Kestyon Ki Poze Souvan

Q1. Poukisa yon sous finansman dedye, enpòtan pou timoun ak fanmi nan Konte Miami-Dade?

R: Timoun yo fè 20 pousan nan popilasyon nou an epi yo reprezante 100 pousan nan avni nou, men yo pa gen vwa nan gouvènman paske yo pa ka vote. Yon sous finansman dedye ap ede rasire yon sous dola ki stab epi ki renouvlab pou sèvis timoun yo. Malgre sa, gen kèk moun ki mande: Eske nou pa deja ap peye taks pou sa?

Non, pa vreman. Majorite dola piblik ki depanse pou benefisye timoun yo ale nan edikasyon tradisyonèl (tankou lekòl piblik). Sa enpòtan anpil, men timoun yo bezwen lòt sipò si yo ap grandi pou yo vin de manm k’ap fonksyone epi kontribye nan sosyete a. Yo bezwen bon paran, aksè a swen sante, ak bon kalite swen timoun pou nouri devlopman yo pou prepare yo pou lekòl ak lavi. Yo bezwen sèvis sosyal ki anpeche abi, neglijans, krim, echèk lekòl ak jèn timoun k’ap ansent. Apre sa, yo bezwen bon jan pwogram apre-lekòl ak kan ete paske pifò paran yo pa lakay lè y’ap travay. Finansman The Children’s Trust yo sipòte pwogram ak sèvis sa yo.

Nan dènye ane yo, gouvènman leta ak gouvènman lokal yo te koupe anpil nan bidjè ki te pou sèvis ki sipòte timoun ak fanmi yo. Rezilta yo te devastatè. Konseye sèvis timoun yo, tankou The Children’s Trust, te etabli pou mete sou tèt epi konplete finansman gouvènman an san li pa ranplase’l. Poutèt rediksyon drastik sa yo, The Children’s Trust te vinn tounen yon plan sekirite esansyèl pou timoun ak fanmi yo nan Konte Miami-Dade.

Elve timoun an sante se gendwa travay ki pi difisil epi ki pi kritik nou genyen. Entèvansyon ak envestisman bonè enpòtan anpil. San bon gid ak sipò, timoun yo pèdi chimen yo souvan, e timoun ki pèdi chimen yo souvan tounen granmoun ki pèdi chimen yo. Yon sous lajan dedye tankou The Children’s Trust ede rasire ke timoun yo resevwa omwen sipò yo bezwen pou yo ka gen chans pou yo grandi pou yo tounen manm k’ap kontribye nan kominote nou an.

Q2: Kiyès ki benefisye?

R: Tout moun – timoun, paran, granparan, edikatè, ofisye lapolis, jij, sistèm jistis pou jèn, doktè ak pwofesyonèl swen sante, sant pou swen timoun, òganizasyon san pwofi ak ajans sèvis sosyal. The Children’s Trust rive manyen tout moun ak tout aspè kominote nou an pozitivman.

Majorite paran renmen pitit yo anpil. Men anpil fanmi bezwen èd, e yo merite resevwa èd sa nan yon patenarya ki respekte. The Children’s Trust defann ak devlope pwogram ki pou satisfè tout bezwen timoun ak fanmi yo. Chak kominote gen bezwen pa yo, e gen kominote ki bezwen plis atansyon. Kontribisyon paran ak kominote a nan planifikasyon, aplikasyon ak evalye pwogram enpòtan anpil.

Q3: Poukisa pou ou ta konsène si ou pa gen timoun?

R: Ou gendwa pa gen timoun, men te gen yon epòk ou te yon timoun tou. Ou gendwa elve pitit ou ou menm epi ou se yon granparan kounye’a. Siman yon kolèg travay oswa yon bon zanmi’w se yon manman oswa papa. Oubyen fanmi ki rete bò lakay ou a gen timoun, oswa gen yon lekòl pi ba lari a. Li pran tout yon vilaj pou elve yon timoun: nou bezwen youn lòt pou tout bagay byen mache.

Epi men yon lòt verite: timoun ki grandi ki gen siksè, k’ap kontribye nan sosyete a, e k’ap peye taks pa yo et k’ap patisitpe nan lavi sivik, y’ap founi benefis pou nou tout. Alòs envestisman nan pwogram k’ap evite echèk lekòl, ospitalizasyon, swen adoptif ak krim timoun ap ekonomize nou lajan sou taks pi devan. Rechèch montre ke chak grenn dola envestisman nan kalite debaz nan timoun piti ekonomize omwen $8 pita nan polis, pwosekisyon, prizon ak pri ratrapaj edikasyon. Li fè sans pou ekonomi a pou nou envesti nan sèvis pou timoun.

Yon sous finansman dedye pou pwogram ak sèvis timoun tankou The Children’s Trust ede rasire ke tout timoun gen yon bon jan kòmansman ak lavi nan sijè edikasyon, swen sante, ak byennèt yo an jeneral. Sa vle di ke sosyete a, ke ou menm, pa gen pou peye pri wo finansyèman oswa lòtjan, nan peye pou erè, transgresyon ak lòt mezi korektif.

