Papa ak jèn pitit gason ap soufle boul kim nan pak la.

pixelheadphoto/stock.adobe.com

Enpòtans Prezans yon Papa

Moman avèk papa se gwo moman!
Moman avèk papa se gwo moman! 

 Chak fwa yon papa – oswa figi patènèl – montre kisa sa vle lè ou prezan nan lavi pitit ou swa nan wòl-montre pasyans, konpasyon, montre atansyon epi toujou la pou ede yo, li prepare yo pou sosyete a ak entegrite ki pra'l fè gwo enpak sou mond lan.

Etid montre ke timoun ke papa yo te prezan nan vi yo travay pi byen lekòl, montre pi bon byenèt mantal, mwens vagabondaj epi rive pi lwen lekòl epi reyisi nan lavi. Epi ekspè di li fasil pou reyalize objektif sa.

Okipe Yo Avèk Liv
Lè pi piti a ap kriye, "Ke li vle papa'l li on ti listwa pou li pou'l ka dòmi!" Opòtinite pou kreye bon lyen ant pitit ak papa pote plis benefis ke ou ta panse. Papa yo renmen mete dram nan vwa yo lè y'ap fè lekti sa ap sèlman amize epi ankouraje yo, men, dapre espesyalis Kyle Pruett, ki se otè liv Fatherneed: Why Father Care Is as Essential as Mother Care for Your Child, “ranfòse lide kapab se oyn senbòl pou eksprime emosyon ki agreyab (ant papa ak pitit)."

Apre kote amizman, rechèch montre ke sa menm amelyore lasante lè papa li pou pitit li. "Nou remake ke lè papa yo depoze aparèy elektronik yo epi chita pou pataje yon istwa ak pitit yo, batman kè tou de ralanti epi yo vin pi kalm fizikman ak mantalman," se sa Holly Zwerling di, li se prezidan/direktè Fatherhood Task Force of South Florida. 

Ou Dwe Tounen Patnè #1 Yo Lè Yo Vle Jwe
Pataje yon liv prefere se youn pami anpil lòt entèraksyon ki ka genyen yon gwo enpak sou pitit yo lè papa yo fè sa. Kòm Pruett di, papa yo gen fason enprevi pa yo pou yo ankouraje pitit yo ki diferan ak fason manman yo. Fason enprevi sa yo pote plis amizman pou timoun yo, kèlkeswa laj yo. Konsidere papa ki sòti nan travay epi pou salye pitit li yo li leve yo anlè fè yo vole. Lè yo fè sa konsa pou yo ka rekonekte ak pitit yo paske yo pat la pou jounen an, timoun lan pa’p fasil bliye aksyon fizik agreyab sa yo.

Men sa pote plis pou timoun yo toujou. Pandan timoun yo ap devlope ekspè tankou doktè Daniel Paquette, li se pwofesè sikoedikasyon nan University of Montreal kwè, konpòtman papa sa yo se yon fason pou rantre nan mond timoun lan, ki, fè timoun yo pi konsyan epi angaje nan anviwonman yo.

Citing Paquette, Paul Raeburn, ki se otè liv Do Fathers Matter? What Science is Telling Us About the Parent We’ve Overlooked, fè konnen ke “timoun bezwen ankourajman pou pran risk ki se yon bagay ki enpòtan pou estabilite ak sekirite yo.” Konpòtman enprevi papa yo "Ede timoun pou yo ka vin brav nan sitiuasyon difisil oswa lè y'ap fè nouvo konesans," se sa Raeburn di. Jwèt enprevi ki menm pafwa kon parèt frajil ke Papa yo ap fè yo kapab fè bon enpak sou timoun yo, li ajoute, sa montre yo kisa pou yo fè lè yo fè fas a nenpòt sitiyasyon enprevi.

Pase Tan Avèk Yo
Dapre yon rapò U.S. Department of Health and Human Services, rechèch kounye a montre ke enpòtans ke bon moman pase ak pitit ou gen enpak kontinyèl.

"Papa yo ta dwe kontinye ak menm jès aktif, fizik sa yo pandan timoun yo ap grandi," se sa rapò a di. "Sa vle di, lè n'ap pale de papa ak pitit k'ap amize, jwèt aktif tankou jwe foutbòl, baskètbòl, ale nan kan oswa ale nan libreri gen plis valè ke pase tan nan aktivite pasif tankou gade televizyon - pou bon relasyon byennèt, devlopman sosyal ak sante fizik."

Rezilta rapò di pi devan ke fè aktivite pwodiktif ak pitit ou, tankou travay nan kay la lave vesèl apre soupe oswa netwaye lakou a, ankouraje yon sans responsabilite ki se, nan bò pa li, asosye ak yon pi bon byennèt, akademik, reyisit epi angajman sivik pita nan lavi. Alòs rete enplike epi fè chak minit ou pase ak pitit ou konte!