Yon gwoup jèn adolesan ki mete ansanm kont youn ki pi pitit.

pololia/stock.adobe.com

Kanpe Tèt ak Entimidatè

Opinyon Timoun yo
Opinyon Timoun yo 

Kisa ki fè yon moun se yon entimidatè?

Si y’ap ba ou non san rete, pa yon sèl fwa, plizyè fwa.

Camryn, 10 zan

Lè w’ap aji brital ak yon moun.

Avery, 10 zan

Yon move bagay ki rive entimidatè a ke yo ta renmen fè lòt moun.

Oli, 7 tan

Èske yo janm entimide’w?

Yon moun te rele’m "poopy pants".

Bryce, 5 kan

Wi, Yo di’m ke figi mwen lèd epi rad mwen lèd.

Avery, 10 zan

Wi, Yo pase mwen nan betiz poutèt koulè mwen.

Cayden, 8 tan

Youn nan zanmi mwen fè’m santi ke’m t’ap fè yon bagay ki mal chak jou epi sa fè’m santi’m mal.

Camryn, 10 zan

Ki pi bon fason pou fè fas ak yon entimidatè?

Mwen ap rapòte yo!

Bryce, 5 kan

Premyeman, defann tèt ou epi deplase.

Oli, 7 tan

Di yon granmoun ke ou fè konfyans.

Camryn, 10 zan

Tèks sa fèt avèk kolaborasyon Fatherhood Task Force of South Florida.