm ditou, kèk timoun kapab vin malad grav epi yo ka oblije entène yo lopital. Epi tou konn gen kèk ka ra epi kèk ka grav kote timoun mouri ak COVID-19 ak efè viris la tankou sendwòm enflamatwa plizyè sistèm nan kò timoun (MIS-C ann angle).” Sa yo se pawòl CDC nan deklarasyon l fè.

Kit timoun yo pran vaksen kit yo pa pran vaksen, paran dwe kontinye mande pitit yo pou yo kontinye pran prekosyon pou asire yo kontinye lite kont pwopagasyon COVID-19 la. Ni Gouvènè Ron DeSantis a Komisè Edikasyon Eta Florid la Mesye Richard Corcoran mande pou yo pa egzije timoun lekòl met kachnen pou ane lekòl k ap vini an. Men sa pa klè ki jan Lekòl Leta Miami-Dade County pral jere pwoblèm sa a lòt ane. Gwoup travay espesyalis lasante pou distri lekòl la, ann angle Public Health and Medical Expert Task Force, pat rekòmande okenn chanjman nan lòd ki mande pou moun mete kachnen kounye a pou rès ane lekòl la lè yo reyini nan mwa me a.

Kèlkeswa sa ki rive afè mete kachnen an, paran yo dwe ensiste pou pitit yo kontinye fè menm sa ki rive bese pwopagasyon viris la, ansanm ak abitid kenbe distans sosyal lè sa posib epi lave men yo souvan avèk savon.