Yon ti fi Afriken Ameriken timid kache dèyè yon liv.

Ranta Images/stock.adobe.com

Jere Timoun ki Timid: Sa ki Rezève ou sa ki Silansye ak Enkyè

Ekspè bay opinyon sou ki jan pou simonte timidite san w pa pèdi benefis li yo
Ekspè bay opinyon sou ki jan pou simonte timidite san w pa pèdi benefis li yo 

Jou ferye yo preske rive, ki vle di (Ann espere!) selebre benediksyon nou ansanm ak moun nou renmen. Men, pou anpil fanmi, patikilyèman timoun yo, fèt ak menm ti rankont ansanm ka bay estrès paske timoun yo poko fin fò nan salye ak reyiny ak lòt moun. Anpil paran konn fristrasyon fè pitit yo salye oswa menm rekonèt lòt moun, espesyalman timoun "timid". Estrès sa a ta ka fè yon timoun rezève vin pi solitè. Bon nouvèl la se ke pwofondè timidite a ka vreman pozitif. Lè paran konprann sa ak panse byen, yo ka fè timoun krentif yo vin pi ouvè, ogmante ladrès sosyal ak jwi benefis ki genyen lè yo pa rezève.

Konprann Timidite

Dapre "Timoun ak timidite" nan Better Health Channel (Chèn tele sou sante) Anpil bagay ka lakòz timidite nan yon moun, tankou sansibilite ak trankilite natirèl, jiska mank entèraksyon sosyal ak krent echwe. Siksè akademik, ladrès bon konpòtman ak koute, asosye ak sa tou. Lemonn definitivman bezwen plis bon moun pou klere yon limyè pezib nan mitan kakofoni lavi modèn nan. Men, timoun yo bezwen konsèy paran yo lè yap panse ak enkyetid, pou yo pa pè gade moun nan je ou pèdi konfyans nan tèt yo. Lè laperèz anpeche yo aksepte jwe wòl yon zèb sou sèn nan, ankouraje timoun piti w "fè l men si l pè." Pou kòmanse, BHC rekòmande evite etikèt timid lan paske "timoun (ak granmoun) gen tandans viv etikèt lòt moun ba yo."

Bay Espas, Ankourajman

Paran yo ka kreye espas ki an sekirite pou fè pratik sosyal ak jesyon anxyete ak aktivite diskrè tankou yon rankont ak zanmi lakay yo. BHC ekri “Fè espre mete pitit ou nan nouvo sitiyasyon. Pwemyèman vize pou ti chanjman nan konpòtman l epi piti piti ogmante sa. Pa egzanp, rekonpanse yon timoun si yo salye yon moun ki nouvo pou yo. Bay yo sipò, "

Nan "10 Tips to Help your Extremely Shy Child (10 Konsèy Pou Ede Pitit Ou Ki Timid Anpil)" Susan Light konseye paran yo modle yon konpòtman ouvè ki amikal. Eksplike lè ou te simonte timidite, tankou lè ou te pale ak nèvosite kont yon abizè ak jan w te santi w pi fò apre sa. "Eksplike poukisa eksperyans sa a te bon pou ou. Diskite bon bagay ki genyen nan aji ouvètman, tankou fè nouvo zanmi, amize w ak jwi lekòl plis.

Klere Limyè w

Ede timoun yo renmen tanperaman Bondye bay yo epi devlope talan espesyal yo. Ki timoun ki pa fyè de yon twofe li resevwa apre yon match tenis difisil li genyen? "Èske li kreyatif? Èske li atletik? Ankourajman ladrès sa yo pral pèmèt pitit ou wè tèt li kòm yon moun ak talan e kapasite. Santiman konfyans sa a ka ede l 'vin pi fleksib nan sitiyasyon sosyal." Finalman, ansanm avè l eksplore literati sou kouraj. "Li liv ak pitit ou ki prezante karaktè ki simonte timidite ekstrèm. Sèvi ak istwa yo kòm yon pwen depa pou diskisyon sou timidite e kijan li afekte lavi li. "

Jwe Wòl La

Pandan w lakay ou, pran maryonèt, ti jwèt karaktè fim ak poupe yo epi pwofite tan rekreyasyon sa a ak pitit ou pou jwe pretann salye lòt moun, kòmanse konvèsasyon epi rankontre nouvo moun. Light di "Konsidere jesyon timidite kòm nenpòt lòt pwosesis aprantisaj, tankou aprann li. Pou w ka ranfòse konfyans pitit ou, kle a se pasyans, dousè ak konpreyansyon.”