Yon jèn ti gason ak jèn fi jwi pase tan ansanm.

Prostock-studio/stock.adobe.com

Gid Pou Paran Nan Sitiyasyon Kote Jènn Timoun Nan Renmen

Konsèy ki itil pou jere tibiliasyon ki genyen nan relasyon lanmou timoun
Konsèy ki itil pou jere tibiliasyon ki genyen nan relasyon lanmou timoun 

Ala yon bagay sa se lè timoun tonbe nan renmen. Se yon eksperyans ki bèl, ki bay angwas, anpil krent, eksitasyon ak anpil tristès tou (tipikman) lè relasyon yo kanpe. Anpil paran sonje sa byen lè yo te piti. Malgre eksperyans pa yo, yo pa pare ni yo pa ekipe pou yo ka jere sitiyasyon sa yo ak pwòp pitit yo. Premye eksperyans lanmou se yon bagay ki natirèl nan chimen devlopman lavi yon moun, sa pa vle di se yon chimen ki fasil pou timoun yo oswa paran yo navige. Men de twa bagay pou nou sonje lè nou nan sitiyasyon konplike sa yo. 

Kominikasyon se Kle
Konvèsasyon sou ti relsayon lanmou, ti sòti ak ti moman entim sipoze kòmanse depi nan lekòl primè pou timoun yo ka aprann kijan yo ka genyen on bon relasyon. “Sa se komansman konvèsasyon sou lanmou. Nan konvèsasyon sa yo, paran yo sipoze kalm paske fòk paran yo bay timoun yo sans libète pou yo pale tou,” se ya Allison Bates di, li se yon konseye pou Today’s Parent.

Li esansyèl pou paran yo montre bon jan enterè nan nouvo eksperyans lanmou pitit yo. Ke timoun lan fèk kòmanse ak lekòl primè epi li paka sispann pale de yon moun li renmen lekòl la, oswa li se yon adolesan ki ap anonse’w li gen premye menaj li, pale avèk li de sa, pa anpeche li eksprime li epi pa dekouraje li. Montre li ke ou kirye, poze li kestyon tankou: “Poukisa ou renmen fi oswa gason sa a?” oswa “Kisa ki enterese’w nan li? Eske li komik?” Sonje ke lè ou konsantre ou sou sa timoun lan renmen nan moun li renmen an, souvan timoun lan ap konprann enpòtans kalite pa yo tou. 
 
Mete Limit Apropriye Sou Tan Romans lan
Relasyon romans ant jènn timoun yo pi entans sèjousi. Akòz rezo sosyal ak selilè, timoun yo gen tandans pou yo gen plis opòtinite pou yo kominike avèk moun yo renmen. Men kilè sa vin twòp?

Ekspè yo rekòmande pou paran yo chèche move siy tankou si timoun lan pèdi enterè nan lekòl, zanmi oswa lòt aktivite li te renmen fè. Lè siy sa yo parèt, li enpòtan pou paran yo fè ti konvèsasyon ak timoun yo pou yo ede yo balanse lavi yo pou pwoteje byennèt yo ak fiti yo. : “Si yon timoun preyokipe’l de menaj li, ke li sispann fè devwa lekòl li oswa li ap voye tèks tout la jounen, fòk paran yo gen enkyetid,” se sa yon sikològ nan Inivèsite Washington, Janine Jones, eksplike “Parent Map”.                                    

Si paran yo prepare timoun yo a lavans pou gen yon antant, paran yo ka evite pwoblèm sa yo. Lè timoun yo konnen ak kisa paran yo ap atann yo, yo gen tandans konfòme yo (depi paran yo rezonab epi yo pa twò strik pouf è yo anvi rebel).

Kijan Pou ou Jere Kè Kase
Gen anpil chans pou pitit ou fè eksperyans kote pral gen kè kase nan premye renmen yo. Kòm nou granmoun kounye’a, nou konnen ke yon separasyon se pa fen mond lan, ap gen anpil lòt okazyon pou yo jwenn yon lòt moun pou yo renmen ankò. Men se pa bagay ki fasil pou timoun san eksperyans tande. Alò, kijan pou paran yo jere sitiyasyon lè timoun yo gen kè kase?
 
Rete la pou yo. Kite yo kriye, kite yo pale, epi ba yo tan. Sa pa deranje si yo fèmen tèt yo nan chanm yo pou yo tande menm mizik lan tout tan pandan yap kriye, oswa si yo fe ti kòlè menm si yo pat konn fè yo anvan. Li nòmal tou si pou yo dekouraje. Lè konsa raple yo ke ou la pou yo si yo bezwen ou. Chak moun jere sitiyasyon sa yo jan pa yo. 

Apre yon ti tan, eseye palnifye on bagay espesyal pou yo ak zanmi yo, oswa yon bagay ke nou pa abitye fè ansanm pou eseye ede yo refè. Raple yo pou yo rekonesan paske ke gen anpil bèl bagay nan lavi yo ki pou fè yo kontan, si sa twò difisil, eseye jwenn yon jan pou timoun lan panse pozitif pou li ka repran lavi li, epi pou byennèt li tou.