Yon papa ak yon pitit gason pratike foutbòl andedan kay la.

Lightfield Studios/stock.adobe.com

Finalman ou kab di Timoun yo yo mèt jwe Boul Anndan kay la

U.S. Soccer Foundation, The Children’s Trust met tèt ansanm pou fè pwomosyon pou yon nouvo pwogram
U.S. Soccer Foundation, The Children’s Trust met tèt ansanm pou fè pwomosyon pou yon nouvo pwogram 

Ou sonje ekip foutbòl Miami CF la, nouvo ekip foutbòl pwofesyonèl ki fèk kòmanse premye chanpyona li anvan Kowonaviris la debake bò isit la epi mete fren nan tout jwèt enteresan yo? Menm jan ak nou tout, jwè Inter Miami yo te oblije met soulye kranpon yo chita pou lemoman. Men kòm yo rekòmanse ap antrene ankò epi prepare yo pou lè y ap kab jwe, se kon sa tou pitit ou yo kab kòmanse prepare yo pou lè yo kab soti pou y al woule balon ak kèk zanmi ak kèk fanmi oubyen pou yo retounen al jwe nan lig foutbòl pa yo. 

Gras a fondasyon foutbòl ki pote non angle U.S. Soccer Foundation, pitit nou yo kab kòmanse antrene anndan ka la, oubyen nan lakou a oubyen devan kay la epi kòmanse travay sou kèk teknik foutbòl menm pandan yo bloke nan kay la. Pwogram Siksè nan Foutbòl pandan w lakay fondasyon an met sou pye a se yon nouvo pogram pou pitit ou epi pogram nan gratis. Pogram nan ede timoun yo antrene, pogram nan ede yo fè mouvman ak kò yo epi pogram nan aprann yo kèk bagay pandan yo lakay yo. Kounye a nou kab wè pogram nan sou StayHome.Miami, se nouvo sit wèb òganizasyon “The Children’s Trust” met sou pye ki gen aktivite ak resous pou ede timoun pase moman sa a kote yo egzije tout moun ret lakay yo.

Gen 11 videyo sou sit la, kote antrenè “Bruno,” antrenè “Mike” ak antrenè “Jess” ap bay timoun nou yo leson apa sou kèk teknik, sou kouman pou yo woule balon an, kouman pou yo kouri ak balon an epi kouman pou yo vire ak balon an. Antrenè yo ap montre yo tou kouman pou yo choute balon an ak pati ki bay pa anndan pye yo epi antrenè yo ap montre timoun yo anpil lòt teknik akò. Se pa foutbòl sèlman videyo yo ap montre timoun yo, antrenè yo ap bay timoun yo bon jan konsèy sou sa yo kab manje ki bon pou sante yo, ankouraje timoun yo mande (swa ou menm, swa lòt moun nan fanmi an, oubyen vwazen yo,) pèmisyon pou yo jwe anndan kay. Antrenè yo ap ankouraje timoun yo tou pou yo pran likid pandan y ap antrene epi antrenè yo ap bay konsèy sou kèk lòt sijè tou.

Ou pa gen yon balon foutbòl? Pa fatige w, Mike, antrenè a, ap montre kouman timoun ka fè yon balon ak yon pè chosèt ak yon bout chòt epi yon balon kon sa kab pi bon pou choute anndan kay oubyen anndan yon apatman. Ekip U.S. Soccer Foundation nan prepare videyo sa yo pou timoun sèvi pandan yo “lakay” ak lide pou nenpòt timoun kapab sèvi avè yo menm sa ki pa gen anpil mwayen. Antrenè a sèvi ak atik timoun kab jwenn nan kay la olye li sèvi ak ekipman espòtif. Antrenè yo fè aktivite fasil kon sa timoun nan tout nivo foutbòl kab pran pa nan aktivite yo an menm tan tou antrenè a fè aktivite yo yon jan pou timoun yo fè anpil efò kon sa yo va toujou enterese fè aktivite yo. Tankou aktivite kote y ap pase balon an nan mitan yon pakèt kone pandan y ap nonmen non 15 fri ak legim. 

Finalman, pou mete w nan anbyans pou lè w ap kab tounen sou teren foutbòl la ankò, U.S. Soccer Foundation prepare yon ti liv desen sou pogram StayHome.Miami an, nenpòt moun kab telechaje. Ti liv sa a gen yon teren foutbòl w ap kapab kolore ak koulè ekip ou pi renmen an (nou swete w ap sèvi ak koulè ekip foutbòl nou an- Inter Miami!). 
    
Kèk mwa anvan pandemi kowonaviris la, òganizasyon The Children’s Trust te renouvle patenarya l la ak U.S. Soccer Foundation epi ak pogram ki pote non angle Soccer for Success la ki anseye 5 segman pou ankouraje timoun grandi an sante: aktivite fizik, sante epi byennèt, bay konsèy, pran pa nan aktivite k ap fèt nan zòn nan epi espas ki an sekirite. 

Nan reyinyon manm Komisyon Trust la nan mwa janvye a, manm komisyon Doktè Daniel Bagner di, bon rezilta pogram Soccer for Success la pou patisipan yo te ankourajan. “Done pou pogram sa a enpresyone mwen plis toujou. Mwen resevwa detay ki fè konnen plis pase mwatye timoun ki nan pogram sa a bese nivo BMI yo (gwosè yo parapò a wotè yo) epi sa amelyore kapasite ayewobik yo, sa se yon bagay ki enpresyonan,” se pawòl Bagner. 

Malgre tout aktivite sa yo posib nan nouvo reyalite sa a n ap viv la, nouvo pogram Foutbòl pou w jwenn Siksè pandan w Lakay la, ann angle  “Soccer for Success at Home” yo mete sou sit StayHome.Miami an ap lonje men bay jèn yo nan Miami-Dade sa ap prepare yo pou lè y ap kapab mete soulye foutbòl yo pou yo kòmanse jwe toutbon.