Yon tinedjè panyòl patisipe nan aprantisaj aleka.

fizkes/stock.adobe.com

Enfòmasyon Nesesè pou Ouvèti Lekòl la

Yon gid senp pou ouvèti lekòl leta Miami-Dade County k ap kòmanse a distans
Yon gid senp pou ouvèti lekòl leta Miami-Dade County k ap kòmanse a distans  

Pou tout timoun ki nan lekòl leta Miami-Dade County (M-DCPS), lekòl yo ap ouvè a distans lendi 31 out. Kouman jounen lekòl la pral dewoule, omwen ann oktòb lè administrasyon lekòl leta a va re-evalye pandemi Kowonaviris la nan Sid Florid pou yo detèmine si timoun yo pral suiv kou nan lekòl yo oswa si yo pral suiv kou a distans? Men yon apèsi sou sa k pral pase dapre yon gid lekòl leta a prepare ki pote non angle M-DCPS’s Reopen Smart/ Return Safe Guide

Men echantiyon yon jou lekòl
Kontrèman a jan orè lekòl la te ye nan fen ane lekòl la, orè elèv yo pral suiv lakay yo fwa sa a ap pi sanble ak orè nòmal lekòl la. Lekòl primè yo ak Sant kindègadenn a 8èm ane yo ap kòmanse a 8:35 a.m. epi y ap fini a 2:05 p.m. pou elèv kindègadenn ak sa ki nan premye. Elèv ki nan dezyèm ane rive nan 5èm ane y ap fini a 3:05 p.m. Elèv ki nan klas entèmedyè sa yo rele ann angle Middle school la ap kòmanse a 9:10 a.m. epi y ap fini a 3:50 p.m. Elèv ki nan lekòl segondè ap kòmanse a 8:30 a.m. epi y ap fini 3:30 p.m.

Direksyon lekòl la ap fè kèk anons chak maten pandan 15 minit nan kòmansman jounen lekòl la epi y ap mete orè pou chak klas yo sou entènèt ni nan seksyon paran an ni nan seksyon elèv la, y ap kab wè orè sa yo sou entènèt oswa yo kab sèvi ak yon app tou. Paran yo ap bezwen nimewo pin lekòl la ba yo a pou yo kab rantre sou entènèt la, si yo pa gen nimewo a yo dwe kontakte lekòl la. 

Orè elèv lekòl yo, esplikasyon sou sa yo pral anseye sou chak sijè, lè pou timoun yo manje ak lè pou yo pran ti repo pou lespri yo, chak lekòl va deside ki lè pou yo fè sa. Pou w jwenn fason pou kontakte yon lekòl al sou sit sa a www.dadeschools.net/schools/schoolinformation.

Asire timoun yo manje sa ki bon pou sante yo
Nan yon ane lekòl regilye, anpil nan timoun ki nan lekòl leta Miami-Dade yo depann de lekòl yo pou ba yo manje maten ak manje midi, men lè yo lekòl a distans yo pa gen repa sa yo a dispozisyon yo. Administrasyon lekòl leta yo ap ofri fè distribisyon manje nan lekòl elèv yo chak apremidi apre lekòl. Elèv yo ak paran yo ap kab vin pran plizyè repa alafwa. Si w bezwen plis ransèyman sou ki kote epi a ki lè y ap fè distribisyon manje yo ale sou sit sa a www.parentacademymiami.com/school-meals-near-me.

Malgre yo ankouraje paran bay pitit yo yon ti goute pandan jounen an paske sa ede pitit ou konsantre sou travay li, pa bliye evite manje ki san vitamin epi bay pitit nou manje pou yo pase nan bouch yo ki bon pou sante yo.

Yo te make yo prezan
Sa pa t fasil pou anpil timoun pou yo te asire lekòl la make yo prezan lè yo te fèk kòmanse pran pa nan lekòl a distans nan fen dènye ane lekòl la. Ane sa a, bagay yo dwe pi fasil, men lekòl yo tou ap pi sevè nan jan yo tcheke ki elèv ki prezan epi y ap mete chay la sou do timoun yo lè yo an reta oswa lè yo absan. 

