Yon manman ak pitit fi danse andedan kenbe aktif.

fizkes/stock.adobe.com

Kenbe Timoun Aktif Pandan COVID-19

Si ou anndan kay ou deyò, ou kapab rete aktif pandan yon pandemi
Si ou anndan kay ou deyò, ou kapab rete aktif pandan yon pandemi 

Malgre ke nou tout oblije rete andedan, pa gen okenn rezon nou ta dwe kite COVID-19 anpeche nou fè kondisyon fizik timoun nou yon priorite. Non sèlman boule enèji ak rete aktif enpòtan pou byennèt yo, li pral fè tou ke ni ou ni yo pa rebondi nan tou kwen kay la epi sa pral anpeche nou vin fistre paske nou fèmen anndan kay la.  

Izolman sosyal pandan pandemi COVID-19 la pa fasil pou nenpòt moun, e se vre sitou pou timoun yo. Olye ke yo gen rekreyasyon, aktivite apre lekòl yo, ak lè pou jwe ki kenbe yo aktif, kounye a yo pa gen lòt baygay enteresan pou fè ke sèlman rete anndan kay yo. Se travay nou kòm paran pou redirije enèji timoun nou yo vè aktivite yo ka jwi an sekirite nan kay la oswa antouraj la. Si nou fè sa, li ka bay bon abitid ki pral dire pi lontan pase pandemi a.

Li Enpòtan Pou Kenbe Timoun Aktif
Lè ou nan moman ensèten sa yo ke kowonaviris viris la lakoz, egzèsis se pa yon bagay ki nan tèt ou pou al ajoute nan lis bagay pou fanmi w fè. Ekspè yo dakò ke rete anfòm ka fè mèvèy pou sante fizik ak mantal timoun yo. Òganizasyon Mondyal Lasante rekòmande pou timoun ak adolesan yo aktif o mwen 60 minit pa jou. Etid montre (studies show) non sèlman sa kontribye a sante fizik, li benefisye sèvo tou, tankou ogmantasyon kapasite pou konsantre sou travay lekòl, dòmi pi byen, ak amelyorasyon kapasite pou jere emosyon ak estrès.

Fè Rekreyasyon Yon Priyorite
Kounye an ke pifò lekòl yo fèmen endefiniman, ansèyman anndan kay vin tounen yon bagay nouvo ak nòmal pou timoun yo. Sa vle di yo pa gen divètisman rekreyasyon ak zanmi lekòl kote aktivite fizik fasil. L ap bon anpil pou ou ak tinmoun yo si ou chanje routin ansèyman ki fèt anndan kay la ak kèk lè pou ale nan lakou a oswa deyò, oswa ak lòt aktivite, 

Asosyasyon Ameriken Pou Kè The American Heart Association  sijere pou poze pou omwen 30-minit "rekreyasyon" de fwa pa jou pou cheche opòtinite ki inik pou pitit ou nan anviwònman w. Panse a aktivite ki amizan e ki fasil tankou monte bisiklèt, jwe lago oswa atrape boul ansanm.

Rete Aktif Anndan Kay La
Si espas lakay ou limite, pa panse ke sa vle di egzèsis limite tou. Gen anpil fason pou kenbe timoun yo aktif (ak pran plezi) pandan yo izole nan yon ti espas, menm lè ou pa ka sòti deyò. Sa ki bon se ke pifò fanmi yo nan menm sitiyasyon an, lè konsa ou ka bay youn ak lòt sipò pou jwenn fason kreyatif pou rete aktif. Pa egzanp, Walking 4 Friendship Circle 3K (Mache 3K ak Sèk Zanmitay) ki fèt chak ane, vin tounen vityèl ane sa a e yo pwograme pou  fè li le 3 Me. Ou ka mache pou kont ou, ak fanmi an, oswa menm andedan kay la pou patisipe, epi ede yon bon kòz  Friendship Circle (Sèk Zanmitay) pou rete aktif. Si w ap panse sou jan pou fè egzèsis kap bon pou misk ak sante fizik ou, an menm tan ke w ap kenbe timoun yo aktif, angaje, ak divèti anndan kay la. Eseye sa ki annapre yo:

  • Eseye yoga pou timoun. Si ou gen aksè, YouTube gen plizyè videyo amizan fun videos pou yoga pou timoun. Si ou genyen aksè fè timoun yo detire 5 fwa epi mete an mach yon sonèt pou dire 20 segonn pou chak mouvman. Repete sa 3 fwa pou ka gen kèk minit trankilite.
  • Fè yon konkou Hula Hoop. Si ou gen jwèt sa a nan kay la, gade ki moun ki ka vire Hula Hoop la pi lontan san rete. Nou pwomèt ou sa pral amize tout fanmi an, epi tout tan ke ou t ap ri a pral kontinye kenbe enèji w anpil tan apre ou fin amize w.
  • Fè jwèt ki rele Dans Rete Rèd. Sa a vreman fasil. Mete mizik, epi fè tout fanmi an danse. Rete mizik la chak kèk segond, epi di “ret rèd”. Nenpòt moun ki pa ret rèd oblije sote 5 fwa.
  • Sèvi ak resous entènèt la genyen. Resous vityèl tankou GoNoodle plen ak jwèt ak aktivite pou fè timoun yo deplase kò yo ak fè sèvo yo travay. Gen lòt resous tou ki gratis pou ede fanmi ki gen timoun nan kay yo akòz COVID-19.
  • Timoun ki andikape oswa bezwen èd espesyal ap ka benefisye de aktivite fizik tou. Easterseals South Florida fè yo fè mouvman ak yon seri aktivite ou ka tcheke nan StayHome.Miami (Miami Rete Lakay Ou).


Lè w Sòti Deyò
Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) rekòmande pou nou tout pratike distans sosyal pou ede ralanti pandemi COVID-19 kap blayi tout kote. Pou fè sa, nou ta dwe evite foul moun, evite evènman ki plen moun epi kenbe moun ki pa manm fanmi nou a yon distans ki an sekirite (apeprè 6 pye).

Men, sa pa vle di timoun pa ka ale deyò! Depi ke yo swiv mezi distans sosyal ak pratike bon ijyèn, yon ti frechè ta vreman bon pou yo. Men kèk konsèy pou yo ka an sekirite pandan aktivite yo deyò a:  

  • Ale pwomnen an fanmi. Gade byen, ki moun ki pa ta renmen pran yon ti souf ak anprandisaj anndan kay, de tande yon pakèt, nouvèl san rete, oswa monotoni izolasyon an? Epitou, lè tout fanmi an soti al mache pou 30 minit, non sèlman sa fè w fè egzèsis, li ba w yon bon chans pou kominike  youn ak lòt.
  • Pratike plante. Ak tan chalè ki gen kounye an, se pi bon lè pou fè timoun yo ede w ak lakou a oswa nan jaden an. Retire move zèb, fouye twou, plante flè ak awoze plant nan solèy la se yon fason fasil pou fè kè a ponpe.
  • Oganize pou pase yon jounen deyò ak fanmi an. Prepare jwèt tankou voye balon dlo youn sou lòt, kouri epi pase baton an, jwe kous ak twa-janb, fè jwèt  mache tankou krab, elatriye, jwèt ou ka òganize yo enfini.
  • Fè kankou tan anvan. Sonje jou lè ou te konn jwe marèl sou twotwa yo, desann yon ti mòn glise ki gen hula hoop kòm obstak? Reviv ak ti pitit ou jwèt anfans sa yo ou te pi renmen, se yon jan amizan pou ou ak timoun fè mouvman - epi sa ka ajoute yon ti kras kontantman ke nou tout ka bezwen kounye a.