De tifi ki abiye dwòl k’ap mache nan lari a ak sigarèt nan bouch yo.

murika/stock.adobe.com

Fè Fas ak Zanmi ki Bay pwoblèm

Anpeche zanmi ki gen move konpòtman fè enfliyans sou pitit ou
Anpeche zanmi ki gen move konpòtman fè enfliyans sou pitit ou 

Zanmi jwe gwo wòl nan lavi pitit ou, kòm paran, se swè pa nou ke yo chwazi yo byen. Men kisa ou ka fè lè pitit ou chwazi yon zanmi ke ou pa renmen? Èske ou ta dwe reyaji oswa pa fè anyen?

Nou vle pwoteje pitit nou kont move enfliyans men triye sa ki move yo ka pa fasil. Entèraksyon ant timoun ka dififil pou kontwole kèlkeswa laj la, epi tank yo pi gran se tank l’ap pi difisil pou paran yo. Alòs, kisa nou ta kapab fè pou nou pwoteje timoun nou kont enfliyans move zanmi sa yo?

Si’w vle timoun ki solid, ou paka ap izole yo

Evite Kritike
Lè w’ap fè fas ak zanmi pitit ou ke ou pa vle pou li, premye reyaksyon nou se toujou kritik epi nou jije’l. Men li pa nan avantaj nou, paske timoun toujou vle pwoteje zanmi yo. Eseye evite pou’w pa ap fè lit pou pouvwa oswa fè gwo diskisyon. Sonje, lè’w kritike, Ou ka vin ranfòse lanmitye a nan mitan yo.

Olye pou ap plede joure nan kay la ke ou pa vle zanmi sa, ekspè yo sijere ke ou respekte chwa yo nan zanmi ke yo vle. “Mwen toujou di paran ke li pi bon pou fè dyalòg avan konfwontasyon,” se sa Sue Scheff di CNN. Li se defansè paran epi otè. “Rete kalm, montre ou vreman enterese nan lanmitye yo a, menm si yo pa enterese’w, sa ap montre pitit ou ke ou respekte li.”

Mete Règleman ki Rezonab
Gen kèk metòd ki ka mache nan kèk ka, Pa bliye ou se paran ou ka mete règleman ou vle pou pitit ou. Si pitit kòmanse ap ba’w move siy, mete règleman sou konbyen tan li ka pase ak zanmi sa.

Mete pitit chita epi di yo klèman poukisa ou mete règleman sou lanmitye sa. Fokis sou enpak ke aksyon lanmitye yo fè sou pitit ou a, olye pou ap bay lis tout bagay ke ou pa renmen ak zanmi yo a.

Toujou Bay Siveyans
Ofri pou vin jwe lakay ou ap pèmèt ou konnen zanmi pitit ou a pi byen epi dekouvri kisa pitit ou a renmen nan zanmi sa. Epi w’ap ka detèmine ak zòrèy ou si sa’w santi yo sou lanmitye a vre tout bon. Ou pa janm konnen! Ou ka vin reyalize ke lanmitye yo a pa move jan’w panse a.

Pa Entèdi Lanmitye a
Sa ka fèt sèlman si pitit ou andanje, eseye pase lòd ak kiyès pou pitit ou byen ka anpeche pitit ou pran endepandans li, se sa ekspè yo di. “Si’w vle timoun ki solid, ou paka ap izole yo,” Se sa espesyalis Timothy Verduin di, li se asistan pwofesè klinik pou sant sikatri pou timoun ak adolesan nan New York University School of Medicine. “Eseye wè pi lwen, w’ap antrenen yo pou fè fas ak tout kalte move moun epi aprann rezoud pwoblèm pa yo.”

Kominikasyon se Kle
Pale ak pitit ou klè epi onèt sou enkyetid ou konsènan zanmi yo epi mande yo opinion yo. Mete fokis sou sa pitit ou santi sou desizyon yo ak kwayans yo, epi kòman zanmi yok a fè enfliyans sou yo. Ou ka bay opinion pa’w tou men tande yo avan.

Si’w gen enkyetid sou kijan lanmitye a gen move enfliyans sou pitit ou, olye pou di, “Mwen rayi timoun sa,” ede pitit ou reyalize poukont li pandan w’ap poze kesyon sou lanmitye a. Kòman zanmi ta dwe trete youn lòt? Èske yon zanmi ta sipoze ankouraje yon lòt pou’l fè yon bagay ke li konnen ki pa bon? Èske li byen pou ap derespekte lòt moun?

Finalman, pi bon fason pou’w fè enfliyans sou chwa pitit ou ou pa dwe mete restriksyon sou yo ki ka vin lakoz key o tounen rebèl. Li t’ap pi bon pou ta, ankouraje plis konfyans pouk a gen plis dyalòg san ou pa jije yo.