Yon manman kay lekòl pitit fi li pandan yon pandemi coronavirus.

Serhii/stock.adobe.com

Lekòl Anndan kay: Fò w Reyalis, Etabli Yon Woutin, Repoze w

Pou paran epòk sa a, pou ka fè lekòl lakay ou, men eksplikasyon de baz
Pou paran epòk sa a, pou ka fè lekòl lakay ou, men eksplikasyon de baz 

Akòz lekòl yo ki fèmen tanporèman pou ede sispann koronaviris la, paran yo toupatou nan peyi a, ak repiyans, ap oblije vin pran wòl pwofesè lakay yo. Pou lemoman, poutèt anpil manman ak papa kounye an obilije travay nan kay, sa vle di ke santèn de milye paran yo pral gen defi ant balanse aprantisaj lekòl a distans, ak responsablite travay chak jou yo.

Jere travay ak timoun nan kay la se yon eksperyans entansif, men ou ka siviv sa. Li pap fasil ni pafè, men si ou byen planifye e ou gen yon atitid fleksib, ou pral kapab boule ak timoun yo pandan tan COVID-19 lan pral dire.

Fò w reyalis ak objektif yo

Kòm paran yo ap jere ant travay ak aprantisaj lekòl a distans timoun yo, li inevitab ke pi fò nan nou pral mwens pwodiktif pandan tan sa a. Pou evite malantandi ak patwon ou li nesesè ke ou reyalis lè ou fè l konnen davans sa ou ka akonpli ak travay ou. Si sa posib, fè anplwayè w konnen ki orè travay ki ta pi bon pou ou, ki lè ki pi disponib pou l jwenn ou, ak ki kantite travay ou kwè ou kapab fè.

Epitou, kenbe nan tèt ou, sa a se yon peryòd difisil e li pral fè timoun yo gen konfisyon tou. Toudenkou, yo pa ka al lekòl, yo pa ka jwe ak zanmi yo, epi yap pase pifò tan yo fèmen anndan kay la. Fò w konprann li pral pran kèk tan pou yo adapte yo ak anprantisaj lekòl a distans sa. Pou tèt sa, si yo bliye pwojè pou yo remèt demen, oswa si yo pa fè gwo nòt sou egzamen syans la, wap beswen pasyans - nou tout ap aprann navige tan enkonfòtab sa a ansanm.
.@MDCPS reaches it’s highest attendance level during distance learning with 93 %, matching last year’s attendance at same time. All subgroups, ESE, ELL, FRL, are above 90%. #AttendanceMatters #covid19 @GreatCitySchls @NSBAPublicEd @PublicSchoolSup https://t.co/V7jDXXsyT2

Pa chans, pou ede fanmi yo fè fas ak nouvo reyalite yo, Miami-Dade County Public Schools (MDCPS) (Lekòl Leta Miami-Dade Konte) ap bay yon varyete resous ak gid. Si ou pa deja fè sa, pran yon ti tan pou li sou Instructional Continuity Plan 2.0  (Plan Kontinwite Pedagojik 2.0) distri a, yo gen lòt zouti ki abòdab tou tankou Distance Learning page (paj Aprantisaj  Lekòl a Distans). 

Woutin Se Kle

Jou kouri soti pou al tavay ak lekòl, omwen, tan sa yo fin pase tanporèman, men sa pa vle di ke woutin nòmal kounye an se reveye a midi epi mache tout jounen anndan kay la ak pijama nou.  Lè gen yon woutin chak jou, sa pral ede tout moun rete okipe epi jere kèk enkyetid gwo chanjman sa a koze. Pou w ka pwoaktif e pou fè bagay yo rete yon jan  nòmal lakay ou, mete an plas yon orè pou chak jou ki endike ladan l tou kiyès nan paran yo ki responsab pou timoun yo jou sa a, epi kole l sou mi an ooswa firjidè a, lè konsa tout moun ka wè li pandan jounen an. Yon bon jan pou kòmanse lekòl chak jou ak òdinatè a se mete non w nan student portal (pòtay antre) elèv la. Se konsa pwofesè yo konnen ki moun ki prezan ak fè timoun yo sonje li lè pou yo aprann. 

Ekspè yo di, yon kalandrye eskolè an detay enpòtan tou pou kenbe timoun yo sou yon woutin aprantisaj regilye. "Anba sikonstans sa yo, nou pa pral antyèman ranplase tout estrikti lekòl yo, men, nou ka fè kèk bagay pou fè timoun yo santi yo pi an sekirite e fè nou santi nap bay tan nou valè." Se sa Kimberly Fox, pwomotè anplwaye pou Pwojè Lekti ak Ekriti nan Columbia University nan New York, te di CNN.

Bay Tèt Ou Yon Ti Souf

Se pa sèlman timoun yo ak paran yo ki gen estrès paske woutin yo vire tèt anba, men nou tout ap fè fas ak ensètentitub depandan ki sa ki pral rive nan pwochen semèn ak mwa yo. Akòz tout chanjman yo, ak emosyon nou, li nesesè pou nou pran swen tèt nou. Fò w nou atann nou ke bagay sa yo pral yon ti jan difisil nan kay la pou yon tan.

Eli Lebowitz, yon sikològ klinik nan lekòl medsin to Live Science (Syans Vivan)Yale eksplike "Mwen ta di paran yo, fè pi miyò epi bay tèt yo yon ti repo, paske li pa reyèlman posib pou paran yo toudenkou kapab jere tout bagay ansanm, e pou yo prezan 100% tan pou sipèvize ak efikasite konplè tout etid pitit yo anndan kay la epi fè travay yo tou".

Avèk woutin fanmi an kap chanje tout tan chak jou, li enpòtan pou pèmèt tout moun pran yon ti repo. Paran ki travay pandan yap jere timoun yo rete toujou aktif, sa ka afekte pasyans ak nivo enèji tout moun. Konsidere mete apa blòk tan repo chak jou pandan tout jounen an pou soti nan presyon travay a distans ak lekòl la. Si ou bay timoun yo atansyon w nèt pandan tan repo, yo ka vin renmen sa, epi sa ka fè blòk tan pou yo fè travay yo vin pi fasil.  

Pa bliye ke granmoun bezwen tan pèsonèl yo tou. Nan yon kay ak plizyè granmoun ou ka fè echanj tan repo, sepandan paran ki pou kont yo ta ka bezwen rete tann jiskaske fen semèn nan rive pou pran tan pèsonèl kote yo ka repoze yon maten byen bonè oswa byen ta  nan aswè. Sa ki pi enpòtan, se evite jije tèt ou, oswa lòt moun sou sa ou ka akonpli chak jou.