Yon jèn ti fi montre yon siy nan gras a Pwojè a Five Dollar Project.

The Five Dollar Project Facebook page

Five Dollar Project Dola yo Kreye nan Miami ap Pote Manje pou ede Moun nan Peyi Ekwatè

Kèk manm YAC kòmanse yon pogram pou fè pwovizyon pou kèk fanmi ann Amerik di Sid
Kèk manm YAC kòmanse yon pogram pou fè pwovizyon pou kèk fanmi ann Amerik di Sid  


Si ta janm gen yon moman kote jèn nou yo ta ap eseye rezoud poblèm pa yo olye pou yo ta ap eseye rezoud poblèm lòt moun toupatou sou latè a, se ta kounye a. Peyi Etazini pran devan nan valè moun ki gen viris COVID-19 la ak valè moun ki mouri akòz viris la. Nan zòn pa nou an nan Maimi-Dade County gen plis moun ki pozitif apre yo fin pran tès la pase tout lòt kote nan Eta Florid epi nou gen plis moun ki mouri tou. 

Men se pa kon sa Nichole Ruiz wè bagay yo. O kontrè, etidyan dezyèm ane sa a ki nan Lekòl rechèch ki rele TERRA Environmental Research Institute ki nan Kendall, mete de kote tout poblèm pèsonèl pa li pandan pandemi Kowonaviris la pou l konsantre sou ede kèk lòt moun ki pa rete pre Maimi-Dade County. 

Ruiz se youn nan manm fondatè pwojè “Senk dola” a ki pote non Angle “The Five Dollar Project”, se yon mouvman entènasyonal yon gwoup jèn met sou pye k ap travay sou pwojè ki esansyèl epi k ap kreye opòtinite pou fanmi nan katye ki pòv. Antan direktè pwojè a, manmzèl kreye yon paj pou ranmase fon pou pwojè a sou platfòm Go Fund Me page pou l ede ranmase lajan pou achte manje pou etidyan ki nan lekòl Maria Troncatti nan Ekwatè. 

Pwojè a gen gran lide – eseye ranmase omwen $1,500 dola pa semenn pou bay 110 fanmi manje nan lekòl sa a. Fondasyon ki pote non Caminito de Luz Foundation ap ede lekòl sa a. Pwojè a gen baz li nan Miami men li gen lòt manm nan peyi Lafrans epi nan peyi Ekwatè. Aparamman pwojè a ap mache byen paske yo deja ranmase plis pase $4,500 dola nan men 122 moun.  

Ruiz di, pwojè a kenbe non li poutèt li mande moun bay $5 sèlman. Valè lajan sa a kab bay yon fanmi 4 moun ki gen timoun ki al nan lekòl Maria Troncatti a ase pwovizyon pou fanmi yo fè manje pou 3 jou. Epi Ruiz di “$20 ap ba yo ase pwovizyon pou yon semenn”. 

Non sèlman pwojè a gen yon paj Go Fund Me, li gen yon paj Instagram  tou epi yo kreye videyo ak imaj pou ede moun gaye nouvèl la. Ruiz di: yo mande moun bay $5 sèlman, se valè lajan pou yon fanmi achte ase pwovizyon pou yo manje pandan 3 jou. 

Men sa Ruiz di tou “Nan moman kriz sa a, sa enpòtan pou nou met tèt nou ansanm kòm yon kominote pou nou ede moun COVID-19 la frape plis. Si ou pa gen mwayen pou bay kout men pa w nan ka sa a, tanpri pataje enfòmasyon paj Go Fund me nou an ak zanmi w yo pou w ede nou enfòme lòt moun epi suiv nou sou paj Instagram nou an.”  

Jan Ruiz motive, jan li pran angajman l, epi jan li gen kè sansib pou lòt k ap soufri se pa yon bagay nou wè souvan, men lè w konnen kote manmzèl soti epi w konnen valè aktivite manmzèl pran pa ladan yo, sa pa p etone w. Ruiz se youn pami anpil ti jènjan ak ti jènfi nan Miami-Dade County ki pa kite difikilte y ap fè fas avè l kounye a kraze lespri benevòl yo. Manmzèl se youn nan manm Komite jèn konseye pou branch wès la Youth Advisory Committee (YAC) West Branch) epi sè l la Michelle ki yon konseye pou li tou se yon ansyen manm YAC ki pran anpil nan leson li ranmase pandan l te manm komite a pou l mete yo ann aplikasyon nan lavi pwofesyonèl pa li.

“Sa m te pi renmen nan YAC se tout jèn lidè ki te la yo ki te chaje ak anbisyon epi youn tap ede lòt ak sa yo te vle akonpli epi ak pasyon yo chak te genyen. Lè w travay ak jèn ki soti nan tout ran sosyal se meyè fason pou w aprann gen kè sansib pou lòt moun epi pou w konprann ki kalite chanjman lòt moun te vle pote nan kominote pa yo,” sa yo se pawòl Michelle. Li kontinye pou l di “Esperyans pa m nan YAC te enpòtan anpil pou devlopman entèlijans emosyonèl mwen ak anbisyon mwen, ladrès sa yo ede m kraze baryè mwen jwenn nan travay mwen chak jou! 

Michelle ap travay kounye a kòm Enjenyè chimik nan yon izin gaz men li travay tou kòm yon entèprèt volontè nan yon klinik kominotè ki pran swen fanmi panyòl ki pa gen gran mwayen. 

Travay 2 medam Ruiz yo ap fè a se yon bon egzanp jan manm YAC yo, ni sa ki manm kounye a ni sa ki ansyen manm, pran angajman pou yo fè travay ki sèvi popilasyon an. Dabitid manm komite yo konsantre plis sou sa k ap pase nan Miami ak nan kominote lokal la. Epi nan reyinyon yo fè regilyèman, yo fè fòmasyon pou aprann moun defann kòz lòt moun epi fason pou yo aprann bay lòt sèvis. Manm YAC yo pase ane akademik lan ap etidye kouman yo kab vin lidè epi kouman yo kab aprann defann kòz moun. 

Gen apeprè 60 manm nan sis branch:  YAC North, YAC South, YAC Far South, YAC West, YAC West Kendall epi YAC Central. Lè yon etidyan vin manm òganizasyon sa a yo kapab sèvi ak tan sa a pou konplete egzijans lekòl leta mande yo kòm etidyan lekòl segondè.

Si w bezwen plis ransèyman sou kouman pitit ou kab antre nan YAC a, ekri nou sou adrès imel sa a YAC@thechildrenstrust.org oubyen Klike la pou w ka ranpli aplikasyon an anliy.