Yon timoun Afriken Ameriken chita anlè zepòl papa li.

Akarawut/stock.adobe.com

Kenbe Bon Sa Nou Aprann Pandan COVID-19 La

Pandan nap eseye bliye move a
Pandan nap eseye bliye move a 

Pandan n ap re-sòti deyò nou pa ta vle panse sou lapè, enkyetid ak laterè koronavirus la. Si nou panse sou lavi nou pandan tan tan sa a, n ap remake anpil bagay ki te pase 15 mwa dènye yo pat tèlman mal. Kèk nan yo te bon. Sa nou te aprann pandan nou te oblije ansanm lwen lemonn bannou yon bon fondasyon pèmanan.

Olye nou eseye bliye move tan, ann sonje bon eksperyans nou epi kenbe yo tout tan.

Bon ijyèn vin fè pati lavi nou

Sonje lè paran pase mwatye lavi yo pou montre timoun ijyèn? Sèl pandemi an ki fè efò sa mache pi vit. Anvan sa, konbyen fwa yo te oblije fòse yo al lave men yo? Kounye a yo dwe konn kouman, epi jan pou kouvri figi yo lè yap etènye oswa touse. Yo ka te bliye padan ane ki pase yo, men pa gen anyen ki anbarase yo plis lè moun kap kouri pou yo lè yap etènye san kouvri figi yo. Si w pa ka anpeche timoun fouye nen yo oswa mete pous nan bouch yo, mete yon mask sou yo epi wap wè move abitid yo disparèt tousuit.

Chajman sante mantal

Pou anpil moun, sante mantal pa fè pati nan lavi yo, men, pandemi an oblije sa. Dapre Enstiti Nasyonal Sante Mantal (NIMH) li boulvèsan ke izòlman ak ensètitid lakòz ogmantasyon nan depresyon, abi sibstans ak lòt sentòm tankou estrès ak panse swisid. Paran ak pitit yo te oblije fè fas a pwoblèm sa yo olye de distraksyon abityèl. Plisyè aprann ke ede lòt moun se yon estrateji pou siviv ki redui enpak sou sante mantal e lè yo adrese bezwen moun anmenmtan sa soulaje sentòm sikyatrik yo. Paran dwe siveye sante mantal pitit yo menm jan yo te fè ak pa yo pandan pandemi an.

Kou rapid sou travay ak lekòl anndan kay

Anvan COVID-19, anpil paran k ap travay te panse travay lakay pat posib. Bri, distraksyon ak responsablite yo te twòp. Menm bagay pou lekòl. Sa Chanje. Obligsyon travay anndan kay e timoun yo ap etidye bò kote yo plen defi, echèk ak fristrasyon, men pifò te aprann balanse sa byen. Koulye a, paran yo konn jere sa. Yon sondaj (Gallup poll) bonè ane sa a mezire opinyon Ameriken sou travay lakay yo. Preske 25% di yo vle kontinye konsa menm apre pandemi an.

Apresyasyon pou ti bagay ak gwo bagay

Rapidite lavi ka fè nou pa apresye bagay nou genyen jiskaske nou ralanti oswa pèdi yon bagay. Pandemi an fè nou wè lemonn ki antoure n e li fè nou apresye sa nou pèdi. Pou premye fwa anpil paran pwomnen ak pitit yo nan katye e nan lakou yo, al nan pak oswa flannen nan lari. Sa vin enpòtan pou yo paske se te sèl opsyon yo te genyen. Nou pat vreman panse wè fanmi, ak zanmi nou renmen anvan COVID-19 la, men kounye a kè nou pa ka tann jou a rive pou nou ka wè ak anbrase yo.

Pandemi a elimine anpil nan lavi nou e, epi li pap yon tan nap vle repete. Men, si nou panse sou lavi nou anvan COVID-19 gen anpil bagay nou pa t fè byen. Pi bon jan pou avanse ak amelyore lavi nou se sèvi ak sa nou aprann pandan ane ak mwa anplis sa yo.