Y’ap pran tanperati yon ti gason.

WavebreakMediaMicro/stock.adobe.com

Jounen Malad?

Ki lè pou kenbe lakay yon timoun ke nen li ap koule
Ki lè pou kenbe lakay yon timoun ke nen li ap koule 

Pitit ou reveye li pa santi li byen. Y'ap plenyen ke nen yo bouche epi gòj yo anfle men yo pa gen lafyèv. Èske ou ta dwe kenbe yo lakay oswa voye yo lekòl?

Se yon pwoblèm kotidyen pou plizyè milyon manman, papa ak moun ki responsab timoun lè yo dwe pran desizyon kisa ki ap pi bon pou pitit yo – epi answit jwenn lajan pou peye pou ijans sa yo.

Nen koule poukont li se pa yon rezon pou kenbe timoun lan lakay li. Yon ti senp grip se sa li ye, senp, timoun ka etènye epi touse. Anreyalite, ekspè yo di, sa rive souvan timoun nan laj ant 3-12 lane yo ane sa. Paske sistèm iminitè timoun sa yo kontinye ap devlope, sa fè yo pi sansib ak plis pase 200 viris ki konn lakoz grip yo. Timoun pwopaje jèm maladi pi fasil paske men yo toujou nan bouch yo, ap manyen jwèt ak lòt timoun.

Alòs, kòman w'ap konnen si se yon refwadisman oswa se yon lòt bagay? Lè pa gen lafyèv, ou dwe itilize ensten ou ak sa ou konn sou pitit ou. Èske yo manje byen? Èske yo gen pwoblèm pou yo dòmi? Èske yo te reveye pandan lannwit yo t'ap plenyen pou gòj k'ap fè yo mal? Nòmalman yon timoun ki santi li mal konsa pa pra'l efektif nan klas, alòs kòm prekosyon li preferab ke yo rete lakay, espesyalman si ou ka kontwole evolisyon sentom yo.

Doulè nan zòrèy, gwo tous ki vini avèk rim pwès, epi gwo esoufleman, tout sa, se siy pou kouri menmen timoun lan wè doktè. Pou ti sentom grip senp yo, men kèk konsèy – kèk pedyat ak ekspè medikal bay – men kisa yo di pou nou fè.

Kenbe Pitit Ou Lakay...
Epi rele yon doktè si:
• Si tamperati yo plis pase 100 degre.
• Si yo gen vètij, feblès oswa sentom grip.
• Nen yo ap koule epi yo gen rim pwès vèt oswa jòn.
• Yo gen yon tous oswa yon konjesyon ki anpeche yo respire byen.
• Yo gen gwo tèt fè mal.
• Y’ap vomi epi yo gen dyare.
• Yo gen gratèl epi yo konn kote’l sòti.
• Je yo ap koule ak yon rim pwès.

Refwadisman
Bliye sa'w tande ke lè'w chita nan yon chanm frèt oswa sòti deyò ak cheve mouye. Se enfeksyon ki lakoz refwadisman epi souvan yo ale nan yon semèn. Poutèt sa, antibyotik pa’p ka soulaje'w.

Sa'w ka fè: bay pitit ou bwè anpil likid (soup ka ede anpil!); diminye konjestyon lè ou itilize aparèy humidifier oswa vapè twalèt; eseye yon solisyon nazal ke ou ka mete dlo sèl yo oubyen ti ponp pou nen yo (ki fèt pou timoun yo); aprann yo mouche nen yo lè yo bouche yon bò epi mouche ak lòt la epi eseye fè yo pran repo, menm si yo alonje sou sofa pou yo gade televizyon. Selon laj yo yon ti dòz asetaminofèn ka ede tou pou diminye lafyèv ak doulè yo.

Konnen ke pafwa refwadisman konn vin pi grav anvan ke timoun yo refè epi konplikasyon yo ka rive jiska bwonch, nemoni, oswa sinis oswa enfeksyon nan zòrèy. Siveye yon dezyèm enfeksyon si pitit ou gentan gen lafyèv depi premye jou a, si li genyen rim vèt oubyen jòn pwès, li gen las, doulè nan gòj oswa nan zòrèy ki pa janm sispann oswa li parèt parese.

Gòj Fè Mal
Yon ti gòj fè mal ki vini ak yon refwadisman pa mande yon tretman medical espesyal. Kòm gòj fè mal la se yon sentom, objektif ou se eseye bay soulajman depi’w kapab. Likid cho ak frèt kapab ede. Eseye dlo cho ak sitwon oswa ti mòso glas ki fèt ak Gatorade. Timoun ki gen 8 lane oswa plis kapab souke dlo cho sale nan gòj yo. Si gòj fè mal la vini avèk lafyèv oswa kontinye pou plizyè jou, ale wè doktè.

Grip
Souvan yon panse refwadisman se grip. Se enfeksyon nan vwa respiratwa siperyè yo ki lakoz, grip la – pi grav, li ka vini ak yon fyèv ki pi wo, tous, gòj fè mal, nen bouche oswa nen k'ap koule, tèt fè mal, pèdi apeti, doulè ak fatig. Medikaman san preskripsyon ka ede, menm si souvan, se kite'l fè tan li. Li rekòmande pou timoun ki grav epi ki gen plis ke 6 lane yo pran vaksen. Miami-Dade County Public Schools ofri etidyan li yo vaksen gratis avèk konsantman paran yo (kontakte lekòl pitit ou dirèkteman pou plis detay); Florida Department of Health nan Konte Miami-Dade bay vaksen gratis tou plizyè kote (rele nan 786.845.0550 pou pran yon randevou).

Enfeksyon Gòj
Enfeksyon gòj se yon enfeksyon bakteri kontajye. Si ou pa trete li, li ka lakoz lafyèv rimatis oswa jòn. Toujou siveye lè ou wè mak blan sou yon gòj ki rouj, difisil pou vale, glann anfle, fyèv ak lòt malèz, si ou konnen te gen kontajyon enfeksyon gòj nan lekòl pitit ou oswa gadri yo, ou ta dwe mennen yo al fè tès pou sa. Si rezilta pozitif yo dwe pran antibyotik epi yo paka tounen lekòl pa apre yo pran remèd pandan omwen 24 èdtan.

Enfeksyon nan zòrèy
Enfeksyon nan zòrèy – se yon enflamasyon andedan zòrèy la – souvan se yon enfeksyon respiratwa ki lakoz. Sentom yo se lafyèv, doulè nan zòrèy, lè y'ap tire zòrèy yo san rete, lè zòrèy yo ap grate yo. Mennen yo wè doktè epi ba yo antibyotik.

Enfeksyon Sinis
Ou ka sispèk ke se yon enfeksyon sinis si pitit ou gen yon refwadisman ki dire plis pase 10 jou oswa plis. Siy yo nen k'ap koule san rete ki pa amelyore; tous ki vin pi grav lannwit; vizaj ki sansib (sinis ki anfle yo!) epi tèt fè mal. Rele doktè ou: pitit ou pra'l bezwen antibyotik.