The Family Expo an te fèt nan kat evènman apa nan 2021.

Gregory Reed

Family Expo Atire Plizyè mil Moun Pandan Trust la Lonje men bay Kominote li Sèvi a

Gen 4 pogram ki pote resous, aktivite ak amizman nan tout rakwen County a
Gen 4 pogram ki pote resous, aktivite ak amizman nan tout rakwen County a 

Seri The Children’s Trust Family Expo pou ane 2021 an fini mwa pase avèk yon pogram espesyal ki resevwa moun nan machin yo nan Sant Medikal Lwès Jackson ki fèk ouvè Doral la. Plis pase 200 machin te pran pa nan aktivite sa a, moun yo ale lakay yo ak sakado, kone pou telefòn, lòt ti fridòdòy ansanm ak enfòmasyon sou resous ki genyen pou timoun ak fanmi nan Miami-Dade County.

Pogram sa a te gen plis siksè nan seri Family Expo yo ki te gen objektif abòde sila yo The Children’s Trust la ap sèvi pandan yon ane kote enkyetid ak anpil restriksyon pandemi kowonaviris la te domine fanmi sa yo. Pandemi an ki toujou la a si tèlman paralize nou, sa vin yon defi pou moun jwenn yon ti limyè pozitif nan mitan dezagreman sa a. Malgre sa, pou jan bagay yo vin tèt anba, sa bay Trust la yon chans pou l rekalkile kèk nan bagay li te konn toujou fè yo, menm sa ki pozitif yo tou. The Children’s Trust Family Expo la antre nan kategori sa a piske pogram sa ki fèt yon sèl fwa nan ane a te anile an 2020 e yo te oblije rekalkile l anvan l tounen ane sa a.

Olye yo te fè l yon gran pogram, Trust la te deside òganize 4 pogram separe pou l pote tout resous, tout aktivite ak tout amizman ansyen pogram yo pi pre kominote li sèvi a. Family Expo yo te fèt nan sid, nan nò, nan sant ak nan lwès. Ti pogram pi piti yo te antre byen dous ak mezi prekosyon yo te pran nan gran rasanbleman yo, e yo te plis prezante enstitisyon ki plase nan chak zòn sa yo ansanm ak lòt ki sèvi County a an jeneral.

Chak pogram te gen pèsonalite pa l apa

Kòmanse ak Sweet Home Community Campus la, Family Expo ki te fèt nan sid la te ouvè pogram nan avèk yon gwo tant kote tout bagay te ye: yon podyòm pou pèfòmans, atis ki travay ak blad, espas pou atizana, pèsonaj ak moun k ap travay pou espozisyon an k ap bay liv, enfòmasyon ak ti sachè kado.

Dezyèm nan se te pogram Miami Gardens nan pati nò County a ki te òganize nan tèt ansanm avèk pogram PK People Matter (Moun gen Valè) yon animatè radyo ki rele Papa Keith, nan sant divètisman Betty T Ferguson Recreational Complex la. Pogram sa a te gen yon aspè piknik avèk fanmi k ap detann yo ansanm sou dra yo blayi atè sou gazon nan lonbraj. Epi tou te genyen plis pase 1,200 pla manje yo te bay nan yon rasanbleman machin manje, koutwazi Miami Dolphins.

Family Expo ki te fèt nan sant lan e ki te òganize ann akò avèk mize HistoryMiami an te fè plis fanmi ak timoun soti; te gen plis pase 1,500 moun ki te patisipe. Anndan gwo lakou Miami-Dade Cultural Complex la moun ki te vin nan pogram nan jwe jwèt timoun, yo asiste pèfòmans layv epi yo te gen chans pou yo pwomennen anndan mize HistoryMiami an gratis nan kad Joune Amizman pou Fanmi (Family Fun Day) mize a òganize chak mwa a.

Pou fini, nan pogram ki te fèt nan lwès la, nan Jackson West Medical Center a, 206 machin ki te gen anviwon 400 timoun an tou te pase tou dousman devan 39 moun ki tap fè espozisyon an. Pandan sa, patisipan yo te gen chans pou yo wè bèl sant medikal modèn tou pre otowout Palmetto Highway a.

Pi piti pogram, pi gran efè

An jeneral, rezilta yo te enpresyonan. Plis pase 1,000 moun te patisipe nan tou le twa premye pogram yo e dènye pogram nan te ofri yon mwayen fasil e san danje pou timoun ak fanmi te pran ata plis enfòmasyon ak sachè kado san yo pa t menm desann machin yo.

Men kèk nan done enpresyonan sou 4 pogram Family Expo yo:

· 189 moun an tou te patisipe nan fè Family Expo la; se moun ki soti nan Lekòl Leta Miami Dade County, moun ki travay pou leta, nan gadri, nan pogram apre lekòl, nan sante e byennèt, nan sèvis pou fanmi, nan atizay ak espò, nan pogram STEM, nan sèvis pou moun ki bezwen swen espesyal, eksetera.

· Yo te distribiye 1,665 sakado ak 1,320 kone telefòn bay timoun.

· 119 moun enskri nan Klib Liv The Children’s Trust la ki voye yon liv gratis chak mwa pa lapòs bay timoun Miami-Dade ki gen ant 0 a 5 an.

· Yo te distribiye 1,253 pla manje gratis.

· Yo bay plis pase 200 timoun vaksen epi yo te fè tès COVID pou 60 timoun.