Ti fi ap bwè dlo nan yon awozwa pou’l rafrechi.

Michael Pettigrew/stock.adobe.com

Fè Timoun yo Evite Chalè Pandan Ete a

Prekosyon se premye konsèy pou aktivite anba solèy la
Prekosyon se premye konsèy pou aktivite anba solèy la 

Moun ki nan Sid Florid la pran anpil kout solèy pandan ete a, avèk timoun yo ki pase plis tan deyò ke andedan kay pandan sezon an, li enpòtan pou nou sonje pwoteje yo kont reyon solèy la. Alòs, avan yo sòti, rasire nou ke:

Se nan bon lè. Anpeche aktivite nan mitan jounen yo epi limite aktivite ki ap fèt deyò yo pou lè pa gen solèy, bonè nan maten oswa lannwit.

Mete rad ki konvenab. Mete rad ki lejè sou yo, ki pa sere epi ki pa gen koulè fonse, epi ajoute chapo ki ka bay lonbraj sou kò yo.

Bloke solèy la. Mete krèm pwoteksyom kont solèy ki make “broad spectrum” sou yo, li dwe genyen pou pi piti SPF 15 sa pwoteje ni reyon UVA ni UVB, epi pa bliye ke ou dwe mete li sou yo 30 minit avan yo sòti deyò.

Amelyore vizibilite a. Fè ke mete linèt ki gen 100% UV pwoteksyon se yon priyorite. Pwoblèm solèy bay jodi’a ka vin pi grav demen, epi yo konn vin ak pwoblèm je tou.

Rete nan lonbraj. Fè timoun yo jwe nan lonbraj si yo kapab, epi tanzantan fè yo poze nan lonbraj.

Fè yo bwè dlo souvan. Prèske 5 ons dlo chak 20 minit pou yon timoun ki peze 90 liv; ajoute yon ons pou chak 10 liv. Evite sik, bwason kabonize oswa twò glase, sa ka bay kranp nan lestomak.

Rafrechi. Ankouraje pitit ou pase plis tan andedan nan anviwonman ki gen èkondisyone, kit se lakay oswa nan espas piblik tankou Miami-Dade Public Library – anpil kote sa yo ofri aktivite gratis pou timoun pandan ete a.

Ou dwe konnen siy danje yo. Timoun frajil ak kout solèy; ou dwe toujou siveye yo alòs si’w wè nenpòt siy sa yo – tankou tètfèmal, fyèv, tèt vire, vomisman, swaf tout tan, respire vit, fè pipi souvan, dòmi anpil, fatig, pikotman, kò fè mal, boul nan kò – ale wè pedyat nou oswa doktè nou toutswit.

Sous yo: American Academy of Pediatrics, Centers for Disease Control & Prevention ak Harvard Health Publishing.