Yon jenn timoun sanble anvi soti fenèt la pandan yon pandemi kowonaviris.

brocreative/stock.adobe.com

Enpak Pandemi Kowonaviris Sou Timoun Yo

Konsyantizasyon ak aksyon kle pou limite twomatis nan jèn yo
Konsyantizasyon ak aksyon kle pou limite twomatis nan jèn yo 

De mwa apre kòmansman pandemi kowonaviris ki boulvèse la vi ak ravaje peyi nou an, enpak total li pral genyen sou lavi nou toujou enkoni. Li plizanpli posib ke pandemi a pral defini lavi  jèn jenerasyon yo e pral make devlopman yo akòz chanjman sa a ki san parèy. Anpil moun kwè ke yo pral wè li sou menm echèl ak jenerasyon lajenès epòk Dezyèm Gè Mondyal la te wèl.

Pout tèt sa, nou pral gade kijan  li afekte timoun nou yo. Menm jan chòk yon konfli mondyal kite konsekans avi sou timoun ki te fèt nan ane 1940 ak ane 1950 yo, se konsa tou kowonaviris la pral gen yon enpak sou timoun ki te grandi nan tan kowonaviris sa a.  Pral gen yon diferans jan yon sosyete ak yon lòt pral santi enfliyans li, men nou pa ka  nye ke pandemi a pral make enòmeman lavi timoun nou yo, petèt pi plis pase nenpòt evènman mondyal ki ka rive nan lavi yo. 

Moun ki gen mwens pral soufri pi plis paske chòk la pral pi domaje popilasyon ki pa gen anpil lajan. Anvan nou ka diminye negatif sa yo, nou dwe konnen ki sa pou nou egzamine. 

Enpak ki posib apre enfeksyon an  

Mank ale lekòl nòmalman pral youn nan pi gwo chòk ki pral deklanche pou pifò oswa nan tout timoun yo. Nou pap konnen anvan yon sèten tan jan pandemi an pral retade aprantisaj ak devlopman, men efè yo ka enòm si endikasyon an baze sou lòt gwo evènman twomatik tankou siklòn ak tranbleman tè ki konn rive . Sosyete a, deja santi enpak la. Anpil nan timoun nou yo deja pèdi seremoni gradyasyon lekòl primè ak lekòl segondè, bal gradyason ak lòt selebrasyon ki make siksè nan yon ane lekòl. Malgre ke Lekòl Leta Miami-Dade Konte toujou ap etidye jan pou onore ak selebre elèv ki pral diplome yo, deranjman an pral kanmenm fè yon gran efè toupatou.

Pi lwen pase lavi sosyal ak kiltirèl la, enpak yo pral pi kritik nan ensekirite alimantè. Dejene gratis pou tout timoun nan lekòl leta nan Konte Miami-Dade ak manje midi gratis oswa a pri redui pou timoun ki pa gen anpil revni reprezante yon gwo pòsyon nan manje timoun nou yo konsome. San manje sa yo, chans pou timoun yo vin grangou ogmante anpil anpil. Jiska jodi a, ak yon jès admirab, sistèm lekòl la pa kite sa a rive paske depi 17 Avril yo sèvi plis pase 1 milyon manje pou pote ale lakay. Men, kan mèm gen plis bagay ki bezwen fèt.

Coronavirus Update: "Grab And Go" Meals and Devices For Students Available In Miami-Dade @MDCPS #Covid19 https://t.co/pLOynOj0hu

Lè ou konsidere twa ka nan 350,000 elèv ki enskri nan Miami-Dade kalifye pou manje gratis oswa apri redui, ak si yo resevwa omwen yon repa nan yon jounen lekòl pandan yon ane regilye, sèvis kounye an pou bezwen sa a pa ase. Vizite sitwèb Freeschoollunch.info pou chèche konnen ki lekòl kap kontinye bay manje.

Menm jan ak danje ki genyen nan ensekirite alimantè, vius la kapab fè abi fizik ak vèbal sou timoun vin ogmante.  Menm si rapò sou nivo abi sou timoun te desann anvan aparisyon kowonaviris la, sa a pa nesesèman yon siy pozitif. 

Amanda Altman, Diretktè Prinsipal nan òganisasyon Kristi House, te di nan Miami New Times la "Sa mwen wè se ke apèl nan telefòn diminye, e se sa ki fè m pè paske sa vle di gen pwobableman lòt ensidan ke yo pa rapòte. Kisa mwen antisipe se ke yon fwa nou sispann ret fèmen anndan kay epi timoun yo kòmanse sòti - Al lekòl yo, al nan kan yo, al wè pedyat yo - Mwen imajine nou pral gen anpil ka abi. " Kristi House ke Children’s Trust finanse se yon sant defans timoun nan Miami ki konsantre sou eliminasyon abi sou timoun ak trafik sèks timoun.

