Paran yo pare pou yon klas sou entènèt.

shintartanya/stock.adobe.com

Klib Paran Ap Fonksyone Kounye An Lakay Yo. Miami Ak Mond Vityèl La

Gen nouvo atelye ak seri videyo ki disponib pou gratis nan mond vityèl la
Gen nouvo atelye ak seri videyo ki disponib pou gratis nan mond vityèl la  

Omwen pou yon tan, nouvo reyalite kowonaviris la fè nou sispann fè anpil aktivite andeyò kay nou ki te ede nou konprann ak bay pitit nou sipò kòm paran. Li pa posib ankò pou nou mennen timoun yo soti al bwè krèm apre yon semèn di. Mare pakèt pou al nan plaj pa yon opsyon kounye an. An reyalite, pran timoun yo pou al nan pisin, nan match foutbòl oswa nan majorite lòt aktivite sosyal ki amizan pa akseptab osinon pa pridan kounye an.

Men, kòm nou se bon paran, nou ajiste nou. Kèk nouvo aktivite nòmal kounye an se al mache nan alantou a, fè jwèt ak aktivite nan kay la, epi menm jwe ak yon kawotchou jaden, ak awozwa yo, oswa al jwe nan lari a pou atrape boul. Bagay yo difisil sè jou si, men gen enspirasyon.

Alò, lè Klib Paran Children’s Trust la, ki te fèk kòmanse nan mwa Out dènye a te oblije sispann atelye gratis ke yo te bay chak semèn, yo vin fè sa bon paran ta fè, yo ajiste yo. Pou kòmanse, yo bay premye kou yo sou entènè la ak fasilitatè ki soti nan Be Strong International, Lekòl Medsin Miller ki nan Inivèsite Miami ak Sant pou Timoun ak Fanmi nan Inivèsite Entènasyonal Florid la, kote yo te ofri menm atelye  abityèl pou paran yo atravè yon sistèm videyo ki rele Zoom.

Epi kounye a, nan nouvo mikwosit Children’s Trust, StayHome.Miami, (Rete Laky ou Miami) Klib Paran an te lanse yon seri videyo ki mete aksan sou anpil nan menm sijè ki disponib nan tout atelye pou paran yo ke wap jwenn sou Parent Club video page (Paj Videyo Klib Paran).

Videyo yo dire ant 3 minit ak 11 minit epi yo kouvri yon pakèt sijè sou jan pou elve timoun ki parèy ak sa ki disponib nan atelye an pèson klib Paran yo tankou: " Pou Ede Konpòtman Pitit Ou Konplimante  Yo Alekri," "Kouman Pou Tout Fanmi An Jere Estrès," "Konsèy Pou Elve Timoun Ki Responsab," " Kouman Paran Ka Rekonèt Lè Yo  Gen Estrès ," ak "Kouman Pou Ankouraje Tinedjè vin Endepan. "  

Yo òganize videyo yo espesyalman pou adrese yon varyete pwoblèm ki sètènman  pral  parèt pandan pandemi a, akòz lòd aktyèl ki di rete-nan-kay la. Gen lòt videyo, ki espesyalman adrese pwoblèm ki definitivman pral rive akòz nouvo reyalite yo tankou "Konsèy Pou Gen Siksè Ak Pitit Ou Nan Tan Rekreyasyon Pandan COVID-19 La," "Jere Estrès Pandan Chanjman Ak Ensètitid," "3 Truk Pou Manman K ap Travay a Plen Tan," "Rezoud Pwoblèm Travay Nan Kay a Distans ak Jere  Lekòl a Distans Pitit Ou Yo," "Konsèy Pou Paran Pandan COVID-19," "Pase Bòn Kalite Tan Pandan COVID-19" ak "Pran Swen Sante w Pandan COVID-19."

Se fasilitatè ki nan Parent Club (Klib Paran) an ki fè Videyo yo. Se menm pwofesyonèl ki bay atelye yo an pèsòn. Paj videyo a gen yon lyen “Workshop (Atelye)” pou ka enskri pou lòt Parent Club Workshops (Atelye Klib Paran).

Sou sit entènèt la, StayHome.Miami base sou prensip "Nou Tout Ansanm Nan Menm Bagay La." Li sèvi kòm yon resous inik ak yon gid dijital pou tout fanmi Miami-Dade Konte ka siviv. Li fasil pou navige, e li plen enfòmasyon itil ak aktivite amizan. Pami anpil karakteristik ki disponib gratis sou sit entènèt sa a gen liv Romero Britto pou kolore ke ou ka rale sere, aksè gratis a liv-awotvwa, ak yon varyete aktivite ak jwèt ki fasil pou swiv. Sit wèb la gen yon lyen ak lòt resous Children’s Trust ki gen ladan l atelye vityèl Klib Paran, bilten ak anpil lòt bagay.