Ti gason k’ap gade nan yon longvi.

WavebreakMediaMicro/stock.adobe.com

Kisa Bagay sa Ye?!?

Ti tach mawon sou po, siy vyeyisman, oswa gwo siy sou po? Konnen diferans ki genyen ant siy sa yo ka ede'w si'w sou wout gen kansè oswa non. Annou eseye gen yon lide sou yo sa kapab ede pou pran pi bon desizyon pou evite sa. 

Ti tach mawon yo reyaji tankou yon pakèt ti pòsyon tou piti, yo gen koulè mawon sa ki lakoz se lè kò a pwodwi twòp melanin.

Siy vyeyisman montre swa plizyè ti pwen wouj, plat ki ta vle sanble y'ap chanje koulè pou vin mawon, oswa plat oubyen fè yon ti gonfle men pati po a on tijan graje, yo ka mawon pal oswa fonse. Tout se kapab solèy la ki lakoz, vyeyisman oswa eredite.

Timè nan figi se yon ti boul, tou piti ki klere ki ta vle sanble ak yon ti bouton oswa yon gwo siy epi li kon sanble li woz oswa koulè po a.

Timè maleng parèt tankou yon maleng epi si'w grate li oswa ou rache’l li kapab senyen.

Melanòm lan parèt diferan fason. Dapre The Skin Cancer Foundation, siy pou siveye yo se yon tach ki gen yon fòm ki gaye, bò yo pa egal, yon melanj koulè, li laj (imajine ke li pi gwo ke yon gòm kreyon) ak nenpòt chanjman nan tach la. Pou ka toujou siveye po a, jis sonje ABCDE: Asymmetry (ki vle di ki pa egal), Border (ki vle di kwen), Color (ki vle di koulè), Diameter (ki vle di liy nan mitan) epi Evolving (ki vle di devlope).

"Konnen po ou byen sa ka ede dekouvri siy kansè bonè," se sa doktè Mark G. Lebwohl di, li se manm òganizasyon Kimberly and Eric J. Waldman Department of Dermatology nan Icahn School of Medicine nan Mount Sinai Medical Center nan New York. "Al wè yon dèmatològ pou tcheke po'w si'w remake yon ti siy, tach oswa bouton sou kò'w k'ap chanje, grandi oswa senyen.” Bon nouvèl la, li ajoute, se pi fò kansè po, menm melanòm, ka trete si'w wè li bonè.

Diminye Risk Ou Yo
Pandan pran prekosyon ak solèy la enpòtan pandan tout lane a, li esansyèl pou pwoteje po'w soti nan tèt pou rive nan zòtèy pou epòk sa pandan ane a, se sa doktè Kathleen Suozzi di, li dèmatològ nan Yale Medecine. Ete a pote yon santiman ensousyan ki konn fè nou neglije pwoteje kò a kont solèy la," li di. Pou moun ki abite nan Sunshine State la espesyalman, ou dwe dilijan pou konnen ke li enpòtan pou toujou sonje itilize krèm pwoteksyon sa dwe toujou nan tèt ou.

Men yon SPF pa sèlman pou lè ou sòti deyò. Èske ou konnen kondi machin ou ak vit yo desann – oubyen monte – kapab tou mete'w andanje? Pandan ke majorite gwo vit devan machin yo bloke reyon UVA ak UVB yo, vit sou kote yo pa pwoteje'w kont reyon solèy UVA. Yon etid ki fèk fèt nan Journal of the American Academy of Dermatology a deklare ke "plis pase 50 pousan kansè po nan Etazini rive sou bò goch, oubyen bò chofè a, nan kò a."

Si ou kondwi ak vit ou desann, pran prekosyon sa yo: Aplike (plizyè fwa) krèm solèy sou bra goch ou oswa mete rad manch long. Rad ki pwoteje kont solèy yo fabrike pou bloke danje reyon iltravyolè yo anpeche rantre nan po'w, pandan linèt solèy ak chapo ap pwoteje figi, kou ak po tèt.