De jèn fi pase kèk tan ekran lakay yo pandan paran yo gade.

WavebreakMediaMicro/stock.adobe.com

Izolman karantèn la devan yon ekran

Jwenn sa k pi bon pou pitit ou nan sitèm elektnonic dijital yo
Jwenn sa k pi bon pou pitit ou nan sitèm elektnonic dijital yo 

Gras a pandemik Coronavirus - COVID-19 fè la vi kotidyen vin poze, pou tèt sa anpil paran ki gen timoun piti lakay yo ap chache kòman pou kenbe pitit yo okipe ak an bon sante. Avèk lekòl ki fèmen ak aktivite deyò ki anile toupatou nan peyi a, li pwobableman inevitab ke timoun yo pral pase plis tan devan yon ekran nan semèn kap vini yo.

Si ou se yon paran ke konpayi w  kite w travay adistans, oswa ou pap ka travay menm ankò epi ou gen pou jwenn jan pou kenbe piti ou motive, ekspè yo di li enpòtan ke ou ak timoun yo ta dwe pran yon ti repo pandan tan ensèten sa a.

Tan Aktyèl
Polly Conway ki se yon editè televizyon nan Common Sense Media di Los Angeles Times "Nou tout ap kalkile sa jodi a menm,". "Jan nou apwoche sa, nou jis bezwen pran san nou kounye a epi timoun yo pral OKE si yo jwenn yon ti tan anplis pase nòmal devan yon ekran - oswa anpil tan anplis pase nòmal."

Sepandan, li toujou enpòtan pou kontwole ki jan pitit ou yo ap pase tan yo devan yon ekran, espesyalman ak tout kantite opsyon k ap transmèt. Eresman, gen anpil pwogram nan televizyon ak lòt aparèy elektwonik ki ka kenbe timoun yo okipe, san sakrifye edikasyon ak enkourajman aktivite sosyal.

Pran Avantaj Sit Wèb Edikatif Yo 
Mèsi an pati pou sistèm lekòl a domisil la, paske gen plizyè sit entènèt edikatif ki sèvi kòm resous pedagogik. Anpil konpayi prive ki baze sou aprantisaj ap ofri resous yo gratis pandan tan sa e gen ladan tou telechajman gratis eBook ki ba w zouti ak lide pou enspire jwèt kreyatif nan leson syans ki sou entènèt la.

Pa egzanp, sit entènèt matematik entèaktif Happy Numbers ap ofri kounye an leson gratis sou entènèt la pou tout rès ane a. Li gen ladan fidbak imedya, se konsa elèv ou yo pa pral an aryè ak edikasyon yo.

Kontinye Fè Yo Li
Nan tout jan teknoloji a chanje jan timoun yo aprann, ou pa janm fè erè ak yon bon liv. Timoun yo ka benefisye de tout kalite lekti tankou roman grafik, biyografi oswa menm magazin, , espesyalman pandan tan sa a lè yo bezwen distraksyon pou bòn sante ki pi nesesè ke anvan.

Si ou bezwen yon liv, anpil bibliyotèk ap ofri kopi dijital de milye liv ke ou ka jwenn ak kat kont bibliyotèk lokal ou a. Oswa, ou ka enskri w pou yon kont ki pèmèt koute gratis ak telechaje liv yo tanporèman sou tablet elektronic oswa e-lektè w.

Natirèlman, pa gen okenn tan pi bon ke kounye an pou enskri pou The Children’s Trust Book Club (klib Lekti) ki totalman gratis. Kounye a pou timoun 3 zan, klib lekti a nan pwosesis agrandisman pou sèvi tout timoun Miami-Dade depi nesans yo jiska laj 5 an. Nouvo The Children’s Trust Book Club
ki amelyore ak elaji pral ofri chak mwa pa lapòs liv gratis ki an Angle ak / oswa Panyòl ansanm ak yon gid pou paran ki gen aktivite, enfòmasyon ak sijesyon sou ki jan pou yo pataje liv la ak pitit yo. Paran yo ka enskri timoun yo sou entènèt oswa atravè tèks nan 786.460.CLUB (2582). Tèks mesaj la dwe di"READ" 

Kenbe Kontak Ak Zanmi 
Tipikman, yon èdtan nan yon jounen se sa ki rekòmande pou iPads, voye tèks mesaj ak medya sosyal, men kounye an ta yon bon moman pou renegosye règleman kay ou. Lè ou konsidere reyalite, timoun yo pa yo pral kapab wè zanmi lekòl yo oswa patisipe nan rankont pou jwe. Ekspè yo sijere si ou pèmèt yo pase plis tan devan yon ekran sa ka ede yo fè fas ak izolasyon de zanmi yo,.

Michelle Martin, yon pwofesè nan Lekòl Enfòmasyon The Atlantic la ki nan Inivèsite Washington, di "Li vrèman fasil pou timoun yo santi yo deprime akòz jan bagay yo ye: Mwen pa pral janm tounen lekòl la. Mwen pa pral janm wè zanmi m yo ankò, “Se konsa, mwen panse ke nou bezwen rekonèt ki jan yap absòbe anpil nan paròl sa yo - epi eseye ranplase sa ak kèk bagay ki pozitif."