Yon fanmi divès chita alantou yon lekti tab.

Rido/stock.adobe.com

Elve Timoun Ki Renmen Divèsite

Yon Lespri Ouvè Komanse Nan Travay Paran Fè Lakay Yo
Yon Lespri Ouvè Komanse Nan Travay Paran Fè Lakay Yo 

Antan ke paran, nou konprann enpòtans pou nou elve pitit nou pou yo respekte tout moun, kelkeswa koulè po yo, kapasite fizik yo, oswa lang yo pale. Men aprann timoun divèsite pa yon bagay ki toujou fasil. Chak timoun diferan epi chak sitiyasyon prezante plizyè posibilite men si ou swiv kèk etap ou ka prepare timoun lan pou li gen tandans pou li ouvè lespri li sou lòt moun ak tout diferans ki fè chak moun inik. 

Ankouraje Kestyon
Eske pitit ou pa janm mande’w poukisa gen moun ki sanble yo diferan, oswa poukisa gen moun ki pale ak yon aksan, oswa poukisa yo selebre okazyon ke li pa selebre? Si pitit ou gen kestyon sou diferans fizik moun oswa diferans kilti, ou pa bezwen pale avèk li de sa, sa ap montre li ke li gendwa remake diferans sa yo e ki li gendwa pale de yo. 

“Timoun jodi’a pral gen entraksyon ak moun ki soti tout kote, ki gen lòt kilti, ki pa sanble yo ni aji menm jan avèk yo,” se sa sikològ nan Inivesite Texas, Rebecca Bigler di "Parents." “Si nou selebre divèsite, se pa tolere li sèlman, ki pi enpòtan nan chimen siksè yo.”

Bay Yon Bon Egzanp
Anpil nan nou kwè ke nou anbrase divèsite, men san nou pa konnen nou pa bay pitit nou menm mesaj la. Eske nou ri lè nou tande on blag sou on lòt ras? Eske nou akize prejidis lè nou wè li? Pa gen pi gwo aksyon ke egzanp nou bay timoun yo, sitou nan ka divèsite a. Lè timoun yo wè paran yo gen respè pou lòt kilti, oswa ki defann sa ki pa sa, tankou rasis oswa lè moun derespekte lòt moun poutèt kilti yo, timoun yo aji menm jan an. Si toutfwa nou ta bare pitit nou k’ap pale oswa jije moun ki divès mal, fòk nou korije yo touswit pou yo ka konprann pou yo trete tout moun byen paske tout moun egal.
 
Pa Anbeli Divèsite
Ekspè yo di ke youn nan pi gwo erè paran fè se lè yo panse ke timoun yo inyoran sou sijè ras la. “Nou toujou tande paran ap di: ‘O, pitit mwen pa menm ka wè koulè po,” se sa Doktè Bigler ap eksplike. “Men timoun yo wè.” Gen de fwa nou fè kèk refleksyon konsa paske sijè a gendwa sansib epi nou pa konfòtab pale sou sa, oswa nou panse ke si nou remake diferans yo ke sa vle di ke nou nan patipri. Verite a se ke gen moun tout koulè. Li pi enpòtan pou timoun yo aprann aksepte ak respekte lòt moun yo jan yo ye a pase pou yo nou fè kòmsi diferans yo pa egziste. 

An menm tan tou, li esansyèl pou nou aprann timoun yo pou yo onore idantite lòt moun yo san yo pa jije yo oswa diskrimine kont yo poutèt diferans. Li natirèl pou nou remake diferans ant moun, men lè paran yo ap fè move kòmantè sou diferans sa yo, timoun yo ap swiv egzanp sa yo epi yo pral devlope on patipri. 

Edike Tèt Nou Sou Lòt Kilti
Ke n’ap gade yon fim etranje oswa yon seri televizyon ki soti nan yon lòt zòn oswa on lòt peyi, ke n’ap eseye nouvo manje, oswa vizite nouvo kote (menm nouvo katye), oswa n’ap angaje nou nan nenpòt eksperyans plizyè kilti an fanmi, tout bagay sa yo se fason pou tout moun ka aprann yon jan ki amizan. Anpil kominote gen evenman gratis ke fèt nan legliz, sant kominotè, lekòl, ak latrye. Eksplore almanak evenman ki gen nan kominote pa ou kote ou pral jwenn evenman pou timoun yo tankou rasanble nan diferan relijyon, festival kiltirèl, ekspozisyon lòt peyi, elatrye. Yon bon fason pou ou konekte ak lòt paran ki ka pataje avèk ou kijan yo jere relasyon ak pitit yo se nan nouvo “Parent Club” (Klib Paran) The Children’s Trust la. Pou ou ka anrejistre, ale sou: www.TheChildrensTrust.org/ParentClub.

Yon lòt bon jan pou timoun yo ka byen anbrase idantite yo, epi tou pou yo konprann diferans ki genyen ant yo menm ak moun lòt ras, lòt strikti fanmi, lòt relijyon ak lòt kapasite fizik, se nan “Children’s books” (liv pou timoun yo). Ane sa, The Children’s Trust ap agrandi klib liv li ki rele “Read to Learn Book Club” pou tout timoun depi yo fèt pou jis senk (5) lane nan Konte Miami-Dade. Pwogram sa ki gratis voye yon liv chak mwa pou pitit ou nan lapòs. Ou ka anrejistre pou pwogram sa ak mesaj tèks, ekri “R-E-A-D” epi voye li nan 786.460.CLUB (2582).

Fè Eksplore Eritaj Pa Yo, Tou
Istwa fanmi ki pase de plizyè jenerasyon toujou gen gwo leson lavi ladan yo, ke se tradisyon oswa kiltirèl. Kibò zansèt pitit ou soti? Kisa yo te viv?

Sa pa ase pou nou eksplike jeneyaloji fanmi an si fanmi an sèlman, se pou nou eksplike yo kijan istwa fanmi yo se yon bagay ki enpòtan pou yo ka konprann divèsite pi byen toujou. Lè yon timoun byen konprann istwa fanmi yo, pi souvan, sa ede yo pou yo pi konfidan ak idantite yo, epi sa ede yo tou pou yo konprann ak respekte lòt kilti.