Yon lòt produi relatif ki negatif pou timoun ki sòti nan sitiyasyon aktyèl la se angajman nan swen sante jeneral ak swen dantè. An 2019, apeprè 100,000 elèv te rann prèske 350,000 vizit nan klinik sante lekòl ke Trust finanse, kote  yo resevwa premye swen medikal ak evalyasyon sante mantal, dyagnostik, tretman, konsèy, tès dantè ak vizyon e vaksen. Paske lekòl fèmen kounye a petèt swen sante pou timoun yo ka yon gran enkyetid pou paran yo nan ane lekòl kap vini an. 

Sa paran yo ka fè pou adousi twomatis kowonaviris la

Pran kontwòl yon pandemi mondyal ta ka sanble yon travay enposib pou paran Miami-Dade yo, men kontwole enpak li genyen sou pwòp pitit nou yo pa enposib. Premye bagay pou konprann se ke tankou nan tan nòmal, pitit ou pral swiv   konpòtman w pandan tan sa a pou l konnen ki jan pou l pòte tèt li memn jan. Sa vle di ke kòmansman enpak alontèm pral depann de relasyon ke ou genyen ak pitit ou.  Mark Reinecke, PhD, yon sikològ syantifik nan Child Mind Institute (Enstiti Pou Lespri Timoun) la di "Fè atansyon a panse ki katastwofik," "Kenbe yon sans de pèspektiv, angaje nan solisyon ki byen panse epi balanse sa ak akseptasyon ki base sou konsyans ou." Li enpòtan pou kenbe yon dyalòg konstan ak pitit ou sou sijè ki konsène kowonaviris la, e lòt  sijè tou ki pa gen rapò a sa; epi jwenn jan pou redwi panik pandemi a ki ale ansanm ak pandemi fizik la.

Pèspektif se yon lòt zouti valab pou bat efè alontèm kriz la.  Nou pa konnen konbyen tan pandemi an ak lòd pou rete anndan kay pral dire, kisa ki pral rive ak resous yo, chèk estimilis Leta yo, chomaj, travay nou yo, elatriye. Timoun yo pa ekipe ase pou yo fè fas ak ensètitid sa yo. Youn nan lekòl Miami te bay timoun yo yon pwojè  pou kaptire yon sèten peryòd pou komemore kantite tan elèv yo swiv lòd rete anndan kay, e ki mande pou yo ekri sou santiman yo pandan anprizònman an.  Egzèsis la ap pèmèt timoun yo mete an kontèks, ak konpreyansyon ke sitiyasyon aktyèl la pral pase evantyèlman, eksperyans yo epi pou yo etabli yon mak tan ke peryòd rete fèmen a dire. 

Pandan ke paran yo se premye liy defans lan ki pi enpòtan pou pwoteje timoun yo ak twomatis alontèm viris la ka pwodwi, sa pa vle di yo oblije fè fas a defi a pou kont yo. StayHome.Miami (Rete Lakay Ou Miami), nouvo microsite Children’s Trust la konsakre sèlman nan bay resous, aktivite, ak lòt zouti pou ede timoun ak fanmi yo siviv kriz sa a. Kòm sipò, yo fèk ajoute nan lis yo Parent Club virtual workshop videos (videyo atelye vityèl Klib Paran yo). Klib sa a te etabli nan mwa Out ane pase. Li ofri atelye gratis pou nenpòt ki paran nan tout konte a. Mwa pase a yo vin mete atelye yo sou entènèt ansanm ak yon nouvo eleman StayHome.Miami ki transmèt vèsyon itil atelye yo an fòma videyo kout. 

Paran yo tou kapab konte sou StayHome.Miami pou jwenn non sèlman yon nouvo eleman " Soccer for Success at Home (Siksè Anndan Kay ak Foutbòl) " genyen tou, aktivite pou anndan kay, yon varyete videyo ke Easterseals Sid Florid ofri ki fèt spesyalman pou timoun andikape, ak yon bann kantite lòt resous.

Faktè enpòtan pou diminye efè alontèm pandemi a, se kenbe timoun yo aktif, angaje epi antretni yo. Patisipasyon paran yo ansanm ak yon dyalòg onèt, e ki gen sansiblite ap nesesè pou asire ke enpresyon inoubliyab pandemi a pral kite nan lavi timoun nou yo pap pi negatif pase sa li dwe ye a.