Kòman Nou Finanse

Ekip ak manm direktè The Children Trust yo la pou sipòte pwogram edikasyonèl ki gen objektif yon enpak pozitif pou timoun ak fanmi nan kominote nou an epi delivre yon rezilta solid sou envestisman. Kòm ajans gouvènman, nou dwe transparan, piblik epi konpetitif ki balanse sibvansyon alontèm ak nesesite akoutèm bay ajans yo k'ap ofri bon kalite pwogram ki an akò ak plan estratejik nou. Gade video sa pou plis enfòmasyon:

Telechaje PDF Plan Estratejik

Plan estratejik nou an chita sou kat fondasyon sa yo: sosyal, edikasyon, ekonomik ak anviwonman. Malgre okenn pwogram oubyen òganizasyon ka reyalize fondasyon sa yo poukont li, sipòte sèvis dirèk yo se pwen santral estraji envèstisman nou, paske timoun bezwen resous ak sipò pou devlope, grandi an sante epi kontribye nan ekonomi lokal la. Se poutèt sa, bidjè nou an bay pwen sa yo priyorite:

Paran 
African American father carrying two boys on his shoulders.^

Paske anyen paka vreman prepare'w tout bon pou ka leve yon timoun, nou vle met ansanm avèk ou pandan n'ap ofri ou pwogram espesyal pou chak paran. Pwofesè ki fòme, ki kapab se antrenè familyal, travayè sosyal oubyen enfimyè, ofri'w sipò ke w'ap bezwen pou prepare pitit ou pou'l gen yon vi ki reyisi. W'ap jwenn èd sa yo GRATIS plizyè fason; epi nan biwo endividyèl. Pwogram sa yo ede'w amelyore kominikasyon ak pitit ou; idantifye pwoblèm ak difikilte pou devlopman; ofri metòd disiplin ki kreyatif epi efektif; epi ankouraje lasante ak nitrisyon. Jwenn pwogram ki bon pou ou isit la

Epitou, The Children's Trust Parent Club te reyini ekspè lokal pou paran yo pou yo ofri atelye GRATIS nan tout konte a sou sijè enpòtan sou elve timoun ki gen siksè, ki an sante, ak kè kontan. Nan chak atelye 90 minit, moun kap bay swen yo ka resevwa gadri gratis pou timoun 3-12 zan, yon ti goute, epi antre nan yon tiraj.

Developman Timoun Piti 
Teacher with kids at childcare center.^

Premye 1,000 jou lavi timoun pi difisil, se poutèt sa pwogram sa yo la pou bezwen sosyal, konpòtman ak entelijans akademik, ofri depistaj ak sèvis entèvansyon bonè pou timoun ke nou idantifye ki gen pwoblèm konpòtman ak devlopman.

Dosye entèvansyon bonè nou an gen ladan li sipò evalyasyon espesyal siko-edikasyonèl, pou maladi otis, entèvansyon akoutèm pou timoun ki pa gen kritè yo mande yo resevwa sipò sèvis eta, epi pwogram ete pou timoun ki gen 5 lane ki andikape ki resevwa sèvis pou ane lekòl yo.

Pwogram Thrive by 5 nou an te kreye kòm repons ak rechèch ki te montre ke eksperyans li bonè, opòtinite pou anrichi vokabilè ak anviwonman ki alfabetize, se fason ki pi efikas pou sipòte devlopman entelijans pre-lekti ak konpreyansyon, alòs timoun ap gentan konn li anvan oubyen lè yo nan twazyèm ane lekòl. Pran bone, al anrejistre timoun ou yo kounye'a GRATIS nan Book Club.

Paske majorite jèn timoun gen yon fòm swen ki soti deyò, sistèm evalyasyon edikasyonèl ki rele Early Learning Quality Improvement System la te devlope kòm zouti pou amelyore swen timoun Konte Miami-Dade yo nan mete ansanm ak pwogram yo epi ekip yo pou rive jwenn bon kalite.

Developman Jèn 
African American male youth leading ballet class.^

Bay timoun yo ak jèn yo kote ki fyab apre lekòl kote yo ka boujonnen, se yon priyorite pou The Children's Trust. Ede yo ak devwa yo, lekti, leson patikilye ak aktivite pou yo amize yo se yon pati nan pi gwo pwojè. Pwogram Apre-Lekòl yo ak kan ete yo ofri timoun yo opòtinite pou yo ranfòse eksperyans lavi a, aprann sou nitrisyon, fè nouvo zanmi, epi dekouvri ak devlope nouvo enterè. 

