Komite a ap delivre sou pwomès la.

MIA Studio/stock.adobe.com

Ekite Rasyal ak Komite Jistis Sosyal Etabli Priyorite yo

Priyorite komite gwoup travay yo yo va pataje ak sektè konsène yo
Priyorite komite gwoup travay yo yo va pataje ak sektè konsène yo 

Kòm yon pakèt kote nan peyi a pran anba boulvès ak manifestasyon akòz poblèm rasyal ak poblèm sosyal ki te genyen pandan ete a epi ki kontinye jis jounen jodi a, Òganizasyon The Children’s Trust refize fè bak devan kesyon difisil moun ap soulve yo epi li chwazi abòde kesyon sa yo avèk espwa li va fè yon diferans anndan Òganizasyon an epi nan kominote a.

Depi lè aktivite yo te pi cho yo, Konsèy Administrasyon an te fòme yon Komite Espesyal sou Egalite Rasyal ak Jistis Sosyal ki te gen alatèt li Manm Komite Administrasyon an Tiombe Bisa Kendrick-Dunn. Komite a gen tan rankontre 5 fwa epi yo travay pou yo monte yon objektif ak yon vizyon, pou yo mobilize yon ekip moun, monte yon plan tout priyorite yo epi parèt ak mwayen pou yo kreye yon pwosesis ki va pèmèt yo mezire devlopman ak transparans.

Pandan reyinyon yo, manm konsèy administrasyon yo pale de pwòp esperyans pa yo nan jan yo fè fas ak sitiyasyon rasyal yon fason ki onèt e pafwa yon fason ki enkonfòtab. Nan dènye reyinyon komite ki fèt 16 septanm nan, komite a kòmanse travay preparasyon priyorite yo ansanm ak taktik pou asire travay yo fin fè a ale pi lwen pase faz teyori pou l antre nan faz pratik epi kote aksyon sa yo ap fè efè sou lavi moun toutbon.

O kòmansman, komite a mennen yon animatè ki rele Leigh-Ann Buchanan ki fondatè òganizasyon Venture Café Miami, pou li òganize reyinyon yo epi pou li fè travay gwoup yo abouti a kèk priyorite tout moun kapab wè se priyorite yo ye toutbon vre. Nan dènye reyinyon komite a, li prezante yon lis priyorite; pami yo nou jwenn:
•    Adopte yon apwòch Imilite kiltirèl
•    Sante total kapital timoun (mantal, emosyonèl, e fizik)
•    Egalite rasyal pou timoun epi pou tout fanmi
•    Egalite rasyal pou timoun nwa epi pou fanmi yo
•    Byennèt sosyal ak byennèt emosyonèl
•    Ranfòse divèsite, etnisite epi enklizyon (DEI ann angle)
•    Rezoud poblèm rasyal ak poblèm jistis ki nan sistèm peyi a
•    Pwopoze chanjman nan sistèm yo
•    Devlopman lidèchip pami jèn
•    Kontak ki pa ekilibre ant moun minorite ak lapolis
•    Posiblite pou moun jwenn opòtinite nan edikasyon

Sa ki te yon lòt rezilta enpòtan nan dènye reyinyon an se premye akò komite a adopte, sou ki platfòm yo dwe mete priyorite pa yo. Senk platfòm prensipal kote tout aplikasyon yo, pwosesis yo, pogram yo te devlope, pogram yo egzekite oswa yo akonpli se:
•    Lidè kominotè
•    Enfrastrikti ak kilti anndan The Children’s Trust
•    Founisè
•    Ekosistèm The Children’s Trust la (kominote, anndan òganizasyon an, founisè ak lòt sektè konsène)
•    Ekosistèm edikatif Kindègadenn a 12yèm ane.

Kounye a komite a pral an vakans pou plizyè mwa, pandan y ap pataje priyorite yo ak platfòm yo ansanm ak sektè konsène yo. “Objektif la se (pran) plis reyaksyon nan men gwoup sektè konsène yo, anvan nou redui lis la.” Sa se pawòl Buchanan. “(Annou) tande sa priyorite pa yo ye apre sa nou va gen yon pi bon anviwònman kote nou kab redui lis la ant 3 a 5 priyorite. ”

Kwak gen anpil travay ki merite fèt, manm konsèy administrasyon an aplodi efò ki gen tan fèt nan travay sou gwo koze sa a, ki difisil epi ki jeneral kon sa. “Nou fè travay sa a nan lespri bòn volonte epi avèk solidarite, epi nou toujou konsantre sou sa nou te kòmanse travay sou li a, egalite rasyal.” Se sa Pamela Hollingsworth Manm konsèy administrasyon an di.

James Haj, Prezidan Direktè Jeneral Trust la remèsye manm komite a pou tan yo, efò yo ak devouman yo paske yo te fè plis pase devwa nòmal yo pou yo abòde kesyon an. Haj di: “Pou nou jwenn yon konsèy administrasyon volontè ki sakriye tout tan yo kon sa met sou valtè tan yo pase nan divès reyinyon regilyè konsèy la, nou rekonesan anpil.” Li kontinye pou l di: “Nou pral pran tout sa komite a di yo, pou n al nan kominote a ansanm ak founisè yo epi n ap tounen vin rankontre ankò nan 2 mwa kon sa.”

Haj di y ap prezante travay komite a bay tout konsèy administrasyon an pandan yon retrèt y ap fè nan kòmansman 2021 an.

Stephanie Sylvestre ki Direktris Pwogram ak Direktris Enfòmasyon Trust la, se li ki te òganize yon bon valè nan chapant komite a epi nan travay komite a. Li di li potko janm wè sa, jan gwoup sa a te abode koze difisil tankou egalite rasyal la ouvèteman epi yon fason onèt kon sa. Sylvestre di: “Youn nan siy vrè lidèchip se lè w kab montre ou gen pwen fèb. Manm konsèy administrasyon yo te asepte montre pwen fèb pa yo, epi sa fè m santi se te yon onè pou mwen pou m te pran pa nan mouvman sa a.”

Donavan Lee-Sin ki Direktè Politik Piblik & Direktè Angajman Piblik dakò. Lee-Sin di: “Mwen te toujou fyè m ap travay nan Trust la. Sa se yon moman espesyal kouraj ak refleksyon ki pa janm chanje an fas difikilte ki kanpe devan non sèlman kominote nou an men devan yon bann lòt ankò nan tout peyi a. Nivo rekonesans mwen menm ak tout manm ekip la santi poutèt nou dakò fè travay sa a, yon fason ki mande refleksyon epi yon jan an piblik se yon moman estwòdinè pou nou tout temwen. Mwen rekonesan anpil pou sipò ekip sa a toujou ap bay la.”