Nan lekòl primè yo, y ap make timoun yo prezan depi yo parèt nan sesyon pwofesè yo fè an dirèk nan kòmansman jounen lekòl la. Elèv ki nan segondè yo dwe rantre nan klas chak pofesè ap fè an dirèk nan kòmansman chak peryòd oswa chak blòk. 

Tout elèv dwe kite kamera yo limen pandan jounen an pou pofesè yo kab idantifye yo. Elèv ki pa anliy lè y ap fè apèl, men ki vin antre anliy apre sa, y ap make yo kòm elèv ki an reta. Si yon elèv monte sou sit la pou l al fè devwa li men li pa rantre sou sit kote pwofesè a ap fè kou a an dirèk la y ap make elèv sa a absan. 

Èd pou lojisyèl epi èd pou konpitè
Nan fen dènye ane lekòl la sa pa t fasil pou w te chèche konnen ak ki lojisyèl pwofesè yo tap sèvi, alevwa pou w te konn kouman pou w sèvi ak tout zouti sa yo. Nou ann espwa tout moun vin pi maton nan ladrès nou genyen pou nou rankontre sou entènèt pandan dènye mwatye ane sa a, epi lekòl leta M-DCPS yo swete fè ane lekòl sa vin pi fasil toujou ak nouvo platfòm yo pral sèvi a ki pote non angle My School Online (MSO). Tout elèv nan distri a pral sèvi ak pogram MSO sa a se la pwofesè yo pral rankontre ak elèv yo pandan y ap sèvi ak teknoloji sa a ki pèmèt moun fè konferans anliy la. Lojisyèl sa a pèmèt pofesè yo rankontre ak elèv an ti gwoup epi ak chak elèv apa. Ap gen lòt sèvis k ap disponib tou sou lojisyèl sa a - sèvis tankou sèvis konseye epi sèvis konseye sante mantal, entèvansyon epi terapi si elèv la bezwen sa. 

Lekòl leta a dekri MSO a tankou yon lot kalite Zoom epi ki pèmèt elèv yo al gade leson pwofesè a fè pou yo, kominike ak kondisip klas yo, travay an gwoup epi travay sou kèk pwojè pandan yo konekte nan sistèm sa a. Pofesè yo pral sèvi ak platfòm sa a pou yo chita pale ak paran epi ak elèv nan peryòd yo genyen pou yo planifye a, epi y ap kapab fè rankont sa yo tou anvan lekòl kòmanse epi apre lekòl lage. 
 
Nan premye semenn lekòl la, lekòl leta nan Miyami M-DCPS ofri seyans antrènman pou paran pou yo kab ede pitit yo pi byen ak teknoloji a epi pou elèv yo kab itilize teknoloji a byen. Anpil nan resous sa yo disponib toujou, epi resous sa yo ladan tou: 

• The Parent Academy Virtual Campus (https://parentacademymiami.com/virtualcampus) wèbmina sou demann an plizyè lang. 
• Y ap pase yon pogram ki rele "TECH TALK"  (plizyè fwa/an plizyè lang) sou WLRN pandan pogram MSO a, tcheke orè a sou sit sa a https://www.wlrn.org/schedule/wlrn.
• Talè kon sa pral gen yon paj ransèyman sou sit wèb Lekòl leta a epi sou sit wèb chak lekòl  konsènan teknoloji ki sèvi pou anseye epi konsènan zouti teknoloji. 
• Distri a pral fè aktivite an dirèk pou fè pwomosyon pou platfòm teknoloji ak zouti ki sèvi nan edikasyon sou District edTV  (http://www.dadeschools.net/tv).
• Lekòl yo kab ofri sipò pou sit pa yo. Paran yo dwe kontakte lekòl pitit yo pou yo konn ki opsyon lekòl la va mete a dispozisyon yo. Sizoka yon konpitè ta kraze oswa li pa ta mache, paran yo dwe kontakte lekòl pitit yo pou yo konn kouman pou yo jwenn yon lòt konpitè.