Frè ak sè ki fache chita youn dèyè lòt ak bra kwaze.

DragonImages/stock.adobe.com

Fè Konpetisyon Tounen Antant nan Mitan Frè ak Sè yo

Ki lè pou enkyete ak ki lè pou kite yo rezoud pwoblèm lan poukont yo
Ki lè pou enkyete ak ki lè pou kite yo rezoud pwoblèm lan poukont yo 

Chak relasyon toujou gen konfli, e relasyon ant sè ak frè pa epanye. Si’w gen plis pase yon timoun, ou ka deja wè kote goumen ant frè ak sè konn rive lwen. E, menm lè pafwa se gwo rèl, frape pòt, yo konn menm frape youn lòt, diskisyon ant frè ak sè konn fatigan pou tout moun nan kay la.

Èske ou ta dwe enkyetye’w lè frè ak sè ap fè kont? Pi enpòtan toujou, èske kont sa f yo ka vin chanje nan yon relasyon ki genyen kòm baz lanmou ak respè? Erezman, gen kèk konsèy ke paran ka aplike ki ka fè timoun yo antann yo pi byen epi rezoud konfli yo yon fason ki pi pozitif.

Pa Fè Wòl Abit

Pandan diskisyon nan mitan frè ak sè ka fatigan pou paran yo, sonje ke diskisyon sa yo ka aprann timoun yo anpil bagay pou lavi, tankou kominike pi byen epi rezoud pwoblèm ant yo menm. Men ki lè paran yo ta dwe entèveni epi kòman pou yo jwenn solisyon san yo pa fè patipri? Ekspè yo konseye pou paran yo evite jwe wòl abit, okontrè, ankouraje yo pou rive jwenn yon antant. “Lè paran yo entèveni kòm otorite, gen plis chans pou timoun yo sispann goumen,” se sa Susan McHale di, li se pwofesè devlopman imen nan Penn State University de Family Circle. “Yo pa janm aprann rezoud pwoblem poukont yo—youn ak lòt oswa ak lòt moun nan anviwonman yo,” li ajoute.

Chita Tètatèt Avèk yo

Tout timoun ap chèche okazyon sa pou yo chita poukont yo ak paran yo, espesyalman lè lòt frè ak sè yo ap chèche atansyon tou nan men papa ak manman. Kreye tan pou separe yon ti kal pou chak ki ap mande sa pou rezon pa yo. Mande yo pou yo di ou yon bagay pozitif ke sè yo oswa frè yo fè epi kisa ki deranje yo. Sa ap ede’w jwenn solisyon pou rezoud konfli yo.

Pa Fòse yo Pataje

Pataje vle di ke’w sousye, pa vre? Li pa tout tan konsa lè se nan ka konfli frè ak sè.

Anreyalite, ekspè di si’w fòse frè ak sè pataje sa yo pi renmen yo sa ka afekte santiman sekirite yo epi lakoz ke youn vin gen plis rankin pou lòt.

“Li enpòtan anpil ke timoun lan gen bagay ki rete inikman pou li, espesyalman pou sè ak frè ki pi gran yo,” se sa Anastasia Gavalas di, li se otè liv Wing It: 6 Simple Steps to Succeed as a Modern Day Parent. Fè timoun yo ranpli yon ti panye ak jwèt ki pou yo sèlman epi separe espas pa chak moun pou yo jwe. Pou yo ka gen kontwòl sou zafè pa yo pou yo ka gen mwens konfli.

Ankouraje yo Pou Yo Pi Pre Youn Lòt

Youn nan fason ki pi senp pou ankouraje bon relasyon ant frè ak sè se pou rasire’w ke yo pase bon tan ansanm. Li espesyalman enpòtan sitou si gen gwo diferans nan laj yo (paske enterè yo diferan). Si timoun ou yo pa konnen kisa pou yo ta fè ansanm, ou ka toujou fè yo sijesyon pa’w. Egzanp, fè yon desen espesyal ansanm, fè yo ekri yon lèt ansanm pou yon moun nan fanmi an oswa planifye pou fè netwayaj ansanm tankou yon ekip.

Evitè Fè Konparezon

Pèsòn pa renmen lè y’ap konpare yo ak lòt, timoun konsa tou. Anreyalite, ekspè yo di ke lè’w konpare kapasite chak timoun yo sa ka fwase santiman yo epi fè yo vin pa kwè nan tèt yo. Evite diskite diferans yo devan yo, epi selebre siksè chak moun ansanm. “Timoun pa bezwen ke yo trete yo menm jan, yo vle ke yo jwen yon swen espesyal,” se sa ke otè Adele Faber ak Elaine Mazlish eksplike nan liv yo a Siblings Without Rivalry: How to Help Your Children Live Together So You Can Live Too

Bay Bon Egzanp

Timoun souvan ‘fè sa yo wè’ menm jan tou sa yo ‘di yo fè’, sa dwe enpòtan ke’w ekzamine egzanp ke w’ap bay yo kòm paran. Èske ou nan konpetisyon avèk frè ak sè granmoun ou yo? Èske ou menm oswa patnè ou montre bon  egzanp nan relasyon an? Pran yon ti tan pou reflechi sou aksyon pa’w yo epi pare’w pi byen pou kapab montre timoun kòman pou yo rezoud konfli ant frè ak sè epi rete von zanmi.