Yon ti gason anbrase granpapa li pandan jou ferye yo.

Rawpixel.com

Kòman ou ka Sezon Fèt pa Sèlman yon Epòk Kado

Kilti, Jenewozite ak gratitid pandan jou ferye yo
Kilti, Jenewozite ak gratitid pandan jou ferye yo 

Nou rete nan yon mond kimateryèl. Kèlkeswa efò ke nou fè pou nou aprann timoun yok e Nwèl oswa Hanukkak, Kwanzaa ak lòt fèt yo se pa sèlman vakans, rasanble epi resevwa kado, mond deyò a conspire kont nou.

Erezman, tout pa pèdi. Mirak ka fèt. Nou ka pitit nou tounen moun ki reflechi ki konn bay epi ki gen konsyans ki plis panse pou yo ranpli kè yo ak lanmou olye yon pakèt kado.

Eseye etap sa yo pou ka fèt yo vle di yon bagay tout bon pou pitit ou, Yon bagay ki pèmèt ke kè yo grandi.

Aprann Kijan Lòt Kilti Selebre
Pa sèlman pale sou tradition fèt nwèl pa’w, eksplike timoun yo jan lòt kilti wè epi pratike fèt nwèl la. Se yonbon fason pou fè timoun yo wè kòman lòt yo selebre, espesyalman nan lòt peyi kote bay kado pa fasil. Jwenn epi rankontre moun ki selebre fèt nwèl yon lòt fason, aprann vre siyifikasyon fèt nwèl la. Apre, eseye li yon liv ak pitit ou pou ede eksplore nouvo tradisyon yo pi plis toujou.

Pratike Charite
Sezon fèt yo se yon bon moman pou aprann timoun yo enpòtans pou bay kominote a anretou. Kit se patisipe nan yon distribisyon kado, volontè nan yon abri, oswa prepare pakè pou militè, ekspè yo di pa gen aksyon ki twò piti lè se charite. “Li pa oblije yon gwo pwojè pou li fè enpak sou sila ki nan bezwen yo oswa sila ki ap patisipe yo,” se sa Doktè Army D’Unger eksplike bay PBS.

Li pa oblije yon gwo pwojè pou li fè enpak sou sila ki nan bezwen yo oswa sila ki ap patisipe yo

Ankouraje yon Atitid Charite
Youn nan fason ki pi fasil pou aprann yon timoun pou apresye vre siyifikasyon fèt nwèl la se pou ankouraje pou yo konprann vale sa yo genyen. Etid sijere ke timoun ki pratike charite ka resevwa anpil benefis, tankou fè pi bèl nòt lekòl, gen mwens depresyon ak jalouzi, epi pi pozitif nan lavi.
    
Sote Kado yo
Menn si li ap difisil pou timoun yo pou yo aksepte pou yo pa ta reveye epi jwenn yon pakèt kado, pa bay timoun yo kado nwèl se yon bon fason pou antrene yo pou yow è pi lwen ke kote materyèl la pou yo ka wè vre siyifikasyon Nwèl la ak lòt tradisyon bay kado yo. Si pa bay kado pa parèt rezonab oswa li parèt mechan, koupe kantite kado mwatye epi itilize lòt pati lajan pou li bay yon konpayi charite nan non pa li.