Timoun ak bòt kawotchou rekouvèr janm ap sote nan yon ma dlo

evgenyatamanenko/iStock/Thinkstock

Enpòtans Rekreyasyon

Jwèt ak amizman gen enpòtans tou
Jwèt ak amizman gen enpòtans tou 

Pandan pwofesèklas yo ap bay bon ansèyman, lakou rekreyasyon an, bay tou. San yo pa reyalize sa, rezoud pwoblèm, kolabore epi negosye, tout sa fè pati amizman!

Aktivite jwèt pretann yo (ki vle di an nou pran pòz ke) se yon ti kwen majik ki chaje ak jwèt syantifik kote imajinasyon timoun yo reyalize tout bon epi mete bèl entansyon nan lespri yo. Ke se monte sou yon fize pou ale sou planèt Mas, aprann sou pwogrè lasyans oubyen aprann sou dekouvèt akeolojik, kapasite kreyativite pitit ou jwe gwo wòl lè yo gen kontwòl pwòp aparèy pa yo.

Pouvwa ke Ann Pretann Genyen
Dapre National Association for the Education of Young Children, aktivite pretann yo ede timoun aprann epi amelyore devlopman entelijans yo. Pi piti ki renmen jwe jwèt makèt ap kapab amelyore abilite yo pandan y'ap aprann matematik epi rezoud pwoblèm ki gen rapò ak kalkil. Aktivite ki baze sou enteraksyon, tankou jwe jwèt lekòl, ankouraje amelyorasyon abilite nan domèn sosyal. Epi sila ki prefere jwèt ki enplike vokabilè ap kapab ogmante konesans literè yo.

Avantaj Lè ou Aktif
Jwèt ogmante abilite fizik timoun yo tou, sa aprann yo balans ak koòdinasyon. Abilite ki mande je ak men pou travay ansanm pandan y'ap jwe jwèt tankou monte blòk,kote yo gen yon pye anlè sou ki y'ap pran fòs epi grenpe sou nechèl yo. Li enpòtan tou, lè timoun yo ap kouri nan espas jwèt yo oubyen sou pak la, yo boule enèji epi tou yo diminye (nan kèk ka, enkyetid ak strès) boule kalori tou, ede nan lit pou konbat obezite.

Avantaj Amizman yo
Nan yon aspè emosyonèl, jwe pote kontantman pou timoun yo – pa gen dout. Sa pote yon pakèt posibilite ki ka siprann yo, eksitasyon ak satisfaksyon. Epi pandan ke se amizman ki se objektif la, genyen posibilite pou enpwovizasyon, se sa doktè Stuart Brown di, li se otè liv Play: How It Shapes the Brain, Opens the Imagination, and Invigorates the Soul. "Rezilta a se ke nou dekouvri nouvo konpòtman, lide... oubyen fasondèt," se sa li di.

Pou Reyisit Jwèt la
Kapasite pou kontinye aprann pandan timoun yo ap eseye lòt jwèt epi dekouvri nouvo posibilite. Aprann fè negosiyasyon, pratike pasyans pou pi gwo objektif, epi aprann pran risk tout sa se avantaj lè timoun yo jwe wòlyo epi ajiste yo ak règleman yo. "Timoun k'ap jwe Monopoli aprann devlope estrateji epi renmen pran risk, pandan, nan jwèt kat, yo devlope abilite pou obsève lòt yo pou wè entansyon yo," se sa doktè David Elkind fè konnen, li se otè liv The Power of Play: Learning What Comes Naturally. "Menm avèk yon bagay senp tankou lagokache, timoun aprann respè mityèl pandan y'ap mete epi kraze pwòp règleman pa yo."

Liv Jwèt pou yon Bèl Lavi
Jwe se yon bagay timoun tout laj ta dwe enterese ladan toutan. "Tout pandan timoun yo ap grandi, liy ant pretann ak sa ki reyèl vin pi solid, men jwèt imajinè yo kontinye nouri lespri yo," se sa Brown di. "Pandan tout lavi a, imajinasyon rete yon kle pou rezistans emosyonèl ak kreyativite." Pou ki pi bon rezon pou ta kreye yon ti tan sou kote pandan jounen an, soti ak fanmi an – epi al jwe tankou timoun?