Yon gwoup zanmi ap souri nan yon sèk.

Monkey Business/stock.adobe.com

Kijan Timoun yo Panse

Zanmi se Fanmi ke Ou Chwazi!
Zanmi se Fanmi ke Ou Chwazi! 

Kòman zanmi diferan ke nenpòt lòt moun?

"Zanmi pa fanmi‘w men yo trete’w tankou fanmi. Yo se fanmi’m lè mwen lekòl la."
Devon, 8 lane

"Yo pale avèk ou lè pèsòn pa vle jwe ak ou."
Milo, 9 lane

Kòman ou konnen ke ou se yon bon zanmi?

"Pran swen yo, lè yo malad pa kite yo manje yon bagay ki ap fè yo pi malad."
Billy, 9 lane

"Ou dwe janti epi pa fè malelve. Mwen jwe ak zanmi’m yo epi mwen pataje jwèt koulèv mwen yo avèk yo."
Jeremiah, 7 lane

Kisa ki fè yon moun se pi bon zanmi’w?

"Paske yo pataje avèk mwen epi yo ede’m fè desen."
Lyric, 5 lane

"Mwen panse ke nou vin bon zanmi lè nou gen pwen komen epi nou renmen menm bagay."
Milo, 9 lane

Kisa ou pi renmen fè ak zanmi’w?

"Ale nan pak ansanm epi jwe ansanm nan pak la."
Jeremiah, 7 lane

"Randevou poun jwe epi jwe ansanm."
James, 9 lane

Tèks sa fèt an kolaborasyon avèk Fatherhood Task Force of South Florida.