Q4: Kijan The Children’s Trust benefisye kominote a?

A: Kreye nan lane 2002, The Children’s Trust aktyèlman nan katòzyèm lane ke l’ap fè donasyon e ke l’ap sipèvize pwogram. Plan estratejik nou gide envestisman nou yo. 

Finansman nou edike epi li enspire paran nan pwogram paran; li prepare timoun pou lekòl ansanm ak siksè nan lavi nan pwogram aprantisaj bonè; li founi kote pou nou aprann ak enteraksyon an sekirite nan pwogram apre-lekòl ak kan ete; li ankouraje ekpresyon tèt nou ak konsèy pou jèn yo atravè yon varyete pwogram anrichisan; li pwoteje kominote ki an sekirite e ki sipòte sèvis ki fèt an patenarya; li sipòte sante kòm yon poto pou devlopman timoun atravè yon pakèt inisyativ pou sante; li rasanble sipò pou timoun ak fanmi atravè efò règleman piblik lokal ak tout eta a; epi li pi byen enfòme fanmi yo nan ogmante konsyantizasyon atravè kominikasyon ak medya pandan rechèch nou yo ak efò pou devlopman ap fasilite planifikasyon efikas ak envestisman ki fè sans.

Pou plis detay, vizite Kòman Nou Sipòte.

Q5: Ki otorite ki otorize The Children’s Trust fè prelèvman taks?

R: The Children’s Trust te etabli (epi li te renouvle nan mwa Out 2008) ak yon referandòm votè ki te pase nan dat 10 Septanm, 2002, e ki te otorize Children’s Trust prelve jiska 50 santim pou chak $1,000 sou vale taks pwopriyete nan Konte Miami-Dade atravè “Public Act,” Chapit 2000-461 règleman eta Florid la.

Q6: Kisa ki se yon pousantaj mileyaj?

R: Sa se yon pousantaj taks ke yo chaje kont valè taksasyon yon pwopriyete pou detèmine taks ki dwe sou pwopriyete a. Pousantaj la reprezante dola taks yo pwodwi pou chak mil dola nan vale taksab (pa egzanp yon prelèvman 1 milye sou $1,000 nan pwopriyete egal $1).

Nòmalman se reprezantan ki eli yo ki vote pou pousantaj mileyaj yo oswa ak yon referandòm piblik ki revize (tankou ka referandòm The Children’s Fund ki te fèt nan lane 2002 nan Konte Miami-Dade) apre yo fin kalkile pousantaj ke yo bezwen pou kreye ase revni pou satisfè bezwen bidjè ak sèvis ki te pwojekte.

Q7: Kisa The Children’s Trust koute nou?

R: Anpil mwens pase sa anpil moun ta panse.

Yon pwopriyetè yon kay ki evalye a yon valè medyòm (mwatye kay yo evalye pi wo, mwatye pi ba) pou yon pwopriyete rezidansyèl ki pa agrikòl nan Konte Miami-Dade ap peye $61.48 nan yon lane pou Ane Fiskal 2021-22.

Antan ke yon sous finansman ki dedye a pwoblèm timoun ak sèvis pou yo nan Konte Miami-Dade, yon lwa Florid otorize The Children’s Trust pou yo prelve jiska 50 santim pou chak $1,000 valè taksab yon pwopriyete (oubyen “1/2 milye”).

Pou kominote nou an, annou di ke kay ou evalye pou yon vale taksab medyòm, ki vle di ke pou Ane Fiskal 2021-22 se $122,966.00 pou yon pwopriyete rezidansyèl agrikòl (valè taksab medyòm yon pwopriyete rezidansyèl ki pa agrikòl se $160,397 pou Ane Fiskal 2021-22). Sou pousantaj 0.5000 Children’s Trust propoze a, yon peyè taks ki gen egzanpsyon agrikòl pral peye $61.48, oswa $1.18 pa semenn. Pousantaj taks 0.5000 ki pwopoze a pral jenere anviwon $161.5 milyon dola revni pou The Children’s Trust nan Ane Fiskal 2020-21.

Fon yo sèvi pou pwomote pi gwo enpak pozitif pou timoun ak fanmi yo. Yo pwojekte pou bidjè The Children’s Trust pou Ane Fiskal 2021-22 la pou li yon total $178,663,437.00 pou depans operasyonèl de $11.1 milyon dola; 91 pousan bidjè a angaje pou sèvis pou timoun ak fanmi yo nan kominote a atravè pwogram ak inisyativ ki te apwouve anvan pou komite a finanse. Paske responsabilite fiskal se yon bagay esansyèl, The Children’s Trust mande egzije ke kontabilite fon yo distribiye bay chak founisè yo.

Q8: Eske kòb la annik kontinye pou tout tan?

R: Nan dat 26 Out, 2008, votè Miami-Dade yo deside an gran nonm – 86 pousan – pou yo otorize The Children’s Trust ankò. Votè Miami yo nan twa pi gwo ras nan kominote a bay sipò solid yo pou wòl The Trust la; lè nou sonje sitiyasyon ekonomik alekile yo, vòt la vin gen plis valè toujou. Nan moman an, vòt la otorize The Children’s Trust la “avi.”

