Ranje nan manje midi sache pou elèv yo.

jannoon028/stock.adobe.com

FLIPANY Ap Chanje Senaryo a Pandan Pandemi Coronavirus La

Yon konpayi ki charitab ap konsantre sou ofri manje bay elèv ki nan nesesite pandan kriz la
Yon konpayi ki charitab ap konsantre sou ofri manje bay elèv ki nan nesesite pandan kriz la  

Sèl bagay ki ret menm jan se chanjman. Nouvo reyalite nan monn nou an fè ansyen pwovèb sa a vin klè anpil anpil. Tout bagay chanje e tout moun dwe evalye konpòtman yo pou kalkile kijan yo pral chanje pou yo ka jere reyalite sa yo. Senaryo ki ta ka pi bon, se itilize sa nou te konn fè anvan ki kapab ede nou antann youn ak lòt jodi a ak nan lavni. 

Si senaryo sa a sanble li pa reyalis pou ou paske li twò optimis e li fè kè kontan, sa vle di, ou pa tap peye atansyon a sa FLIPANY, konpayi san bi likratif (charitab) nan Sid Florid la, tap fè pandan mwa ki sot pase a depi lè pandemi Coronavirus ap pwopaje nan tout Florid la, nasyon an ak planèt la.

Pandan 15 an, FLIPANY ap opere yon pwogram sante ak byennèt nan Sid Florid atravè plisyè pwogram ki la pou elimine grangou ak obezite, e an menm tan yap fè pwomosyon sou edikasyon fizik ak lòt aktivite. Yo bay pwogram apre lekòl yo, kan ete yo, ak lòt aktivite pou jèn yo yon kantite manje nourisan ki plis pase yon milyon plat, epitou yo bay moun edikasyon sou byennèt ak kapasite fizik.

Pandan ke nap panse ke travay nòmal yo enpòtan anpil pou kenbe jenn moun nan Miami-Dade an sante, nouvo defi ki genyen akòz fèmti lekòl yo ak sant gadri yo, vin fè yo etabli yon konsantrasyon serye pou asire ke timoun yo gen manje. Se konsa, Flipany chanje senaryo a.

Pou anpil timoun nan Sid Florid la, manje lekòl yo nan Miami-Dade ki konpose de manje gratis lè maten ak manje midi gratis oswa a pri redui, reprezante sèl nouriti yo ka resevwa pou tout jounen an. Souvan se manje midi lekòl yo ki dènye repa yo pou jounen an. Kounye a ke manje lekòl sa yo pa disponib ankò, FLIPANY reyalize ke li dwe ede ranplase mank sa a pou asire ke elèv yo ak fanmi yo gen manje nourisan pandan lekòl yo fèmen.

Pandan fèmti lekòl yo, an kolaborasyon ak Depatman Agrikilti Florid e Sèvis pou Konsomatè yo, FLIPANY ap bay timoun ki gen 18 an ak sak pi jèn yo manje maten ak manje midi GRATIS pandan fèmti pwolonje lekòl yo. Yap itilize yon sistèm ki rele grab-an-go (pran l epi ale.)

Manje yo disponib pou vin pran a lè ki diferan nan chak lokal; anjeneral wap jwenn yo nan zòn kote paran yo depose pitit yo nan lekòl la epi tou yo disponib menm si ou pa gen randevou. Dapre sit entènèt FLIPANY a, pou moun ki kondui machin, yo pral bay manje a atravè fenèt la. Elèv yo dwe akonpanye paran yo oswa yon lòt granmoun lè yap vin pran manje a. Fanmi yo ka ale nan lekòl ki pi pre yo pou resevwa manje an menm si pitit yo pa ale nan lekòl sa a.

Shawnalee Vassell, ki se Manadjè Pwogram nan Children’s Trust tout tan ap di "Yo entèveni e yo pran wòl lidèship pou yo ka vin yon sous limyè pou fanmi yo pandan tan obskirite sa a. “FLIPANY se yon pwogram ki te toujou espesyal. " 

Malgre ke aksyon ewoyik FLIPANY ak sa lòt ajans yo ap fè jis kounye an pou ede nouri moun ki nan nesesite, yo pral bezwen èd tout otan pandemi Coronavirus la ap koze kriz ki pral kontinye pandan plizyè semèn. Pou moun ki vle bay angajman FLIPANY pou bay fanmi yo manje sipò, òganizasyon an mete an fonksyon yon Fon Ijans pou donasyon sou sit entènèt yo, https://flipany.org/covid-19-updates

Enskri w pou ka vin tounen yon lokal kominotè ki bay manje
Èske lokal ou ka yon kote kominotè kap bay manje? FLIPANY ap chèche jwenn patnè ki ka vin tounen yon Lokal Kominotè Ki Bay Manje e ki fè pati efò yo pou apeze efè grangou nan Miami-Dade, Broward ak Palm Beach Konte. Si ou enterese, tanpri ranpli kesyonè sa a: Si ou gen yon demann ijan, tanpri kontakte FLIPANY dirèkteman via imèl nan bmurray@flipany.org