Manman ak pitit gason boutik rabè.

Felix Becerra

Family Expo 2019 ap fèt nan mwa Septanm

Pi gwo pwogram ki chaje ak resous ki reyini plis fanmi ak zanmi nan Miami se yon evenman ke’w paka rate si’w se founisè, paran, epi nòmalman, timoun yo, yo tout reyini nan Miami-Dade County Fair sòti 10 è nan maten pou 5 è nan apremidi, Samdi, 7 Septanm. Family Expo 2019 The Children’s Trust la gratis epi li louvre pou tout fanmi nan Miami-Dade. Pi gwo defi pou patisipan yo ane sa se pou rive vizite plis pase 200 tant, ekspozisyon ak jwèt pou attire plis pase 15,000 vizitè.

Sa Ou Dwe Konnen Anvan Ou Ale...
Kisa: Children’s Trust Family Expo se yon aktivite gratis, yon jounen amizan chaje ak resous, aktivite pwatik, distraksyon ak anpil kado pou timoun ak paran,
Ki Lè: Samdi, 7 Septanm 10 è nan maten pou 5 è nan apremidi
Ki Bò: Miami-Dade County Fair & Expo Center, 10901 Coral Way (SW 24th Street), Miami, FL 33165; Rantre a se nan 109th ak 112th Aveni

Anpil Resous
Pami tout resous k’ap genyen yo ap gen pwogram apre lekòl pou timoun yo pou yok a rete ansekirite, po kenbe yo okipe epi pwofite aprann apre yo sòti lekòl: pwogram pwodiktif tankou atizana, mekanik robo, pwodiksyon videyo; ak pwogram espò pou ankouraje yo rete fokis epi ansante.

Jwenn Byennèt Ou
Nan pati sa, Family Expo vle enfòme paran yo ak pitit yo kòman pou yo rete ansante epi kòman pou yo bay swen tou. Epi gen sipò pou ede yo amelyore langaj yo, ankouraje lanmou pou aprann pouk a asire reyisit akademik yo lè y’al nan fwa liv yo ak lòt opòtinite kote yo ka aprann.
 
Genyen Amizaman
Ap gen animasyon mizik ak pèfòmans dans plizyè kote, pandan y’ap bay anpil kado ak tikè raf ki pra’l fèt pandan tout jounen an, epi voye anpil fanmi ki gen chans ale lakay yo avèk gwo kontantman sou figi yo.

Ap gen atis ki konn fè penti sou figi ak atis ki konn defòme blad ke piblik la renmen anpil, kay gonflab, mi ki fèt ak wòch pou timoun yo grenpe, aktivite syantifik ak atizana, jwèt tankou, tenis, tounwa echèk ap disponib pou tout moun.

Pou plis enfòmasyon sou Expo a, lè ak lòt detay – epi yon videyo sou jan sa te pase lane avan – ale sou www.touttimoun.org/familyexpo.