Q9: Kiyès ki kontwole kòb The Children’s Trust la?

R: Yon komite endependan ki gen 33 manm ladanl, ki reprezante ni sektè piblik ni sektè prive, deside kijan The Children’s Trust dwe itilize kòb li. Komite a gen ladan’l reprezantan plizyè òganizasyon pou timoun, ansanm avèk oganizasyon ki kle nan domèn sivik, paran, relijye, biznis, sante, edikasyon ki avanse, sèvis sosyal, reprezantan gouvènman lokal, reprezantan la lwa, travay, ak yon reprezantan jèn ladan’l tou. Komite The Children’s Trust la asire yo ke an jeneral komite a reprezante divèsite ki genyen nan kominote nou.

Komite The Children’s Trust la pran desizyon yo an akò ak “Sunshine Law” Florid la, ki mande transparans ak ouvèti pou tout rankont gouvènman ak ajans kasi-gouvènmantal yo.

Desizyon ak rekòmandasyon pou finansman yo pran nan komite yo (Sante ak Devlopman Timoun, Pwogram, Finans & Operasyon yo, Lwa yo, ak sa ki Pwovizwa), epi apre yo voye yo nan komite konplè a pou yo konsidere’l. An jeneral komite a kontre nan premye Lendi chak mwa, nan yon seyans ki ouvri pou piblik la, pou diskite sou desizyon li pran yo.

The Children’s Trust la, apre li pase nan yon pakèt lane ak bidjè operasyon li k’ap bese (poutèt rediksyon nan revni taks), pral pwofite ankò ane sa de yon ogmantasyon konpare a ane anvan an.

Komite a rete veyatif sou konbyen kòb ki itilize pou frè administratif yo. Pou Ane Fiskal 2021-22 la, li te bay 6.22 pousan nan bidjè total la pou jere administrasyon The Children’s Trust la.

Chak Janvye, The Children’s Trust pibliye yon rapò anyèl ki detaye depans yo nan pwogram ak sèvis yo, e analize enpak sila sou kominote a (nan sans kantite rezilta ak randman pou timoun ak fanmi yo).

Klike la pou telechaje yon kopi Rapò Anyèl 2020 la.

Q10: Kiyès ankò ki fè sa nan Florid la?

R: Konsèp pou yon sous finansman pou timoun egziste depi plis pase yon demi syèk depi desizyon ke votè nan Pinellas County (St. Petersburg) te fè. Jodi’a an plis The Children’s Trust pou Konte Miami-Dade la, nèf lòt konte nan Florid ap dirije sèvis konsèy timoun sèvis konsèy ak/oswa komisyon pou timoun: orijinal la nan Pinellas, Duval, Hillsborough (Tampa), vwazen nou nan Sid Florid la nan Broward ak Palm Beach, ansanm avèk konte Alachua, Martin, Manatee ak St. Lucie. Florida Children’s Council la sèvi pou koòdone efò yo atravè eta a.

Vizite Florida Children's Council la, yon òganizasyon ki kouvri sèvis konsèy timoun yo nan eta a.

Q11: Kijan mwen ka jwenn plis enfòmasyon sou The Children’s Trust?

R: Vizite lòt zòn nan sitwèb nou pou yon lis detaye anpil pwogram ak sèvis. Enskri nou pou resevwa youn nan piblikasyon sou entènèt nou yo, tankou Trust Insider, yon bilten ki fèt chak mwa sou travay n’ap fè nan kominote a; Capital Connection, yon sesyon lejislativ ki mete nou okouran, chak semen, sou devlopman lwa k’ap fèt yo ki afekte timoun ak fanmi yo; oubyen bilten founisè nou, ki pibliye opòtinite finansman, atelye travay/entrènman, evenman ak opòtinite travay chak semenn. Epi suiv nou sou Facebook, InstagramTwitter, LinkedIn ak Pinterest.

Ou kapab tou:

  • Vizite sou entènèt Kalandriye Kominotè nou pou’w konnen lè gen antrènman ak atelye travay ke The Children’s Trust la finanse oubyen sipote
  • Aksede epi telechaje yon pakèt piblikasyon Trust la nan sitwèb nou, tankou Parenting Our Children, yon piblikasyon ki konsantre sou sèvis, chak mwa, pou paran yo ak moun ki bay swen yo, ki chaje avèk enfòmasyon ki ka ede ak bon jan resous.
  • Enskri sou chanèl YouTube nou pou gade epizòd timoun nou yo ki gentan pase ansanm ak video ki montre evènman anyèl The Children’s Trust yo tankou Family Expo, Young Talent Big Dreams epi Champions for Children.
  • Telechaje dokiman, logo avèk dosye laprès yo ki disponib nan sitwèb nou, avèk rapò anyèl la tou, ki bay detay sou depans pwogram ak sèvis yo, epi analize enpak yo sou kominote a (nan sans kantite rezilta ak randman pou timoun ak fanmi yo).