Adolesan yo benefisye nan antrenman pwofesyonèl ak preparasyon inivèsitè, edikasyon kiltirèl, espò, konsèy, estaj peye ak antrènman lidèchip nan Youth Advisory Committee nou an. Pou paran yo, kote sa yo fyab epi y'ap patisipe nan ede elve timoun ki gen siksè, ansante epi kontan. Chèche pwogram oubyen aprann plis sou aplikasyon dijital GRATIS nou isit la.

Sante ak Byennèt 
Hispanic girl receiving medical attention at school.^

Sousi pou reyisi pou lane lekòl la ka fè timoun yo neglije sou sante ak byennèt yo, men rechèch montre ke sante kapab aji sou aktivite lekòl yo ak konpòtman yo. 

Se poutèt sa nou envesti nan pwogram swen sante konplè ki ofri evalyasyon medikal, dyagnostik, tretman, vaksinasyon, konsèy ak referans, ansanm ak swen zòrèy epi konsiltasyon pou je, an plis edikasyon sou prevansyon blesi ak sipò pou enskripsyon pou asirans.

Sipò Fanmi ak Vwazinaj 
African American family at the park.^

Se teyori chanjman The Trust la ki fè konnen timoun jèn ak fanmi yo ap reyalize pi bon rezilta si nou ankouraje eksperyans pozitif timoun yo, ranfòse relasyon fanmi ak lajenès epi bay sipò pou bezwen esansyèl yo. Envestisman sa a pèmèt fanmi yo travay ak antrenè kap ede navige sistèm kap fè yo jwenn sipò sèvis sosyal, terapi, pwogram ki benefisye ak tout atik esansyèl estabilizasyon yo ka bezwen, tankou asistans transpò, ak èd lojman tanporè. Envestisman an baze tou sou travay enpòtan sa a pou amelyore kalite lavi moun atravè Miami-Dade. Klike la a pou telechaje yon lis patnè nou finanse pou sa.

Defans ak Sansibilizasyon Kominotè 
Our Children TV Talk Show control booth.^

Eksplike pwoblèm ak pataje eksperyans pou moun kapab pran pwòp desizyon pa yo pou ede fanmi yo oubyen pran desizyon pou pitit yo oubyen pou kominote yo se poutèt sa The Children's Trust envesti nan sansibilizasyon ak pwojè defans efforts.

Itilizasyon yon varyete apwòch kiltirèl epi ki an plizyè lang, disponib pou youn oubyen plizyè moun.

Popilasyon Espesyal 
Children and program coordinator visit incarcerated father^

The Children's Trust pa janm elimine soutyen kontinyèl li pou sipòte timoun ki gen bezwen espesyal, pou ede yo avanse. Lè nou defini bezwen espesyal yo, nan angajman nou mete ladan'l ni timoun ki andikape ni sa ke yo gen abitid idantifye kòm timoun ki fè pati yon popilasyon espesyal, tankou lesbyèn, gason makòmè, jèn ki biseksyèl ak transjandè yo, timoun san fanmi ki nan kay adopsyon yo; jèn ki nan sistèm jistis yo; timoun ki gen paran yo ki fèmen nan prizon; epi sa ki pa gen kay. Ki fè se politik nou ak abitid nou pou nou asire nou ke popilasyon espesyal yo toujou byen akeyi nan pwogram nou finanse yo, e ke yo jwenn yon bon sèvis efikas avèk diyite.

Pwogram ak Devlopman Pwofesyonèl 

Lè nou envesti nan pwogram ak devlopman pwofesyonèl, The Children's Trust ap envesti nan timoun ak fanmi yo.

Nan ogmante konpetans ak efikasite pwogram ak staf yo, nou jwenn plis konpetans, prodiktivite, efikasite, epi pwodiksyon pi gwo kalite pwogram, sa ki bay pi bon rezilta an retou sou envestisman nou.

Opòtinite antrènman ede staf yo pou yon konstwi konfyans nan tèt yo nan travay y'ap fè a, epi sa ede yo konstwi kredibilite yo pandan y'ap kontinye devlope nouvo aptitid ak adopte nouvo ide ak pèspektiv.

The Children's Trust bay sipò regilye pou aplikasyon ak evalyasyon pwogram ki gen bon kalite, epi fonksyon fiskal ak administratif.

Kalandriye Antrènman

Klike la pou plis enfòmasyon sou pwogram Trust la finanse yo.