Boy helps with laundry duty

Monkey Business Images/Monkey Business/Thinkstock

Kreye Timoun San-Dezòd

Kanpe dezòd yo kote yo rive a!
Kanpe dezòd yo kote yo rive a! 

Ou ka bezwen èd tout yon vilaj pou òganize lakay ou, mete timoun ou responsab chanm yo se yon bon fason pou kòmanse. Mete lòd bay bon leson pou rekonèt sa ki enpòtan - epi jete sa ki pa enpòtan yo.

Mete Limit
Òganizè pwofesyonèl Peter Walsh (li se prefere Oprah Winfrey!) kwè ke limit ak woutin yo fondamantal pou ede timoun vin tounen granmoun ki responsab, konsideran epi ki sousye.

Alòs lè bwat jwèt la kòmanse twò plen epi etajè a chaje twòp, se bon lè pou kòmanse retire kèk bagay. Ede timoun yo kontwole ki valè espas yo bezwen pou bagay yo renmen yo, epi kòmanse retire lòt bagay ki pa twò enpòtan ankò yo pou'l fè de pil, yon pil pou bay epi yon pil pou jete.

Bay timoun yo libète pou chwazi kote yo vle sere jwèt yo, kite se bwat ki gen nimewo an koulè. Diskite sou kijan ak ki lè ke tout bagay ta dwe nan plas yo pou yo ka klè - san ou pa bezwen ap ba yo presyon. Fè yo konnen ke se la 'jwèt yo viv' ap aprann yo, se sa Walsh di: "Lè bwat yo chaje ak jwèt, anvan li ajoute [yon lòt], li pra'l oblije retire youn."

Etabli limit sa ede timoun ou plizyè fason, se sa Walsh fè konnen, tankou amelyore abilite pou yo pran desizyon epi konprann sila ki pa gen anpil chans menm jan ak yo.

Kòmanse yon Woutin
Depi yo kòmanse pran abitid pou ranmase jwèt yo, sa k'ap vin apre se kòmanse ranmase rad yo epi netwaye chanm yo. Ranje kabannanvan al lekòl, mete rad sal yo nan panye lesiv, mete lòd nan jwèt yo sou etajè a, ranje liv ak papye yo... aksyon senp sa yo ankouraje respè pou zafè yo - epi pou kay la tou.

Lè m'ap travay ak timoun, "Mwen di pawòl tankou, 'Kibò nou ta bay sa yon kay?' lè m'ap fè òganizasyon avèk yo," se sa Maeve Richmond, li se yon antrenè nan mete lòd. "Yon sèl bagay moun toujou te konn tande se 'mete sa sou kote,' ki se yon aksyon negati." Li konseye, pito, "Eseye di 'Èske nou ka mete sa kote li abite a?'" Chanjman langaj sa ap transmèt senpati epi l'ap ankouraje konfyans.

Amize Nou
Timoun aprann nan sa yo wè, pa sa yo tande, se sa Walsh di. Si chanm pa'w la gen gwo dezòd, li p'ap fè sans pou ta vle timoun yo konpòte yo yon lòt fason ak chanm pa yo a. Men sa pa vle di aprann timoun yo bon abitid ta dwe yon aktivite ki raz ki ka lakoz yo dekouraje depi yo tande sa. Souke yon zòrye, sekwe dra yo kapab fèt yon fason amizan. Ajoute jwèt nan pwosesis la pou fè tan pase pi vit. Fè timoun yo eksite pou yo mete lòd nan balon yo ak lòt jwèt pandan y'ap voye yo nan bwat yo dirèkteman.

Plis ou montre yon atitid kontantman nan netwayaj ak mete lòd yo, plis timoun yo ap pi anvi patisipe epi swiv ou kòm egzanp!