Siy rouj klere, vè ak oranj ki ap li Black History Month.
terryleewhite/stock.adobe.com

Ewo Ki Pa Fè Twòp Bri Nan Black History

5 pyonye fanm ak gason koulè
Elisa Chemayne Agostinho
Vandredi, Fevriye 8, 2019

Enspire pitit ou – ak tèt pa’w – avèk istwa ekstraòdinè sa yo.

Alice Coachman Avan Simone Biles, Venus ak Serena Williams, ak pa Miami an Brianna Rollins, te gen Alice Coachman, premye fanm nwa ki te genyen meday dò Olenpik. Coachman sote 5 pye, 6 1/8 tyèm pous pou’l reyalize yon nouvo so rekò epi pote lakay meday dò a pou Etazini nan lane 1948. Se te ekstraòdinè paske li tea bite nan Sid zòn ki te gen sekregasyon, yo te anpeche moun nwa pwatike espò sou teren epi kòm timoun li te konn kouri sote vole pye atè nan rout tè sou moso twal ki mare ak kòd. Coachman se te – ankò premye fanm nwa ki te andose yon mak mondyal – lè Coca-Cola siyen li kòm pòt pawòl yo nan lane 1952.

Lewis Latimer Pitit yon ansyen esklav, Envantè Lewis Latimer se youn nan moun ede anpil nan devlopman anpoul limyè. Apre ke’l te fin sèvi kòm ofisye marin nan lagè sivil la, Latimer jwenn yon dyòb nan yon ofis patant epi li aprann tèt desen mekanik. Yo te vin rekonèt entèlijans li, yon te ba li yon pi gwo pòs planifikatè teknik epi apre li vin kolabore ak lòt envantè popilè nan zòn lan, tankou Alexander Graham Bell ak Thomas Edison kit e desine anpoul la, li tee de anpil nan kalite, dirabilite ak itilizasyon anpoul. Epi apre li demare enstalasyon limyè piblik anpil kote nan Etazini ak lòt vil ankò; Li te patisipe nan envansyon telefòn; epi ede tou nan amelyorasyon asansè ak twalèt ijyenik nan tren.

Charlotte E. Ray Premye fanm nwa ki pratike lwa nan Etazini, karyè Charlotte E. Ray kòm avoka te twò kout, men te fè bri kanmenm. Apre li fin gradye Washington, D.C.’s Institution for the Education of Colored Youth nan laj 19 lane, Ray kòmanse kòm pwofesè nan Howard University, men li te vle ale lekòl avoka. Twa mwa apre yo te aksepte li, epi apre li fini etid li nan lane 1872 ti devni premye fanm nwa ki gradye nan yon lekòl avoka Ameriken. Apre yo fin alsepte li kòm avoka nan District of Columbia li vin se youn nan twa fanm avoka fanm nan tout peyi a. Lè prejidis ak entimidasyon fè li difisil pou li pratike kòm avoka, Ray al batay pou egalite fanm ak dwa sivil.

Matthew Henson Anpil moun kwè li se premye gason ki rive Pol Nò, anvi Matthew Henson pou l’al nan avanti a kòmanse depi’l te jèn. Pòv, nwa li pa gen manman ak papa, li jwen yon dyòb nan yon kabin epi li wè anpil bagay nan vwayaj sou dlo yo lè li vin gen 18 lane li retounen sou tè, li te gen chans rankontre ak yon ofisye marin Robert Peary (nan kòmansman li te anplwaye Henson kòm sèvitè pèsonèl li) li fè anpil vwayaj danjere ak li, epi nan lane 1909 yo rive Pol Nò apre anpil tantatif danjere. (Yo pat kwè reyisit yo a yo te mande Peary pou li te al temwanye nan tribunal devan chanm Congrè pou’l defann reyisit li a; Henson – kòm moun nwa – yo te te meprize li.) Henson apre ekri yon liv nan lane 1912, A Negro Explorer at the North Pole; yo te ba li U.S. Navy Medal of Merit nan lane 1945; epi nan lane 1988 yo te antere li ankò avèk onè nan Arlington National Cemetery.

Marie M. Daly Byochimis Marie M. Daly, avèk gwo dekouvèt koneksyon ant kolestewòl ki monte wo ak arteri ki bouche, se premye fanm nwa nan Etazini ki pran diplòm kòm doktè chimis. Apre li fin resevwa metriz kòm chimis nan New York University – nan yon lane epi pandan l’ap travay nan tan pasyèl pou’l ka peye lekòl li – Daly pran doktora li nan Columbia University epi li devni pwofesè la ak Howard University. Rechèch li pandan tout lane yo ede plis pou konprann maladi kè epi kòman pout trete li, epi enfliyans sik sou arteri y oak lafimen sigarèt sou poumon yo; devouman li pou li sipòte divèsite rasyal ak sèks nan gwo etid syans te enpòtan anpil tou.