Battle of the Books kom in die somer van 2021.

StayHome.Miami

Jere Summer Slide ak Battle of the Books

Amelyore alfabetizasyon pitit ou ak lekti e plezi
Amelyore alfabetizasyon pitit ou ak lekti e plezi 

Lekti pandan ete! Ou ka imajine pitit ou plenyen si yo tande panse sa a. Men pou fè yo li sa ka tounen yon batay. Men depi yo kòmanse li yon bon liv sa pral chanje. Battle of the Books ki sou twazyèm ane pral fè timoun yo eksite pou yo li nan yon konpetisyon ki plen aktivite, oratè motivasyonèl ak bon jan plezi. Konpetisyon an se yon ekselan jan pou kenbe timoun yo enterese ak angaje nan lekti lè kapasite akademik elèv tipikman bese. Rechèch montre ke elèv yo ka pèdi prèske yon mwa aprantisaj ane lekòl, epi elèv ki pi pòv gen plis chans soufri ak sa.

Elèv Jadendanfan jiska 5yèm ane eskolè ka patisipe nan konpetisyon an lè yo enskri nan www.StayHome.Miami. Apre plis pase yon mwa plezi nan aktivite lekti, konpetisyon an fini 22 Jiyè lè Batay Lekti Pandan Lete ap dewoule sou Zoom pou kouwone Gran Gèrye Lekti Miami-Dade.

Pwosesis la senp: apre timoun yo enskri, yo resevwa an pèsòn oswa (telechaje yon liv) gratis swivan nivo klas yo. Lè sa a, yo ka kòmanse telechaje aktivite pou fè lakay yo.

Men liv pou ane sa:

  • Jadendanfan & 1er nivo- Jabari Jumps pa Gaia Cornwall
  • 2èm & 3èm nivo - Sarai and the Meaning of Awesome pa Sarai Gonzalez and Monica Brown
  • 4èm & 5èm nivo - President of the Whole Fifth Grade pa Sherri Winston

Depi yo anrejistre e yap li, patisipan yo pral oblije gade yon seri videyo pou ankouraje yo li. Anplis, ap gen vizit vityèl envite espesyal soti nan NBA ak Miami Hurricane, antrenè bezbòl ak baskètbòl, jwè, ak animatris. Gade video yo pou wè batay yo.

Ane pase nan mwa jiyè, plis pase 800 moun te patisipe nan Batay Lekti a kote patnè nan Miami Dade Grade Level Reading Campaign nan te anime evenman an. Konpetisyon sa a ankouraje timoun jwi ak benefisye lekti ak alfabetizasyon bonè nan la vi.