Spooky Symphony pral pran plas nòmalman la pou premye fwa tout tan

Photo by Gregory Reed

Fatòm, Goblen epi Mizik pou fè Moun pè ap Monte Anliy!

Y ap prezante konsè ‘The Spooky Symphony’ a anliy dimanch 25 oktòb
Y ap prezante konsè ‘The Spooky Symphony’ a anliy dimanch 25 oktòb 

Pou selebre 11èm anivèsè yo, Senfoni ki pote non angle ‘Spooky Symphony’ an pral sou entènèt pou prezante kèk bèl mizik yo janm ekri ki fè moun pè, san yo pa oblije al reyini yon bann moun nan yon gwo teyat kote yo fè konsè. Se The Childrens Trust, Alabama Orchestra, ak Greater Miami Youth Symphony (GYSY) ki patwone konsè sa a pou yo kab fè l anliy pou asire konsè a san danje epi pou anpil moun kab wè konsè a, pandan y ap ofri tout yon seri mizik ki amizan epi ki fè moun pè. 

“Ane sa a se pa de bagay nou pa pèdi ki te konn ede nou amize nou nan lavi nou. Nou byen kontan y ap fè konsè ‘Spooky Spectacular’ la pou timoun yo ak fanmi yo kab pase yon bèl aprèmidi ap amize yo,” se sa James Haj prezidan epi PDG òganizasyon The Children’s Trust la di. “Pa gen anyen ki fè san w tresaye pase lè w ap koute mizik ki fè moun pè. Mwen pa kab tann pou m wè epi pou m koute konsè a ane sa a.”

 

Malgre nou pap kab wè tout òkès la ak bèl dekorasyon yo an pèsòn, moun ki òganize konsè sa a di pèfòmans sa a y ap pase sou YouTube a 3è p.m., dimanch 25 Oktòb la, se yon pèfòmans ki pral chaje ak sipriz epi ak bagay ki pou fè san w tresayi. Kòm dabitid, òkès Alhambra Orchestra ak òkès GMYS la ap jwe tout yon seri mizik, kòmanse sou mizik klasik ki gen avanti ak danje rive sou mizik kontanporè yo jwe nan kèk fim ki popilè anpil tankou Wonder Woman epi Jurassic Park, epi tou tankou mizik nan pyès teyat mizikal ki rele Phantom of the Opera. Y ap jwe yon mizik orijinal tou yon jèn konpozitè Javier Albornoz konpoze, li se yon mizisyen tou ki nan òkès Alhambra Orchestra a. Men ki jan Albornoz dekri pyès mizik sa a: 

“Mizik la tankou yon jou swa ki fènwa anpil jou swa Alowin nan epi gen kèk bagay majik ki pral pase. Nan yon kote, gen yon majisyen k ap prepare yon cham, k ap leve tout lougawou pou fè yo leve vin jwe. Al flannen sou bale yon sòsyè nan yon forè ki efreyan ki ante ak goblen, pandan w ap vole travèse yon vil ki limen ak fanal ki fèt ak joumou. Espri yo ap banboche anvan solèy leve; se jis apre enn an y ap kab danse ankò.”?      

Senfoni vityèl sa a òkès Spooky Symphony ap prezante a pare pou amize timoun ak fanmi yo toupatou nan Miami-Dade ak menm mizik li abitye jwe pandan plizyè ane, epi se youn nan aktivite ki pi resan òganizasyon The Children’s Trust ap ede met sou pye pou ede kominote a travèse moman difisil sa yo ak anpil prekosyon. Ane sa a òganizasyon The Children’s Trust deja fè konpetisyon li abitye fè a ki rele Jèn talan Gran rèv la (Young Talent Big Dreams). Se yon konpetisyon òganizasyon an abitye fè ansanm ak teyat Actors’ Playhouse, an menm tan y ap fè konpetisyon liv ki rele (Battle of The Books) la, epi ak Pogram estaj pandan ete a epi ak lòt aktivite yo konn abitye òganize. Tout pogram sa yo fèt anliy ane sa a pou timoun ak fanmi yo resevwa kalite sèvis yo abitye resevwa yo. Reyinyon piblik yo ak reyinyon kote ki bay sèvis yo tou. 

Menm jan ak konsè yo pral fè la a ki rele ‘Spooky Spectacular’, se Seremoni pou bay Prim yo fè chak ane a pou onore òganizasyon ki toujou ap defann kòz timoun nan Miami-Dade , yo pral fè li anliy tou epi l ap fèt le 9 desanm. 

Pou w wè konsè  ‘Spooky Symphony’ a anliy epi an dirèk, al sou sit sa a https://alhambraorchestra.org/youtube a 3è p.m. dimanch 25 oktòb. Si w bezwen plis ransèyman sou konsè ‘Spooktacular Spooky Symphony’ a epi sou lòt aktivite The Children’s Trust ap fè, tcheke sit sa a www.TheChildrensTrust.org