Uit entènè ete yo nan Trust pou Timoun yo te fè yon prezantasyon sou entènèt espesyal sou 5 out.

Photo courtesy of Danielle Barreras

Etidyan k ap fè Estaj Pandan ete a Montre Anbisyon yo fas a Difikilte Kowonaviris la

Videyo resansman an, reyinyon ak ofisyèl piblik nan mitan aktivite ki gen eksperyans
Videyo resansman an, reyinyon ak ofisyèl piblik nan mitan aktivite ki gen eksperyans 

Pandan majorite nan nou ap eseye wè kouman pou n wete tèt nou nan sitiyasyon malouk nou twouve tèt nou pandan ete sa – akoz COVID-19! –yon gwoup jèn moun Miami t ap travay pou yo prepare avni yo. 

Patisipan ki te nan pogram estaj pou jèn moun e ki t ap travay nan òganizasyon The Children’s Trust yo te pase 5 semèn ap fè kèk esperyans lavi pandan yo tap travay toutbon – yo dirije kèk pwojè, yo leve bonè pou yo pran pa nan kèk reyinyon pa telefòn ki tap fèt a 8 è di maten epi yo aprann nan men divès pwofesyonèl ak anplwaye leta.
 
Olye 8 estajyè sa yo kite limit kowonaviris la anpeche yo pwogrese, yo pwofite okazyon an pou yo file konpetans yo nan afè entènèt epi yo te benefisye yon bon valè esperyans, pandan yo tap kontribye nan pwojè The Children’s Trust te genyen pou ete a. Nan kad pogram estaj pou jèn moun The Children’s Trust avèk divès patnè patwone, estajyè yo te pami plis pase 2000 lòt jèn yo te plase nan travay apre yo fin pase nan yon pwosesis entèvyou ofisyèl. Esperyans yo fè a pa gen pri, met sou sa yo te peye yo pou efò yo.

Katherine Mesa, yon etidyan ki pral nan 12yèm ane nan lekòl segondè Coral Reef Senior High School, di li te konnen li te pral fè yon bèl esperyans depi nan kòmansman estaj la lè li tap suiv jan Donovan Lee-Sin ki responsab politik piblik ak angajman kominotè tap egzèse konpetans vrè negosyasyon toutbon. Mesa te youn nan 2 estajyè ki te fè demann yon sibvansyon 1000 dola e yo te jwenn li pou yo te kreye yon videyo sou resansman ki pou montre moun enpòtans pou yo konplete resansman an pou avni kominote nou an. 

“M te gen chans fè konesans diferan Depite Lachanm Eta Florid, ede anime yon aktivite kominotè epi yo te prezante m nan diferan depatman, nan diferan òganizasyon epi yo prezante m bay kèk  kolaboratè òganizasyon Trust la.” Sa se pawòl Mesa nan yon videyo li te fè sou esperyans li. “Se rèv mwen pou m fè karyè m kote mwen kapab ede fè sansibilizasyon pou kominote a epi pou m ka fè yon diferans. Estaj sa a vin konfime pasyon mwen geyen pou sa a.”

Tout estajyè yo te fè pati Komite Konsèy Jèn, ann angle The Trust’s Youth Advisory Committee
(YAC), ki fè yo te abitye bay tan yo ak efò yo pou bon kòz, men estaj la fè yo vin pi renmen afè travay sou entènèt la, ak sa yo te aprann anpil leson pou karyè yo pi devan.

Lòt estajyè ki te genyen bous la se Ingrid Arias, se yon etidyan twazyèm ane nan Westland Hialeah Senior High. Arias, ki tap travay nan Depatman Kominikasyon nan Trust la, pale de tout konsèy yo ba li ak tout kontak li fè pandan estaj sa a. “Mwen tabli kèk kontak, mwen te renmen ekip Kominikasyon an, epi mwen te gen chans fè konesans ak lòt estajyè epi mwen fè zanmi ak kèk nan yo,” se te pawòl Arias. 

Pou jan estajyè yo te aji an pwofesyonèl epi pou jan yo te gen anpil enèji sa te enpresyone Prezidan Trust la Jum Haj ki PDG a tou.  PDG a tap fè lwanj pou estajyè yo nan aktivite espesyal yo te fè pou selebre fen pwogram estajyè yo le 5 out. “Mwen vle fè nou konpliman pou prezantasyon nou te fè yo, yo te estwòdinè,” se sa Haj te di, apre l te fin gade prezantasyon chak estajyè yo sou Zoom pou pale de esperyans yo fè a. Malgre Haj di te gen nouvo difikilte ane sa a, li fè yo tout konpliman pou jan yo te ajiste yo ak nouvo espas travay dijital la. “Nou tout te oblije fè kèk ajisteman. Nou tap byen kontan wè tout estajyè yo vin travay nan biwo a, estajyè yo fè yon bèl efò, nou vrèman fè yon bèl efò. Nou fyè espesyalman pou travay estajyè yo fè a.” 

Haj di tou, avantaj estaj la vo plis pase lajan epi sa jèn yo aprann yo ap ret avè yo pou lontan. “Esperyans nou fè. Moun nou rankontre. Se bagay k ap ret avè nou pou lontan.  Pandan n ap antre nan inivèsite epi pandan nou pral kòmanse travay, se sèten nou fè kèk kontak tou,” li di yo. 

Nan dènye 5 ane ki sot pase yo Pogram estaj pou jèn yo pandan ete a fè tout kote sa yo met tèt ansanm, The Children’s Trust, Miami- Dade County, Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS), the South Florida Workforce Investment Board epi Foundation for New Education Initiatives pou yo ede 3,000 etidyan travay kòm estajyè pandan y ap touche nan tout yon seri òganizasyon pandan ete a. Malgre kowonaviris la deranje anpil nan aktivite nou abitye fè deyò, pwogram estajyè a te rive kenbe epi li menm fleri. An menm tan tou jèn yo resevwa yon pèdiyèm, plan parinaj la ofri ni sa ki nan inivèsite ni sa ki nan lekòl segondè. 

Si te gen oken dout sou aspirasyon epi sou gwo espwa gwoup estajyè sa a, tout dout te kaba pandan prezantasyon final yo te fè yo. Anpil nan yo bay detay sou sa yo ta renmen reyalize kòm karyè yo, gen kèk ki swete vin majistra, gouvènè, Vis Prezidan epi se sèten Prezidan tou. 

Pou plis enfòmasyon sou Pwogram estaj jèn ete vizite Miami.GetMyInterns.org.