De sè kolekte papye twalèt nan magazen pandan yon pandemi coronavirus.

puhimec/stock.adobe.com

Ki Lè Pou Kite Fanmi W Sòti Deyò?

Fè yon orè pèsonèl pou tounen sòti an piblik
Fè yon orè pèsonèl pou tounen sòti an piblik 

Sè jou si, tout moun ap pale de sèl bagay sa a. Kilè peyi a ta dwe relouvri? Epi tou,  ki  lè eta an, konte, vil ak katye mwen pral re-louvri? Men anjeneral, pandan ke tout kesyon sa yo lejitim e kontwovèsyal, pou paran yo kesyon reyèl la pi presi e pèsonèl.

Kilè ou ta dwe kite fanmi w ale deyò an piblik ? E o kontrè, ki lè ki pa pral gen danje nan ouvri mond deyò a ba fanmi w? Èske li nesesè? E si se sa, ki jan ou ka fè l yon jan ki pi an sekirite posib? Menm jan ak rès peyi a, pa gen okenn repons ki senp epi pa gen yon sèl solisyon ki ale ak tout moun. Men, gen faktè pou konsidere lè ou gen pou pran desizyon an.

Koute fonsyonè ofisyèl kominote w yo
Pou kounye a, anpil eta nan peyi isit pap swiv lòd gouvènman federal la pou relouvri sosyete a, konte ak kominote lokal yo. Men, sa pa vle di pou w inyore kisa k ap pase bò kote w. An reyalite, ou dwe koute direktiv lokal yo e asire w ke ou respekte yo. Y ap fè w konnen si ou bezwen mete mask, si ou ka vizite pak ak plaj yo ak lòt règleman ki genyen. 

Men menm nan Konte Miami-Dade, règleman yo varye. Pandan ke Konte Miami-Dade louvri pak yo ak pèmèt sèten aktivite, règleman Vil Miami pa menm. Chak youn nan 34 vil nan konte a gen pwòp règleman pa yo, Pou tèt sa chèche konnen règleman vil pa w epi swiw yo otank posib. Pral gen plis chans pou gen konfli ki pa fè sans ant diferan vil, men sou bò pa w, pran prekosyon pou evite konfli ak otorite yo, e sa ki pi enpòtan se asire sekirite fanmi w. 

Sonje tou ke sitiyasyon an chanje souvan, pafwa chak jou. Kidonk, si piblik la abize privilèj yo nenpòt restriksyon ki te elimine kapab retabli. Nan Miami Beach, pa egzanp, South Pointe Park te reouvri men yo te dwe fèmen li de jou pita paske yo te wè anpil moun ki pa te mete mask e pa ta p swiw règleman distans sosyal. Apre sa, pak la vin reouvri ankò nan semèn sa a.

Reziste tantasyon swiv lòt moun
Si ou te soti nan lari dènyèman, ou pral gen anpil chans wè trafik machin ak pyeton ogmante. Li evidan ke se pa tout moun ki pran distans sosyal ak lòt règleman seryezman. Akòz sa, ou ta ka anvi bese pwòp gad ou; men pa kite dezi sa a pran w, sitou si li pa nesesè.

Ou ta ka wè timoun ki deja ap jwe ansanm, men sa pa vle di li oke. Menm si timoun ou yo mande poukisa kèk lòt jèn ka rankontre zanmi yo e lòt moun pa kapab, reponn yo ak detèminasyon epi eksplike yo li pa akseptab ou ka adousi paròl la ak yon mo tankou "pazankò".

Pandan ke travayè esansyèl dwe kontinye travay andeyò kay yo, li toujou enpòtan pou moun ki pa bezwen soti deyò pou rete anndan kay yo. Konte Miami-Dade kontinye gen plis kantite ka COVID-19 ki konfime, ak plis lanmò nan eta Florida la, kidonk pandan ke lòt pati nan peyi a, eta ak menm Sid Florid ta ka retire kèk restriksyon (konseye ou pa!), li enpòtan pou moun ki nan konte nou kenbe gad yo otan ke posib.

Konsidere enpak sou fanmi ou
Li enpòtan pou paran yo pran desizyon ki pi pridan pou pitit yo ak lòt manm fanmi yo dapre sa ki pi bon pou yo. Si ou gen yon timoun ki gen yon pwoblèm medikal ki pral fè yo pi vilnerab a COVID-19 la, sa pral depann de ou, osi lontan ke ou kapab, pou ranfòse restriksyon sou soti an piblik. Menm bagay la dwe enpose nan kay ki gen moun aje, epi tou pou al vizite granparan. Fè sa w kapab pou evite bagay sa yo. 

Swen pou timoun se sijè ki patikilyèman pwoblematik paske gen anpil paran ki dwe tounen nan travay yo san anken opsyon sou ki moun ki pral pran swen pitit yo. Sa a se yon pwoblèm nasyonal. Gen apeprè mwatye nan popilasyon etazini kap travay ki kounye an ap chèche repons sou ki moun ki pral pran swen pitit yo lè yo tounen nan travay. Nan Konte Miami, pifò gadri yo apèn rete louvri e menm si ke Children’s Trust ap fè pati pa l pou sipòte ni yo ni Early Learning Centers (Sant Aprantisaj Preskolè), opsyon yo ap toujou limite., L ap pi konplike pou fanmi sa yo lè yo pral tounen nan travay ak soti deyò nan sosyete a. 

Pa gen moun ki konnen bezwen yon fanmi plis pase paran yo epi finalman se yo ki pou  pran bon desizyon. Sa pa vle di ke pa gen sitiyasyon ki konplike e ki gen konfizyon, oswa pral gen kèk desizyon difisil sou lè pou tounen nan travay ou soti an piblik . Chèche èd nan yon varyete resous lè ou bezwen li, Si ou pa konnen ki kote pou cheche, rele 211 pou jwenn kèk konsèy ak direksyon.