Ti gason kè kontan sou yon gwo balon ki gen koulè lakansyèl nan on pisin.

famveldman/stock.adobe.com

Kenbe Timoun yo Ansekirite Lakay Nou

Evite aksidan ak blesi
Evite aksidan ak blesi 

Dapre Injury Free Coalition for Kids of Miami (www.injuryfree.org), se blesi ki pa entansyonèl ki se premye koz lanmò timoun laj 1 pou rive 12 lane nan Konte Miami-Dade. Anpil nan ensidan sa yo ka rive lakay nou. Bon nouvèl la se ke ou ka evite kalite blesi sa yo ak preparasyon.

Tonbe yo
Menmsi ou paka anpeche pitit ou tonbe on lè konsa, gen bagay ou ka fè pou evite aksidan ki ka pi grav. Mete baryè sekirite, fè fòje nan fenèt, enstale televizyon yo ak mèb yo dyanm sou mi yo ak ekipman pwofesyonèl ki fèt pou sa pou yo pa chavire. Fòk ti bebe ak jèn timoun ta toujou byen atache lè yo sou chèz, balansin ak pousèt. Toujou depoze panye ti bebe yo atè – pa sou yon kontwa, tab oswa lòt mèb – anvan ou depoze ti bebe a landan’l. 

Anpwazonman
Anpwazonman timoun kay yo ke yo rive, e se pa toujou sa ou ta sispèk ki lakoz anpwazonman, tankou pwodwi netwayaj, savon ak medikaman. Vitamin gendwa toksik tou, menm jan an tou pwodwi makiyaj, pwodwi pou cheve, plant ak ekipman atizana ka toksik. Kache yo epi take yo nan kabinèt, lamwa oswa tiwa kote timoun yo paka jwenn yo; deplase tout sa ki ta ka kreye yon danje, mete yo wo oswa byen lwen pou timoun yo paka wè yo pou plis sekirite. Epi asire ou ke nou afiche nimewo gratis sant nasyonal kontwòl pwazon an (800.222.1222) sou frijidè ou ak nan twalèt ou, epi tou pwograme’l nan telefòn ou tou. 

Lè Ou Boule oswa Gen Maleng
Lè wap fè manje sou tèt fou, sèvi ak recho ki dèyè yo, kite manch chodyè yo pa andedan pou men ti moun yo paka rive manyen yo oswa pou yo rale sou yo, epi pa kenbe timoun lan nan bra ou pandan fou a limen epi wap fè manje sou li. Fè atansyon ak aparèy ki chofe rapid, paske yo pran tan pou yo refwadi menm lè yo fin etenn, tankou fè pou repase, fè pou cheve ak pwodwi pou seche cheve. Mete kouvèti sekirite sou tout koneksyon elektrik, epi pa janm kite okenn aparèy elektwonik limen oswa on kote timoun ka jwenn yo lè ou pa avèk yo. 

Dife
Enstale detektè lafimen nan tout nivo ak tout pyès kay kote moun dòmi lakay ou epi toujou tcheke pil yo on fwa pa mwa – lè alam lafimen yo mache, sa bese chance pou lanmò ta rive pa matye. Aprann timoun yo pou yo pa manyen alimèt ak brikè, epi si ou gen bagay sa yo lakay ou, sere yo lwen pou timoun yo paka jwenn yo. Prepare on plan pou si janmè ou menm ak fanmi’w ta bezwen chape pou dife ki ta manifeste lakay ou (ou ka jwenn on lis verifikasyon pou edew nan www.safekids.org), epi pratike plan sa ak timoun ou yo jiskaske yo konnen egzakteman kisa pou yo fè san grate tèt. 

Nwaye 
Florid la se kote ki gen plis timoun ki nwaye, epi nan Konte Miami-Dade lan se premye koz lanmò timoun ki gen mwens pase 5 lane. Enskri pitit ou nan leson lanaj pi vit posib – leson sa yo ka bese posibilite pou pitit pi nwaye jiska 88% (pousan). Paran ak lòt responsab timoun ta sipoze aprann fè CPR ki se on metòd pou eseye resisite moun ki nwaye, ansanm ak kijan yo ka sove moun soti nan dlo, tou. “Swim for Jenny,” se yon inisyativ prevansyon YMCA South Florida, li ofri klas lanaj pou senk jou gratis pou timoun ak granmoun nan plizyè lokasyon diferan, inisyativ sa ap fèt le 25 Mas pou le 29 Mas. Pwogram “Make a Splash” USA Swimming Foundation lan kreye a ede fanmi ki viv nan konte a jwenn leson lanaj pou yon bon pri oswa menm gratis pandan tout ane a. Vizite www.usaswimmingfoundation.org pou plis detay. 

Se Elisa Chemayne Agostinho ki ekri tèks sa ak enfòmasyon li jwenn nan Centers for Disease Control and Prevention, Safe Kids Worldwide, the USA Swimming Foundation ansanm avèk the Injury Free Coalition for Kids of Miami.