A little Hispanic girl, crying and standing next to her mother with her arms wrapped around her waist.

Eske Pitit ou Se yon Ti Kapon?

Eske Ou Gen yon Timoun ki Toujou Gen Lapèrèz?
Eske Ou Gen yon Timoun ki Toujou Gen Lapèrèz? 

Eske timoun nou toujou gen yon retisans pou yo distrè yo lè pou yo fè yon eksperyans ki pa nan abitid yo? Menm si sa ki fè yo pè a vre ou byen se nan lide yo, bon nouvèl la se, nou ka ede yo aprann pou yo fè fas ak sa, kraze enkyetid yo epi fè yo vin gen konfyans nan tèt yo, jan yon timoun ta vle sa!

Jwenn Gwo Mechan a
Ede pitit nou jwenn sa ki fè yo pè – e poukisa – se premye etap pou yo fè fas ak perèz yo. Bay sa ki fè yo pè yon non, fè sitiyasyon oswa bagay la vin reyèl, epi sa vin fè li pi fasil pou paran yo ak timoun ansanm, ka pale sou pwoblèm nan. Lè nou pa jwenn lakoz "perèz" la, timoun la vin san fòs fas a perèz li – epi imajinasyon yo ka vin pi fò e sa fè sitiyasyon a vin pi mal.

Men Ronald Rapee, Ph.D., dezyèm otè liv Helping Your Anxious Child, bay garanti ke pitit nou kapab aprann pou yo kontwole angwas yo avèk enkyetid yo, lè yo aprann panse nan yon fason ki reyèl e ki pratik – sa li rele “panse tankou yon detektif.” Kijan pou fè’l? Ankouraje pitit nou pou yo chache panse ki nan tèt yo se ki fè yo pè, pou yo gade ak egzamine tout prèv ki pou sipòte oswa pa sipòte sa yo santi a.

“Si timoun yo ka chanje sa ki nan panse yo, yo kapab chanje jan yo santi yo tou,” se sa Rapee di. Pou fasilite jan pou sa fèt, li rekomande pou nou poze pitit nou twa kestyon: "Kisa ki fè’w pè?", "Kisa ou t’ap panse?", epi "Kisa ou te santi?" Lè timoun nou reponn, ansanm, n’ap kapab detèmine ki nivo perèz yo, avèk yon ti tès nivo soti 1 (rilaks anpil) pou rive 10 (kaponnen anpil).

Chanje atitid yo
Nou ka ede pitit nou chanje jan yo panse sou yon posibilite danje, se sa James J. Crist, Ph.D. di, otè liv What to Do When You’re Scared & Worried: A Guide for Kids, ki rekòmande nou anpil pou nou ankouraje pitit nou pou yo reflechi a pi bon ka nan sa ki konsène yon menas, yon fason pou detwi sitiyasyon a pou yo kapab kalme.

“Lè nou chanje panse nan negatif pou pozitif, kò nou reyaji. Nou kòmanse santi nou pi kalm ak pi fò,” se sa Crist eksplike. “Pandan nou ka toujou santi lestomak nou mare, oswa men nou ap swe, n’ap kapab panse pi klè. Se pou nou di tèt nou, ‘mwen ka jere sitiyasyon sa,’ e n’ap kòmanse santi nou pi an konfyans." Estrateji sa mache ni lè timoun yo nan yon sitiyasyon ki fè yo pè, ni nan lòt moman tou. “Panse pozitif ka ede… chak jou.”

Panse sa Ki Pi Grav La
Menm jan, lè nou fè pitit nou imajine sa ki pi grav ki ka rive, kèlke swa sitiyasyon an k’ap anpeche yo vanse (tankou al dòmi lakay yon zanmi pou premye fwa oswa pran lapawòl devan klas yo), se yon lòt fason pou nou chanje nan perèz la pou byennèt.

Lè n’ap fòse pitit nou panse sa k’ap fè’l pè tout tan, sa ka ede’l pou li desansibilize sou pwoblèm nan, se sa Crist di. "Souvan, la plipa timoun yo evite pou yo panse sou sa ki fè yo pè, pou yo ka retire’l nan tèt yo. Men lè san rete nou repete nan tèt nou sa k’ap fè nou pè, lespri’n vin abitye avè’l." Li eksplike, "Ann di nou pase tan nou ap panse, ‘mwen pè van, mwen pè van,’ epi ou ekri li 50 fwa. Ou pral wè ke mo sa yo pa’p fè’w pè menm jan.” Pase pou yo ekri yo sou papye, timoun yo ka di mo yo fò nan yon chante, pou yo santi yo gen plis fòs sou yo.

Konstwi Konfyans nan Tèt yo
Pandan pitit nou kòmanse fè efò pou yo soti nan abitid yo genyen chak jou yo, ranje kò nou pou nou rekonpanse yo pou nenpòt aksyon brav ke yo fè. “Lè nou montre yo epi konsantre sou siksè yo, n’ap ede pitit nou pou yo konstwi konfyans nan tèt yo, pandan n’ap fè yo wè tou sa yo kapab fè,” se sa Rapee di. “An plis pou n’ap chache tout aksyon brav ke yo fè, pafwa nou ka ankouraje pitit nou pou yo fè aksyon ki ka yon ti jan difisil pou yo.” Ke yo itilize yon teknik pou divèsifye oswa pou afwonte sa yo pè a dirèk, fòk nou rekonèt kouraj yo, ke sa avèk konpliman oswa yon bèl ti rekonpans.