Young Talent Big Dreams ap vini Samdi, 26 septanm.

YTBD

Final Konpetisyon Young Talent Big Dreams nan Pral fèt Samdi sa a Anliy

9 ganyan yo pral kouwone
9 ganyan yo pral kouwone 

Cho televizyon sa yo The Voice, America’s Got Talent, American Idol ak kèk lòt cho televizyon ki fè konkou talan se cho ki gen kèk jou depi yo popilè. Rezon ki fè yo fè cho sa yo se yon fason pou yo wè ki vedèt peyi a kab pwodui pou pi devan. Men, sa k ap pase nan Miami-Dade? Apa de talan nou yo ki pran pa nan cho sa yo tanzantan, kouman n ap fè pou nou gen yon ide ki kalite talan nou genyen k ap evolye nan kominote pa nou an? 

Se kon sa konpetisyon talan ki rele Young Talent Big Dreams (YTBD) vin antre nan mitan koze!

Depi 10 an, pi gran konpetisyon nan Miami-Dade County sa a, ki fèt nan tout rejyon an epi ki gratis la ban nou yon apèsi sou meyè chantè, meyè dansè, meyè mizisyen ak lòt atis ki la nan kominote nou an. Lontan, pou n te wè yo k ap fè konpetisyon pou yon gwo prim nou te oblije ale nan teyat Actor’s Playhouse nan sal teyat Miracle Theatre a, pou moun ki te vle ak moun ki te kapab. Men, youn nan avantaj ra pandemi Kowonaviris la se posiblite pou tout moun asiste final konpetisyon an Samdi 26 Septanm sa a anliy oswa sou entènèt, pandan yo chita lakay yo byen konfòtab epi byen pwoteje anndan kay pa yo. Tout moun ap kab gade final la sou entènèt nan adrès sa a actorsplayhouse.org y ap kòmanse a 7 è pm.

Sa vle di piblik k ap vin asiste konpetisyon an sou entènèt la ap kab wè tout 26 prezantasyon 47  patisipan yo nan 9 diferan kategori ki rive nan final la. Atis sa yo pral fè konpetisyon pou yon vwayaj gratis – biyè avyon, chanm otèl ak kat lesepase pou 2 moun – pou yo ale nan konkou Teen Choice Awards, gras a koutwazi WSVN 7News, epi y ap genyen $500 kach. An total ap gen 3 finalis nan chak kategori epi ap gen yon gayan pa kategori, epi ap gen yon sèl finalis pou tout konpetisyon an. 

Pandan timoun yo te ret lakay yo kote yo te kab kenbe distans sosyal yo epi kote yo te gen bon jan pwoteksyon yo te mande sa ki gen an 8 an a 17 an pou yo voye yon videyo pou yo montre talan yo nan kòmansman ane a. Gen yon gwoup veteran nan domèn nan ki te la kòm jij pou yo gade tout 250 prezantasyon yo pou yo kab jwenn timoun ki pou rive nan semifinal yo nan mwa out la. Pami gwoup sa a, timoun ki fè pi bèl prezantasyon yo prale nan final la samdi sa a. 

“Pandan 10 an konpetisyon sa a bay jèn ki gen plis talan nan kominote nou an yon chans pou yo briye,” sa yo se pawòl James R. Haj, Prezidan epi PDG òganizasyon The Children’s Trust la. “Ane sa a, akòz pandemi a, konpetisyon an te oblije fèt ak pèfòmans vityèl epi yo remake te gen yon ogmantasyon 21% nan valè odisyon ki fèt. Mwen pa kab tann pou m wè semifinal la ak final la.” 

Konpetisyon talan sa a te gen prezantasyon nan sis diferan kategori pòp/wòk/ rap, teyat mizikal/ estanda djaz/ vwa klasik, dans, enstriman mizik, pwezi orijinal, epi chante orijinal epi/oubyen konpozisyon mizik. Kategori sa yo se pou gwoup ki gen sis moun oubyen mwens pase sa, dans, enstriman mizik/òkès epi gwoup vokal. 

Chak patisipan gen 2 minit pou yo prezante pèfòmans final yo. Konpetisyon Young Talent Big Dreams nan suiv menm modèl ak Kalite cho televizyon konpetisyon talan ki ofri atis ki nan konpetisyon an menm opòtinite yo atravè yon seri odisyon. Konpetisyon an pèmèt patisipan yo pèfòme epi yo jwenn sèvis konseye pwofesyonèl. Pami jij yo gen tout yon seri vedèt ki soti nan zòn Miami an. 

Pami moun ki deja genyen konpetisyon sa a gen Joana Martinez yo fèk chwazi l pami 10 moun nan ekip Gwen (Stefani) nan sezon 17 nan cho ki pote non angle “The Voice” la ki sou chèn televizyon NBC. Gen Angelina Green ki te genyen sonèt lò a nan men jij Heidi Klum nan sezon 12 cho “America’s Got Talent” ki sou chèn televizyon NBC. Epi gen Gino Cosculluela ki fèk rive an twazyèm pozisyon nan 16èm sezon nan cho ki pote non angle “So You Think You Can Dance” ki sou chèn televizyon FOX.