Mas se Mwa Konsyantizasyon sou Enfimite Devlopman.

Lena May/stock.adobe.com

Fason pou Konnen si Pitit ou ap Devlope Nòmalman

Mwa d mas se mwa Sansibilizasyon sou Andikap developmental
Mwa d mas se mwa Sansibilizasyon sou Andikap developmental 

Kèk timoun aprann rale epi yo kab menm aprann mache lè yo fèk gen 6 mwa, epi gen kèk lòt timoun se jis sou 18 mwa oswa lè yo pi gran yo kòmanse mache. Kèk timoun piti gen dwa kòmanse di kèk mo menm lè yo poko gen enn an, men gen kèk lòt timoun ki poko di yon grenn mo jiskaske yo gen 2 an pase. Tibebe an jeneral devlope nan fason pa yo, gen kèk ki pa rive fè pwogrè yo dwe fè nan tan yo dwe fè pwogrè sa yo epi sa se kapab yon siyal pou kèk poblèm pi konplike, tankou otis, enfimite serebral oswa lòt kalite andikap fizik oswa andikap entèlektyèl.

Yo te chwazi mwa d mas kòm Mwa Nasyonal pou pòte atansyon sou andikap devlopmantal pou moun kab pòte atansyon a moun ki gen andikap mantal epi sou baryè ki nan lavi yo. Andikap devlopmantal se bagay ki rive moun tout ras, moun tout etnisite, moun ki nan tout gwoup sosyoekonomik. Sant pou kontwòl ak prevansyon maladi ki pote non angle Center for Disease Control and Prevention (CDC) fè konnen youn sou chak sis timoun, apeprè 17% timoun ki ant 3 an a 17 an, gen youn oswa plis pase yon andikap devlopmantal.

Idantifye poblèm bonè, fè entèvansyon, epi Resous

Si ou gen enkyetid poutèt pitit ou pa rive fè devlopman li merite fè dapre laj li, oubyen si w panse kab gen yon poblèm dapre jan pitit ou aprann, jan l pale, jan l aji, jan l fè mouvman oswa jan l jwe, pale sa ak doktè pitit ou a. Pa ret tann. Lè w aji bonè sa kab fè yon gran diferans! Malgre ou dwe konnen jan pitit ou ap devlope, ou pa bezwen panike si pitit ou poko fè sa l dwe fè pou laj li egzakteman nan tan li ta dwe fè yo. Klike la pou w kab wè sa pitit ou dwe fè nan diferan etap nan lavi yo depi l fèt jis li fini klas segondè.

Gen resous ki disponib tou pou pèmèt ou detèmine si pitit ou gen yon andikap devlopmantal epi ki kote ou dwe mennen yo si yo gen yon poblèm. Pogram sa a Help Me Grow (HMG) se yon pogram ki la pou konekte fanmi ak kèk resous, kon sa pitit yo kab kòmanse lekòl an bòn sante epi tou pare pou yo reyisi. Pogram “Early Steps” se yon pogram ki la pou fè entèvansyon bonè nan Eta Florida epi ki ofri sèvis li yo bay tibebe ak timoun piti ki kalifye (timoun ki fèk fèt rive laj 6 mwa). Si ou abite nan North Dade, telefone 305.243.6660. Nan South Dade oswa Monroe, telefone 305.929.8705.

Òganizasyon “The Children’s Trust” kwè timoun piti ak ti jèn ki gen diferan kapasite, tout dwe gen opòtinite pou yo pran pa nèt nan pogram Trust la finanse. Pami pogram Trust la finanse gen Rezo ki defann moun ki andikape a ki rele “The Advocacy Network for Disabilities”, ki travay ak tout yon seri patenè pou asire timoun ki gen andikap ak moun ki travay avè yo jwenn sipò nan tout aspè nan vi yo. Kontakte yo sou sit sa a The Advocacy Network on Disabilities oswa nan 305.596.1160 pou w jwenn èd, epi w ap jwenn kontak pou tout yon seri sèvis.