Timoun kè kontan ki ap kouri nan koulwa.

Monkey Business/stock.adobe.com

Fè Ane Sa Tounen Pi bèl Ane Lekòl Yo

Premye konsèy pwofesè yo!
Premye konsèy pwofesè yo! 

Kòm finisman vakans yo ap rapwoche, paran ak timoun atravè Miami-Dade okipe ap achte tout sa ki nesesè pou yo retounen lekòl. Pa bliye kaye, kreyon, règ ak sak lekòl tout fè pati estrateji pou reyisit la. Sekrè sa – ki kouvri tout bagay sòti nan enkyetid premye jou a pou rive nan ranfòsman pwisans sèvo pitit ou – jiskaske l'ap fè A+ kòm rezilta.

  1. Kreye eksitasyon! Pandan timoun yo ap panse ak rantre lekòl la, rasanble founiti klasik yo kapab tounen yon bon fason pou ogmante antouzyas yo. Atik pou lekòl ki pa koute chè tankou ti plastik desen kolan ak kouvèti liv bay klasè ak katab yo yon lòt figi, pandan plim ak kreyon koulè klere yo, nouvo gòm ak nouvo kalkilatris yo fè timoun anvi itilize yo. Ou ka kreye plis antouzyas toujou lè ou pale de opòtinite k'ap tann yo: pwomnad, aktivite kreyatif pou aprann, epi aktivite sosyal ak apre-lekòl.
  2. Kalme enkyetid. Premye jou lekòl, menm se timoun jadendanfan oubyen ki nan sizyèm ane oswa fèk rantre nan lekòl segondè, li espesyal pou yo – alòs fè tout sa ou kapab pou rete pozitif. Kòmanse jounen an avèk bèl inisyativ: fè manje maten prefere yo a, fè foto pou ak inifòm lekòl yo a, epi bèl dyalòg ankourajman pou kalme enkyetid yo. Bayo on ti sekrè tou: menm pwofesè konn gen ti estrès tou pou premye jou lekòl la.
  3. Ankouraje òganizasyon. Timoun benefisye plis lè gen estrikti, espesyalman lè se aktivite ki gen rapò ak lekòl. “Rezon pouki… fè timoun yo òganize sa pra’l itil yo pou ane lekòl la ak pou lavi yo,” se sa pwofesè ki te genyen trofe a Ron Clark di, li se otè liv The Excellent 11: Qualities Teachers and Parents Use to Motivate, Inspire, and Educate Children. Li rekòmande yon kaye pou chak sijè, yon kaye ak katab pou devwa, epi katab dokiman pou kontwole pwogrè yo (youn pou devwa ak youn pou ekzamen). Clark di ke pwosesis estrikti sa ede paran yo tou pran bon desizyon pou ede timoun yo.
  4. Ankouraje jwenn solisyon pwoblèm. Timoun toujou gen kiryozite; olye ou bay o repons ke y’ap chèche a, fè yo ede jwenn solisyon an pito. “Abilite pou jwenn solisyon dwe natirèl lakay yon moun,” se sa espesyalis Robert D. Ramsey di, li se otè liv 501 Tips for Teachers: Kid-Tested Ideas, Strategies, and Inspirations. Li ensiste pou’l di ke lide tout pwoblèm se zanmi. “San yo menm pa t’ap genyen konpetisyon, jwèt, konkou,ak defi.” Ede grandi lespri yo ak jwèt kif è reflechi, konpetisyon, ak devinèt. “Timoun yo pa konnen ke lè [yon bagay] difisil se amize ke y’ap amize yo [pandan y’ap aprann].’’
  5. Kreye yon ekip pou sipò. Sòt nan manm fanmi an pou rive nan resous deyò yo (tankou, pwofesè ki bay leson patikilye oswa konseye nan lekòl), yon gwoup ki ka entèveni epi ede sila ki gen feblès yo ak lòt ki bezwen plis amelyorasyon yo. “Granpè ak granmè fè bon… konseyè, lektè, rakontè epi yo gen anpil pasyans pou yo koute,” se sa Ramsey ajoute, li kwè ke ansyen jenerasyon pote yon pasyans espesyal, lanmou ak sajès nan eksperyans edikasyon yon timoun.